Aller au contenu

Berto Dorcé

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Berto Dorcé
Fonksyon
Minister of Justice and Public Security
-
Rockfeller Vincent (d)
Biographie
Nesans
Non nesans
Berto DorcéGade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Fòmasyon
École Nationale de Thor (d)
Faculté de droit (en)
Université d'État d'Haïti Faculté de Droit et des Sciences Economiques (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Lòt enfòmasyon
Pati politik
Indépendant (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Distenksyon
Ministère de la Justice et de la Sécurité publique (en)
Fondation Justice pour Tous (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
Blazon

Berto Dorcé, ki fèt 28 desanm 1970 nan Komin Tomazo (Ayiti), yon pèsonalite politik ayisyen. Li se ansyen minis Jistis soti 25 novanm 2021 pou rive 11 novanm 2022. Li te konseye Laprezidans ak Sena peyi Ayiti. Epi li se yon avoka nan bawo Potoprens.[1]

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Mesye Berto Dorcé (Bèto Dòse), fèt 28 desanm 1970, nan Komin Tomazo, se yon ansyen Chèf nan Leta, minis jistis ak sekirite piblik peyi Ayiti, nan 25 novanm 2021 pou rive 11 novanm 2022. Li te konseye Sena Repiblik Dayiti sou Prezidan Jocelerme Privert (Joslèm Privè), li se yon avoka ayisyen ki ap milite. Li gen yon gwo karyè kòm jij. Li te jij nan Vil Miragwàn. Aprè de lane (2) yo te vin transfere li nan komin Gresye, nan avril 1997. Li se youn nan manm Kabinè avoka Guy César (Cabinet César/Fièvre). Nan lane 2004, mesye Berto Dorcé (Bèto Dòse), rive kreye jistis Eksèl (Justice Exel), ki se yon gwo Kabinè avoka an Ayiti ak plizyè lot kòlèg. Kat (4) ane apre, li kreye pwòp kabinè pa li ki se Dorcé et Associés.

Li se ansyen konseye Sena Repiblik Ayiti. Antanke Minis Jistis, li te arive mennen batay kont Pratik moun ki nan prizon san jile, kont kòripsyon ak gaspiyaj lajan nan trezò piblik. Nan mwa novanm 2022, kòm minis Jistis ak Sekirite Piblik, li te remèt demisyon li apre yo te pote kèk akizasyon sou li tankou kòripsyon.[2]

Berto Dorcé (Bèto Dòse), se pitit yon apantè tout moun konnen nan komin Miragwàn sou non Alphone Paul (Alfons Pòl), ak Cressance Dorcé (Kresans Dòse), yon Madan Sara Tomazo. Lavi a te difisil pou li lè li te piti. Li se pi piti nan yon fanmi sis (6) pitit sou bò manman. Li pote non manman li: Dorcé (Dòse). Berto (Bèto) gen sis (6) lòt frè ak sè sou bò papa. Li te pase tout anfans li ant komin Kafou ak Miragwàn, nan lokalite yo rele Dyable.

Nan lane 1980, sou peryòd diktati Divalye yo, Berto Dorcé te gen dizan (10 zan), se lè sa li resi ale lekòl. Li te nan École Nationale de Thor (Lekòl Nasyonal Tò), nan Kafou. Lè sa a, se gras avèk kado yo te konn distribiye li rive genyen materyèl founiti lekòl tankou : valiz, kaye ak plim ansyen premyè dam Michèle Bennett Duvalier (Michèl Benèt Divalye) te konn bay elèv lekòl piblik yo.[3]

Karyè pwofesyonèl

[modifye | modifye kòd]
Map of the Caribbean-Greater Antilles

Depi 1999, Mesye Berto Dorcé te koumanse travay avèk Justin Fièvre ak Guy César kòm estajyè, antanke avoka, kote li te vin responsab litij (2001-2002). Nan lane 2014, nan objektif pou li pote kontribisyon pa li nan sistèm lajistis ayisyen an, Mesye Berto Dorcé te mete sou pye "Justice Exel"(Jistis Eksèl), yon kabinè avoka avèk kèk kòlèg avoka parèy li. Te genyen : Justin Fièvre (Jisten Fyèv), Alen Giyom (Alain Guillaume), Fritz Frédérique (Frits Frederik), Fabris ak Frank Vaneyis (Fabrice ak Frank Venéus). Li mete tou, an 2008, yon kabinè avoka Dorcé et Associés ki ap sèvi popilasyon an jouk jounen jodi a. Mèt Dòse (Dorcé) te manm kabinè ansyen minis Jean Max Bellerive tou, an menm tan, li te avoka pou Sena Repiblik Dayiti (dat).

Pandan li te Minis Jistis, Mesye Dòse (Dorcé) fè kanpay kont "Koze moun ki ap Kwoupi nan prizon san pase devan jij (Détention préventive prolongée). Plis pase mil uisan (1,800) prizonye ki te nan prizon te rive jije epi libere. Li te pèmèt Leta ayisyen fè ekonomi apeprè desansenkant milyon (250.000.000) goud. Li te mennen batay tou kont kòripsyon, e li te rive bloke anviwon katsan (400) chèk zonbi Leta Ayisyen pat gen kontwòl[4]. Pandan ti bout tan li te nan tèt Ministè Jistis la, li onore plizyè anplwaye konsekan enstitisyon sa a. Nan gouvènay ministè a, li te fè prèv yon dirijan onèt ki kwè nan jistis epi ki envesti nan moun[5]. Nan dat 20 desanm 2022, Minis Bèto Dòse (Berto Dorcé) ta pral jwenn sanksyon peyi Etazini ak Kanada (Canada). Li te blije demisyone kòm minis Jistis nan Peyi Ayiti[6].

Minis Jistis

[modifye | modifye kòd]

Jedi 25 novanm 2021, Premye Minis Ariel Henry te fè pase men nan gouvènman an. Se lè sa li te pral mete, Mèt Bèto Dòse (Berto Dorcé) kòm nouvo Minis Jistis ak Sekirite Piblik. Sa ki te pouse li kite plizyè lòt travay li te genyen, egzanp: direktè kabinè li a Mesye.... ki te enstale nouvo Gad Fok la, nan plas Premye Minis la jan lalwa preske li ai[7]. Plizyè pèsonalite te asiste seremoni an tankou Direktè Jeneral Lekòl Magistrati a, Dwayen TPI Pòtoprens, Komisè Gouvènman TPI (Tribinal Premye Enstans) Pòtoprens, Direktè Jeneral pwoviswa (Ad interim, a.i) Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Sekretè Jeneral Federasyon Bawo ayisyen an ak reprezantan asosyasyon majistra yo. Lè li te pran fonksyon an, nouvo Minis Jistis ak Sekirite Piblik la pwomèt yon bon fonksyoneman sistèm jitis ayisyen an, paske li te konstate sistèm nan andomaje akoz koripsyon ak vyolasyon manman lwa yo. Li te lonje dwèt sou pwoblèm Moun ki nan prison epi ki pat janm pase devan jij(Detention préventive prolongée), nan moman enstalasyon li a[8].

Rankont Nikaragwa avek FATF ki menase Ayiti ak gwo sanksyon

[modifye | modifye kòd]

Nan dat 7 septanm 2022, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Avoka Bèto Dòse (Berto Dorcé), te deplase avèk yon delegasyon ayisyen , ki gen ladann reprezantan Bank Repiblik Ayiti (BRH) ak Santral Entèlijans Finans la. Unit (UCREF), te ale nan peyi Nikaragwa pou rankontre Gwoup Travay Aksyon Finans (GAFI)[9].

Reyinyon sa a se te diskite sou enkyetid FATF te genyen konsènan Ayiti ak menas sanksyon ki ta ka retire peyi Ayiti nan sistèm finans entènasyonal la, ki te ap fè yo sispann fè transfè lajan tout kote nan monn lan vin an Ayiti. FATF te ap kritike Ayiti depi lontan pou baryè lib li ap bay nan koze krim finans ak ris.

Objektif misyon sa a, se te rewè lwa ayisyen yo nan koze krim finans, konfòme yo ak estanda entènasyonal la pou evaliyasyon ris, epi asire Ayiti ap respekte angajman entènasyonal li yo. Li te enpòtan anpil pou otorite ayisyen yo konvenk FATF pou li pran mezi gwo penyèt pou konbat krim finans yo epi anpeche yo anvan mwa dawout 2023, se sa akò ak atant FATF yo te ye[10].

Dapre ekonomis Eddy Labossière, nan yon atik li te pibliye 31 dawout 2022, nan jounal Alterpresse, FATF te plis mete aksan sou transfè lajan san jistifikasyon ki ap soti nan men politisyen ak gwo palto ayisyen yo nan koze lajan yo ak bank etranje yo, san yo pa te kapab trase tranzaksyon sa yo.

Apre sa a, sistèm jistis ayisyen an pa lage chalbare dèyè moun men yon transe nan blanchi lajan ak trafik zam. Daprè ekonomis la, si yo pa te pran gwo mezi pou kontrekare sa, sa te ka rive , FATF retire Ayiti nan sistèm finans entènasyonal la, sa ki t ap fè yo kanpe tout transfè lajan nan peyi a. Mesye Bèto Dòse ( Berto Dorcé) te jwe yon yon wòl nan negosyasyon sa yoantan Minis Jistis ak chèf delegasyon ayisyen an ki te ale nan Nikaragwa pou rankontre Gwoup Aksyon Finansye (GAFI). Otorite li ak angajman li te peze lou nan reprezante Ayiti yon fason efikas. Minis Bèto Dòse (Berto Dorcè) te vwa Ayiti nan diskisyon sa yo. Li te responsab pou li te prezante pozisyon gouvènman ayisyen an, defann aksyon peyi a te pran pou respekte estanda entènasyonal sou krim finans, epi li te negosye sou kèk mezi pou yo pa mete Ayiti sou gwo sanksyon [11].

Eskandal koripsyon ak kèk akizasyon

[modifye | modifye kòd]

Gen yon latriye eskandal ak akizasyon nan laprès ki mansyone kèk ofisyèl ak pèsonalite ki gen gwo fonksyon anndan peyi ak kèk dirijan legliz Episkopal ki ap benyen nan gwo koze koripsyon an Ayiti, gouvènman defakto Premye Minis Ariel Henry pa fè eksepsyon. Eskandal ak akizasyon ki pi resan yo se enpòtasyon zam afè ki enplike gwo lidè Legliz Episkopal yo, ak kèk gwo ofisyèl nan leta yo akize de trafik ak enpòte zam ilegal nan peyi Dayiti. Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ), yon òganizasyon pou prevansyon ak represyon ofans kriminèl ak oksilyè dirèk nan Polis Nasyonal la, pibliye, nan dat 1e out 2022, yon rapò sou yon chajman zam ak minisyon sezi nan ladwàn Pòdpè, Vandredi 1e jiyè 2022. Rapò a konte : 120,000 katouch, distribye nan 157 bwat ki totalize 120,000 katouch, 2000 nan kalib 9 mm; 4000 nan kalib 7.62; 114,000 kalib 5.56 yo te estoke sou tablo Miss Lilie. Gen kèk rapò ki mansyone zam ak lajan goud konfiske ak dola ameriken pa te nan bato a. Dapre temwayaj Julie Prédelus Georges, madanm mèt bato a, Jonas Georges. Men yon lòt bò nan rezidans yon sèten Eddy Lafrance.[2]

Malgre anpil rimè ak yon elatriye eskandal, non ansyen Minis Jistis ak sekirite pilik la , Mesye Berto Dorcé, pa t site nan rapò 18 paj Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) pibliye a. Anplis de sa, 2 ofisyèl nan Ministè Jistis ak Sekirite Piblik, mansyone nan rapò a, te arete pou trafik ilegal zam ak minisyon, trafik enfliyans, zak sispèk, koripsyon, konfiskasyon ak konplo kriminèl. , nan detriman Leta Ayisyen. Ak sosyete . Avoka Robinson Pierre Louis, sekretè bawo Pòtoprens, ki te travay nan moman sa a ak Me Michelet Virgile, konseye Minis Jistis la ak ansyen komisè gouvènman Pòdepè. Misye akize tou nan zak koripsyon, yon dosye nan laprès ki peze lou sou li. Ansyen Minis Dorcé ki se avoka Reginald Marc Jean Vorbes, papa Dimitri Vorbes, chèf konpayi Sogener, akize tou de koripsyon[12].

Mèt Berto Dorcé, ansyen minis Jistis sou Ariel Henry ki te gen non l site nan kad kagezon zam ki te debake Pòdepè a, jij Walther Wesser Voltaire di li pa gen soupson sou li. Kanta Robinson Pierre-Louis, Sekretè Jeneral bawo Pòtoprens ak mèt Michelet Virgil, chèf Pakè Pòdepè prale devan tribinal koreksyonèl pandan gen 5 lòt moun non yo pa site ki dwe ale devan tribinal kriminèl[13].

Pozisyon

[modifye | modifye kòd]

Mèt Berto Dorcé di piblikman sanksyon Kanada pran kont li yo, li konsidrere yo kòm yon desizyon politik. Dapre jounal Sattelite509, ansyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mesye Berto Dorcé fè konnen li pa enkyete, paske mezi sa yo pran sou baz enfòmasyon ki pa kòrèk. Kòm li se yon moun ki maton nan koze lalwa, li rete kèkal. Pandan li espere yon jou gen plis limyè fèt sou dosye sa, kote gouvènman an nan Ottawa ap wè aklè li te twonpe nan pran sanksyon yo kont li. Pandan tan sa a, ansyen minis Berto Dorcé fè konprann sanksyon sa yo fè li mal epi li regrète ke yo anpeche li kontinye vizite doktè li pou yon maladi li soufri li pat janm devwale.[14]

Rekonpans

[modifye | modifye kòd]
Onè ak merit pou Mèt Berto Dorcé
  • 11 out 2022 nan Pòtoprens, avoka Berto Dorcé, ansyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) resevwa yon plak onè ak lomeyans pou bon sans ak vizyon li, paske li te dakò kòmanse mete sou pye Sant Jistis espesyal an Ayiti nan kad Fowòm Entènasyonal la ak felisitasyon RENAMAH.
Onè ak merit pou Mèt Berto Dorcé
  • 19 me 2022, FONDASYON JISTIS POU TOUT MOUN (FONJUST) bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), mesye Berto Dorcé, yon plak onè ak lomeyans pou dinamis li, devouman li, antouzyas li ak lidèchip li nan tèt Ministè sa a.

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Smith, Jacob (2021-11-29). « Berto Dorcé sworn in as Haiti's new Justice Minister - Writeups 24 » (in anglais). Retrieved 2023-11-15. 
  2. 2,0 et 2,1 Lambert, Ricardo (2022-11-12). « Berto Dorcé et Liszt Quitel révoqués du gouvernement - Juno7 » (in français). Retrieved 2023-11-15. 
  3. (franse) fr « OIM: Ecole Nationale de Thor auditorium inaugurated ». Le Nouvelliste. Retrieved 2023-11-15. 
  4. « Haïti : Me Berto DORCÉ part en guerre contre la détention préventive prolongée - La Brève Info » (in anglais). 2022-01-22. Retrieved 2023-11-15. 
  5. « Haïti : Une délégation gouvernementale à Nicaragua pour convaincre le GAFI qui menace Haïti de lourdes sanctions » (in anglais). Retrieved 2023-11-15. 
  6. « Les anciens ministres Liszt Quitel et Berto Dorcé sanctionnés par le Canada pour corruption . Le Nouvelliste » (in anglais). Retrieved 2023-11-15. 
  7. VBI (2022-04-06). « Haïti-Coopération: Le vice-ministre des relations extérieures colombien rend visite au premier ministre Ariel Henry ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2023-11-15. 
  8. « La DCPJ et le pouvoir de convocation - Que dit la Loi ? - Latest News, Breaking News, National News, World News, Haiti News - Journal Haiti Progres » (in anglais). 2021-03-05. Retrieved 2023-11-16. 
  9. « Une délégation haïtienne rencontre les responsables du GAFI au Nicaragua » (in anglais). 2015-09-23. Retrieved 2023-11-16. 
  10. Jean, shelovenie (2022-09-09). « Séance de travail à Managua entre GAFI et une délégation gouvernementale présidée par Berto Dorcé » (in français). Archived from the original on 2023-11-03. Retrieved 2023-11-16. 
  11. VBI (2022-04-06). « Haïti-Coopération: Le vice-ministre des relations extérieures colombien rend visite au premier ministre Ariel Henry ». Vant Bèf Info (VBI) (in français). Retrieved 2023-11-16. 
  12. Joseph, Murdith (2022-12-21). « Two ex-government officials in Haiti sanctioned again over gang ties » (in anglais). Retrieved 2023-11-16. 
  13. « . ». 
  14. Satellite 509 (2023-01-18). « Haïti : Berto Dorcé considère les sanctions canadiennes à son encontre comme une décision politique - SATELLITE509 » (in français). Retrieved 2023-11-16. 

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]