Antoine Dupré

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Antoine Dupré
Image illustrative de l’article Antoine Dupré
Fonksyon powèt, ekriven pyès teyat
Nesans
Kap Ayisyen
Lanmò
Ayiti
Nasyonalite ayisyen
Domèn pwezi, teyat

Antoine Dupré, ki fèt nan lane 1782 nan Kap Ayisyen (Ayiti) epi ki mouri 13 janvye 1816, se yon powèt ak yon ekriven ayisyen. Yo te konsidere li tankou pyonye literati Ayisyen an , li te yon powèt dramatij[1].

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Li fèt nan lane 1782. Nou pa konn dat nesans li men li mouri nan lane 1816. Nou pa konn anpil bagay sou lavi li. Li pwobab ke menm jan ak lòt ekriven jenerasyon li (pyonye yo) ke li te etidye nan Frans. Nan lane 1810, yo wè li nan Mole Saint-Nicolas avèk Hérard Dumesle, epi aprè sa a yo wè li nan Pòtoprens lè Cristophe tap kòmande vil la, Dupré te nan premye ranje, li tap ankouraje jèn yo avèk chan patriyotik.

Li te youn nan powèt yo te pibliye premye ak youn nan premye ekriven pyès teyat yo te fè aprè endepandans Ayiti. Li selèb pou zèv istorik, kòm powèm Hymne à la Liberté ak Le Rêve d'un Haytien, ak pyès teyat La Mort du Général Lamarre e La Jeune Fille.

Dupré mouri nan yon dyèl nan laj 34 ane.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

  • 1812 : Un hymne à la liberté[2] (oubyen Dernier soupir de l'Haitien), powèm
  • La jeune fille, pyès teyat
  • Le miroir
  • La mort du général Lamarre (dram), pyès teyat
  • Le rêve d'un Haytien, powèm
  • Vers pour être gravés au bas d'un buste de Pétion

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]

  • Antoine Dupré sou haiti-reference.com
  • Schutt-Ainé, Patricia (1994). Haiti: A Basic Reference Book. Miami, Florida: Librairie Au Service de la Culture. pp. 88–89. ISBN 0-9638599-0-0.