Josaphat-Robert Large
| Josaphat-Robert Large |
| [[Fichye: |thumb|center|Josaphat-Robert Large]] |
| Fonksyon:ekriven |
| Eta sivil |
|---|
| Dat nesans:15 novanm 1942 |
| Lye nesans:Jeremi |
| Peyi nesans:Ayiti |
| Nasyonalite : Ayisyen-Ameriken |
| Zèv enpòtan: Nerfs du vent, (edisyon P-J.Oswald), Rete! kote Lamèsi (Près nasyonal Ayiti), Les Terres entourées de larmes (l'Harmattan), Partir sur un coursier de nuages, (l'Harmattan). |
| Kèk not Se nan Nou Yòk Large kòmanse fè teyat, avèk Syto Cave, Hervé Denis, George Castera, Jacques Charlier ak Jean-Marie Roumer. Ansanm, yo mete sou pye Twoup Teyat Kouidor. |
|
Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi |
Josaphat-Robert Large se yon ekriven Ayisyen. Li se yon aktè tou: Teyat ak sinema.
Kontni |
Biyografi [edite]
Josaphat-Robert Large fèt Jeremi 15 novanm 1942. Li fè klas primè li yo lakay Frères de l'Instruction chrétienne ak nan Petit Séminaire Collège St-Martial. Li fè klas segondè nan Collège St-Louis, nan Collège Fernand Prosper ak nan Lycée Nord Alexis.
Apre yon kout prizon nan epòk grèv etidyan kòmansman ane 1960 yo, Large pati pou Nou Yòk. Rive nan peyi Etazini, li aprann angle nan Colombia University epi li etidye fotografi nan Nou Yòk Institute of Photography. Se nan Nou Yòk Large kòmanse fè teyat, avèk Syto Cave, Hervé Denis, Georges Castera, Jacques Charlier epi Jean-Marie Roumer. Ansanm, yo te mete sou pye Twoup Teyat Kouidor. Twoup teyat sa a te patisipe pandan dis lane nan Festival teyat Matinik gran powèt Aimé Césaire te mete sou pye an 1978. Twoup la te bay pèfòmans an Frans, Kanada ak Etazini tou. An 1975, Large pibliye premye liv li Nerfs du vent, ak yon prefas Gerard Campfort, kay edisyon P-J.Oswald, nan peyi Frans. An menm tan, otè a te bay kolaborasyon li nan divès jounal ak revi ayisyen tankou : Haïti-Progrès, Haïti-En-Marche, Lakansyèl, Ayiti-Limyè, le Nouvelliste, Lire-Haïti. Ou jwenn plim Josaphat-Robert Large nan revi etranje tou : Dossier d'Aquitaine ak Ralm (an Frans), Mute Magazine (an angletè), Point-Barre (île Maurice), Moebus (Kanada), Collision 3 ak Cahiers-Kouidor (Etazini). Nan ane 2003, woman J-R Large ki rele Les terres entourées de larmes la (l'Harmattan 2002), te genyen Prix littéraire des Caraïbes.
Large te fè pati Sosyete Koukouy nan Florid, yon gwoup atis ayisyen ki gen branch nan divès peyi: (Ayiti, Kanada, Etazini) epi ki ap asire pwomosyon kilti ayisyènn an, san gade dèyè. Large se manm òganizasyon nan peyi etranje tou : Société des gens de lettres ak Association des Ecrivains de langue française (an Frans) epi Pen Club International (Etazini). Josaphat-Robert Large pran retrèt li depi lane 2001. Depi lè sa a, li pase pi fò tan li nan alevini ant peyi Etazini ak Ayiti.
Zèv li yo [edite]
Woman an franse [edite]
- 2002 : Les terres entourées de larmes (l'Harmattan, Pari 2002)
- 1995 : Les récoltes de la folie,ed. l'Harmattan, Pari, 1995
- 1990 : Les sentiers de l'enfer ed. l'Harmattan, Pari, 1990
- 2008 : Partir sur un coursier de nuages ed. l'Harmattan, Pari, 2008
Woman an kreyòl [edite]
Pwezi an franse [edite]
Pwezi an kreyòl [edite]
Pwezi an angle [edite]
- 2006 : Keep On Keepin' On, tradiksyon Jack Hirchsman, ed. IUniverse, Nouyòk, 2006
Lòt atik [edite]
- Jacques Roumain nan tablo yon atispent. Mon Roumain à moi. Pòtoprens : Presses Nationales d'Haïti, 2007: 25-27.
- Le passé dans l'agenda d'une pute (Istwa). Une journée haïtienne, textes réunis par Thomas C. Spear. Monreyal: Mémoire d'encrier / Pari: Présence africaine, 2007: 199-206.
- La littérature antillaise, une entreprise qui prend du fil, Haiti-en-Marche, septanm 1990: 11.
- Pòtoprens, vil kalfou/vil paswa, Lire haïti, vol1 #1, Septanm- desanm 2000.
- Caracolie: Quartier d'un tableau de Préfète Duffaut, Haïti par Monts et par Mots, Edisyon Étonnants voyageurs, Ayiti, Avril 2009
Liv ak atik sou otè a [edite]
Liv [edite]
- 2009 : Josaphat-Robert Large, la fragmentation de l'être, sou direksyon Frantz-Antoine Leconte, Ed. l'Harmattan, Pari, mwa
Videyo [edite]
- Bèl Fanm Mwen an (Yon powèm an kreyòl otè a di)[1]
Kèk Atik [edite]
- Frantz-Antoine Leconte: Sur les traces de Josaphat-Robert Large, Ak Kolòk Fordham University, Mas 2006
- Hugues St-Fort: Histoire et Discours dans les Terres entourées de l'armes, Ak Kolòk Fordham University, Mas 2006
- Anjanir Ghaminêl: La mise en abyme dans les Sentiers de l'Enfer, Ak kolòk Fordham University, Mas 2006
- Robinson Bernard: Un Roman ardent et lumineux, Le Nouvelliste, mwa dawout 2008
- Lyonel Trouillot: Lamèsi entre rêve et réalité: Le matin, 22-29 desanm 2008
- Jean-Claude Charles: Un vrai écrivain dans la fausse maison de Mikey Mouse, jounal Haïti-en-Marche #13, 1986
|
| Dr.Jean-Robert Leonidas[1] |
Referans [edite]
- ↑ Nòt kritik sou Rete kote Lamèsi
Otè: Dr. Jean-Robert Léonidas
Sou Sit Ofisyèl J-R Large, paj: Liv kreyòl
Rekonpans ak rekonesans nan literati [edite]
- 2002 :Finalis Prix du Livre insulaire d'Ouessant (seksyon woman)
- 2003 :Prix littéraire des Caraïbes pou Les terres entourées de larmes (l'Harmattan 2002)
- 2004 :Seleksyon nan Haiti Grand Literary Prize (Nan Miami International Book Fair)
- 2008 :Seleksyon nan Prix Carbet 2008 ak Partir sur un coursier de nuages (l'Harmattan 2008)
Lyen [edite]
- Paj wèb ofisyèl
- [2] Dosye nan ile-en-ile]
- [3] Nan Dosye Etonnants-Voyageurs
Sous [edite]
- Open Gate, An anthology of Haitian Creole Poetry,[4] by Paul Laraque and Jack Hirschman, Curbstone Press, Willimantic, Connecticut, 2001. Antoloji Kritik.
- Anthologie de la poésie haïtienne contemporaine, R. Philoctête, CIDHICA, Monreyal, 2000
- Anthologie de la littérature haïtienne, Castera, Pierre, St-Eloi, Trouillot, Mémoire d'encrier, [5] Monreyal, 2003. Kritik Literè Monreyal, 2003
- Figures d'Haïti, 35 poètes pour notre temps, Jacques Rancourt, le temps des cerises,[6] Pari, 2005. Esè
- Pawòl kreyòl, literati ayisyèn ekspresyon kreyòl, Charles Christophe. Pòtoprens: Éditions Choucoune, 2000: 244.Esè
- Randevou, Antoloji kreyòl. Claude Pierre, Pòtoprens: Edisyon Pleine Plage, 1999: 62-63. Esè
- Josaphat-Robert Large, la Fragmentation de l'être,,[7] l'Harmattan, Pari, fevriye 2009. Esè
- Haïti par Monts et par Mots, Edisyon Étonnants voyageurs, Ayiti, avril, 2009. Esè