Josaphat-Robert Large

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Josaphat-Robert Large
Image illustrative de l’article Josaphat-Robert Large
Fonksyon ekriven, powèt
Nesans
Jeremi
Lanmò (ak 74 ane)
Nasyonalite Ayisyen-Ameriken
Konpleman
Remak Se nan Nou Yòk Large kòmanse fè teyat, avèk Syto Cave, Hervé Denis, George Castera, Jacques Charlier ak Jean-Marie Roumer. Ansanm, yo mete sou pye Twoup Teyat Kouidor.

Josaphat-Robert Large (ki fèt 15 novanm 1942, ki mouri 28 oktòb 2017) se yon ekriven ayisyen. Li se yon powèt tou : Teyat ak sinema.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Josaphat-Robert Large fèt nan Jeremi 15 novanm 1942. Li fè klas primè li yo lakay "Frères de l'Instruction chrétienne" ak nan "Petit Séminaire Collège St-Martial'". Li fè klas segondè nan "Collège St-Louis", nan "Collège Fernand Prosper" ak nan "Lycée Nord Alexis".
Apre yon kout prizon nan epòk grèv etidyan kòmansman ane 1960 yo, Large pati pou Nou Yòk.

Rive nan peyi Etazini, li aprann angle nan Colombia University epi li etidye fotografi nan Nou Yòk Institute of Photography. Se nan Nou Yòk Large kòmanse fè teyat, avèk Syto Cave, Hervé Denis, Georges Castera, Jacques Charlier epi Jean-Marie Roumer. Ansanm, yo te mete sou pye Twoup Teyat Kouidor. Twoup teyat sa a te patisipe pandan dis lane nan Festival teyat Matinik gran powèt Aimé Césaire te mete sou pye an 1978. Twoup la te bay pèfòmans an Frans, Kanada ak Etazini tou. An 1975, Large pibliye premye liv li Nerfs du vent, ak yon prefas Gerard Campfort, kay edisyon P-J.Oswald, nan peyi Frans. An menm tan, otè a te bay kolaborasyon li nan divès jounal ak revi ayisyen tankou : Haïti-Progrès, Haïti-En-Marche, Lakansyèl, Ayiti-Limyè, le Nouvelliste, Lire-Haïti. Ou jwenn plim Josaphat-Robert Large nan revi etranje tou : Dossier d'Aquitaine ak Ralm (an Frans), Mute Magazine (an angletè), Point-Barre (île Maurice), Moebus (Kanada), Collision 3 ak Cahiers-Kouidor (Etazini). Nan ane 2003, woman J-R Large ki rele Les terres entourées de larmes la (l'Harmattan 2002), te genyen Pri literè Karayib.

Large te fè pati Sosyete Koukouy nan Florid, yon gwoup atis ayisyen ki gen branch nan divès peyi: (Ayiti, Kanada, Etazini) epi ki ap asire pwomosyon kilti ayisyènn an, san gade dèyè. Large se manm òganizasyon nan peyi etranje tou : Société des gens de lettres ak Association des Ecrivains de langue française (an Frans) epi Pen Club International (Etazini). Josaphat-Robert Large pran retrèt li depi lane 2001. Depi lè sa a, li pase pi fò tan li nan alevini ant peyi Etazini ak Ayiti.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

Woman an franse[modifye | modifye kòd]

  • 1990 : Les sentiers de l'enfer, Edisyon L'Harmattan, Pari
  • 1995 : Les récoltes de la folie, Edisyon L'Harmattan, Pari
  • 2002 : Les terres entourées de larmes, Edisyon L'Harmattan, Pari
  • 2008 : Partir sur un coursier de nuages, Edisyon L'Harmattan, Pari

Woman an kreyòl[modifye | modifye kòd]

  • 2008 : Rete! Kote Lamèsi, edisyon Presses nationales d'Haïti, Pòtoprens

Pwezi an franse[modifye | modifye kòd]

  • 1989 : Chute de Mots, edisyon St-G-des-Prés, Pari
  • 1975 : Nerfs du vent, kay edisyon P-J.Oswald

Pwezi an kreyòl[modifye | modifye kòd]

  • 1994 : Pè Sèt !, edisyon Mapou, Miami reedisyon 1996

Pwezi an angle[modifye | modifye kòd]

Lòt atik[modifye | modifye kòd]

  • Jacques Roumain nan tablo yon atispent. Mon Roumain à moi. Pòtoprens : Presses Nationales d'Haïti, 2007: 25-27.
  • Le passé dans l'agenda d'une pute (Istwa). Une journée haïtienne, textes réunis par Thomas C. Spear. Monreyal: Mémoire d'encrier / Pari: Présence africaine, 2007: 199-206.
  • La littérature antillaise, une entreprise qui prend du fil, Haiti-en-Marche, septanm 1990: 11.
  • Pòtoprens, vil kalfou/vil paswa, Lire haïti, vol1 #1, Septanm- desanm 2000.
  • Caracolie: Quartier d'un tableau de Préfète Duffaut, Haïti par Monts et par Mots, Edisyon Étonnants voyageurs, Ayiti, avril 2009

Liv ak atik sou otè a[modifye | modifye kòd]

Liv[modifye | modifye kòd]

  • 2009 : Josaphat-Robert Large, la fragmentation de l'être, sou direksyon Frantz-Antoine Leconte, Ed. l'Harmattan, Pari, mwa

janvye 2009.

Videyo[modifye | modifye kòd]

  • Bèl Fanm Mwen an (Yon powèm an kreyòl otè a di)[1]

Kèk Atik[modifye | modifye kòd]

Rekonpans ak rekonesans nan literati[modifye | modifye kòd]

  • 2002 :Finalis Prix du Livre insulaire d'Ouessant (seksyon woman)
  • 2003 :Prix littéraire des Caraïbes pou Les terres entourées de larmes (l'Harmattan 2002)
  • 2004 :Seleksyon nan Haiti Grand Literary Prize (Nan Miami International Book Fair)
  • 2008 :Seleksyon nan Prix Carbet 2008 ak Partir sur un coursier de nuages (l'Harmattan 2008)

Sous[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]

Wikimedia Commons genyen dokiman medya, imaj, video sou :