Aller au contenu

Ansky Hillaire

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ansky Hillaire
Nesans (30 ane)
Leyogàn
Nasyonalite Ayiti
Peyi nesans Ayiti
Aktivite prensipal
Ekriven, powèt, editè, jounalis, jiris ak anseyan
Otè
Lang ekriti Fransè, Kreyòl ayisyen
Jan
Pwezi, woman

Ansky Hilaire fèt yon 22 jiyè nan lane 1995 nan Leyogàn depatman lwès (Ayiti). Li se yon ekriven ayisyen. Zèv li yo reflete reyalite sosyal ak kiltirèl sosyete nou an .

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Jènès ak fòmasyon

[modifye | modifye kòd]

Ansky Hilaire fèt nan Leyogàn, yon vil ki nan depatman Lwès. Li dekouvri pasyon li pou ekriti ak pwezi depi li timoun. Se Aprè etid segondè li, li antre nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta (UEH).

Aktivite prensipal

[modifye | modifye kòd]

Li se ekriven, powèt , editè, jiris, anseyan. Hilaire pibliye plizyè koleksyon pwezi ak woman sa ki patisipe nan bati karyè l nan domèn literati a. Anplis tou, ki bali yon lejitimite e pèmèt moun rive konnen li nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Estil ekriti li make pa entwospeksyon e satirik. Enjistis sosyal se youn nan tèm moun jwenn plis lakay li atravè zèv ekriti li yo. Apre 4 ane absans, ebyen nan dat ki te 20 oktòb 2025 lan, li retounen ak yon nouvo koleksyon rekèy pwezi ki gen tit: "Je t’écris sur la crête de mon vertige " ki eksplore enteryè, lanmou ak solitid atravè metafò vètij ak sezon, melanje detrès ak dezòd powetik.

Resepsyon kritik

[modifye | modifye kòd]

Zèv li yo patisipe nan evolisyon literati kontanporen an, e ki charye anpil pwopozisyon kreyatif. Tèks li yo mete aksan sou pouvwa li nan ekri ak angajman li nan kòz sosyal. Li souvan envite nan salon literè yo ak emisyon radyo pou pale de travay li ak inspirasyon li yo.

Angajman

[modifye | modifye kòd]

Ansky Hilaire se jèn ki trè angaje, yo konnen li plis akoz enplikasyon li nan inisyativ kiltirèl ki vize pou pwomote literati ak kilti ayisyen an. Li menm lanse yon mak ki rele ZANDO ki konbine pwezi ak mòd. Li patisipe anpil nan evènman literè ak kiltirèl.

Prim ak distenksyon

[modifye | modifye kòd]
  • Palmes Magazine Pri Literati 2020: Gayan
  • Pri René Depeste 2024: Chwazi [1]
  • Pri Jean Metellus 2024: Chwazi [2]
  • Kan n ale, koleksyon powèm kolektif, atelye PIKLIZ, 2018
  • Lakou Zando (2020) [3] , [4] , [5]
  • Les Fêlures ak senk lòt powèm (2022) [6] , [7]
  • Je t’écris sur la crête de mon vertige (2025)
  • The Convergence of Love, roman, ki te pibliye pwòp tèt ou, 2018
  • The Condemned (2021) [8] , [9]

Referans

[modifye | modifye kòd]