Aller au contenu

Maladi viris Ebola

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Vèsyon nan dat 30 septanm 2022 à 05:16 InternetArchiveBot (diskisyon | kontribisyon) (Rescuing 2 sources and tagging 0 as dead.) #IABot (v2.0.9.2)
(dif) ← Vèsyon presedan | Vèsyon kounye a (dif) | Vèsyon swivan → (dif)
Maladi viris Ebola
Classification and external resources
1976 foto de enfimyè ki kanpe devan Mayinga N., yon moun ki gen maladi viris Ebola a; li te mouri sèlman kèk jou apre paske li te fè gwo emoraji anndan li.
1976 foto de enfimyè ki kanpe devan Mayinga N., yon moun ki gen maladi viris Ebola a; li te mouri sèlman kèk jou apre paske li te fè gwo emoraji anndan li.
1976 foto de enfimyè ki kanpe devan Mayinga N., yon moun ki gen maladi viris Ebola a; li te mouri sèlman kèk jou apre paske li te fè gwo emoraji anndan li.
ICD/CIM-10A98.4 A98.4
ICD/CIM-9065.8 065.8
DiseasesDB18043
MedlinePlus001339

Maladi viris Ebola (MVE) ou Fyèv emoraji Ebola (FEE) se yon maladi moun pran ak viris Ebola a. Jeneralman sentòm yo kòmanse de (2) jou a twa (3) semèn aprè moun nan pran viris la, ak yon lafyèv, gòj fè mal, doulè miskilè, ak tèt fè mal. Jeneralman noze, vomisman, ak dyare vini aprè, epi fonksyònman fwa ak ren yo vin ap dejenere. Nan pwen sa a, kèk moun kòmanse apsenyenanpil.[1]

Kòz ak Dyagnostik

[modifye | modifye kòd]

Moun ka pran viris sa a lè yo touche san oswa dlo ki soti nan kò yon bèt ki enfekte (sitou makak oswa chòvsourit).[1] Poko gen ka yo twouve li simaye nan lè anviwònman natirèl la.[2] Nou kwè chòvsouri yo pote ak simaye viris la san yo menm yo pa enfekte. Kou yon moun pran enfeksyon an, yo ka bay lòt moun maladi a tou. Gason ki pran maladi a epi yo vin refè ka bay maladi a atravè espèm yo prèske de (2) mwa aprè. Pou detekte si yon moun gen maladi a, premyèman yo fè tès pou elimine maladi ki gen menm kalite sentòm yo tankou malarya, kolera ak lòt fyèv emoraji viral avan. Pou konfime yon moun gen maladi a yo teste echantiyon san li pou antikò viral, ARN viral, oswa maladi a li menm.[1]

Prevansyon

[modifye | modifye kòd]

Prevansyon gen ladan bese kantite fwa makak ak kochon ki enfekte simaye maladi a bay moun. Pou fè sa yo kapab teste bèt sa yo pou enfeksyon an epi tiye ak tere yo yon fason ki apwopriye si yo dekouvri maladi a. Li kapab ede tou lè nou kwit vyann byen oswa mete rad ki pwoteje nou lè nou manyen vyann, menm jan li bon pou nou mete rad ki pwoteje nou ak lave men nou lè nou kote moun ki gen maladi a. Moun k ap trete echantiyon ki gen likid ak chè moun ki gen maladi a dwe pran anpil prekosyon.[1]

Tretman, Pwognostik ak Epidemyoloji

[modifye | modifye kòd]

Pa gen okenn tretman an patikilye pou maladi a; efò pou ede moun ki gen enfeksyon an gen ladan swa bay moun nan terapi oral reyidrasyon (dlo ki yon ti jan dous ak sale li bwè) oswa sewòm.[1] To mòtalite maladi a wo anpil: souvan li tiye ant 50% a 90% moun ki enfekte ak viris la.[1][3] Premye fwa yo te idantifye MVE sete Soudan ak Repiblik Demokratik Kongo. Jeneralman maladi a deklannche nan Lafrik Sib-Saryèn.[1] Depi 1976 (lè yo te idantifye li pou premyè fwa) jiska 2013, pi piti pase 1,000 moun te konn enfekte pa ane.[1],[4] Jiska jounen jodiya a pi gwo deklanchman ki janm genyen se deklanchman Ebola nan Afrik de Lwès 2014 ki kontinye ap touye moun nan moman sa a, epi li afekte Gine, Syera Leyonn, Liberya epi pwobableman Nijerya[5],[6] Depi out 2014 te gen plis pase 1600 ka yo idantifye.[7] Y ap fè anpil efò pou devlope yon vaksen; men, poko gen youn ki egziste.[1]

Referans

[modifye | modifye kòd]

Bibliyografi

[modifye | modifye kòd]

Lòt lyen

[modifye | modifye kòd]