Yaa Asantewaa

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Yaa Asantewaa
Ajoute yon foto nan bwat sa a}}
Fonksyon:Rèn mè, chèf militè
Domèn:politik
Eta sivil
Dat nesans:1840
Lye nesans:Besease
Peyi nesans:Gana
dat lanmò : 17 oktòb 1921
(Sechèl)
Nasyonalite : Ki nasyonalite moun sa?


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Yaa Asantewaa (c. 184017 oktòb 1921) (pwononse /ˈjɑː ɑːsɑːn.t.wə/) te vin renn Ejisu nan Lanpi Ashanti —ki fè pati de peyi Gana jodi-a— apre frèl Nana Akwasi Afrane Okpese, Ejisuhene—oswa chèf nan Ejisu te vin bal tit la. An 1900, li te lidè  rebelyon Ashanti yo rele Lagè Asantewaa oubyen Lagè Twòn Dore, kont kolon Angle.[1]

Anfans li[edite | modifye sous]

Yaa Asantewaa te fèt an 1840 nan Besease nan sant peyi Gana. Li te lene nan yon fanmi de timoun. Frèl, Afrane Panin te vin Chèf nan Edweso, yon kominote ki tou pre. Apre yon anfans san pwoblèm, li te kiltive latè ki sou nan alantou Boankra. Li te antre nan yon maryaj poligam ak yon nonm soti nan Kumsai e li te gen yon pitit fi avèl.[2]

Kijan rebelyon an kòmanse[edite | modifye sous]

Pandan rèy frè li, Yaa Asantewaa te wè Konfederasyon Ashanti pase anpil tray ki menase lavni li, kankou yon gè sivil soti nan 1883 rive nan 1888. Lè frèl te mouri an 1894, Yaa Asantewaa itilize dwa li tankou Manman Renn peyi a pou nonmen pitit pitit li kòm Ejisuhene. Lè Angle yo depòtel nan la Sechèl an 1896, ansanm ak Wa Asante Prempeh I  ak lòt manm nan gouvènman Asante an, Yaa Asantewaa te vin rejan nan distrik Ejisu-Juaben. Apre depòtasyon Prempeh I, gouvènè-jeneral Kòt Dò a, Frederick Hodgson ki te yon blan Angle,  te egzije oou yo remèt li twòn dore-a ki se senbòl nanchon Asante-a. Dikta sa-a te  a te fè  rès manm gouvènman Asante a reyini nan Kumasi pou diskite kijan pou yo fè wa yo tounen lakay li. Yo pat rive dakò sou kijan pou sa te fèt. Yaa Asantewaa, ki te prezan nan reyinyon sa a te kanpe poul pale ak manm konsèy la. Pawòl li nan okazyon sa-a vin selèb:[3]

"Sanble gen nan nou ki pè batay pou wa nou. Mwen sonje epòk  Osei Tutu, Okomfo Anokye ak Opuki Ware, epòk chèf ki pat kite moun vin atake wa nou. Pat gen okenn blan ki tap vin pèmèt li pale ak ak Chèf Asante jan gouvènè angle a te vin pal avèk nou maten an. Eske se ta vre Asante pa gen grenn ankò? Mwen pa ka kwè sa. Li pa ka! Map sèmante: si gason vanyan Asante yo pap batay, en ben noumenm fanm nap degaje nou. Map rele fanm parèy mwen. Nou pral goumen kont nonm blan yo. Nou pral goumen jouk nou tout tonbe sou chan batay la."[4]

Nan denmen maten, 28 Mas 1900, Yaa Asantewaa rasanble fanm yo ansanm, ak tout gason ki deside swiv yo. Ak yon lame senk mil moun, li te dirije  Soulèvman Asante ke yon vin rele Lagè Twòn Dore a. Ak sipò rès noblès Asante-a, li te goumen ak vanyans kont Britanik yo.[5]

Rebelyon an ak konsekans li[edite | modifye sous]

The room believed to be Yaa Asantewaa's Cell

An Mas 1900, rebelyon an fè syèj Fò Kumasi a kote Angle yo te refijye. Fò a egziste toujou jodi-ae li rele Mize Militè Fò Kumasi. Apre plizyè mwa, Gouvènè Kot Dò a te voye yon fòs 1.400 moun pou kraze rebelyon an. Pandan tan sa-a, yo kaptire Larenn Yaa Asantewaa ak 15 nan konseye pwòch li , e yo te voye yo ann egzil nan lè Sechèl.[6] Rebelyon an te reprezante batay final la nan yon seri de batay Anglo-Asante ki dire pandan 19e syèk. Nan premye janvye 1902, Angle yo te fin pa akonpli sa lame Asanti te anpeche yo fè pandan yon syèk e lanpi Asanti te vin on protektora  britanik.[7]

Yaa Asantewaa te mouri ann ekzil nan peyi Sechèl le 17 oktòb 1921. Twa lane apre lanmò li, nan 27 desanm 1924, Prempeh I ak lòt egzile noblès Asanti yo te retounen nan peyi yo. Prempeh I te fè kò Asantewaa ak lòt depòte Asante yo tounen nan peyi yo  pou yon  antèman wayal kòm sa dwa.[8] Rèv Yaa Asantewaa pou yon peyi Asante san dominasyon kolon Angle  te reyalize nan 6 Mas 1957, lè pwotektora Asante a te pran endepandans ansanm ak rès peyi Gana, premye nasyon Afriken nan Lafrik Ginen ki akonpli sila.[9]

Wòl sosyal fanm nan nanchon Asante[edite | modifye sous]

Konfwontasyon yon fanm ki  tap sèvi kòm chèf politik ak militè yon anpi pat yon bagay lame kolon Angle te abitye nan 19yèm syèk. Jan Yaa Asantewaa te rasanble fanm nan peyi Akan an soti nan obligasyon politik fanm nan peyi Akan yo ki te gen wòl yo nan lajistis ak nan paleman. Yerachi twòn gason nan pèp Akan te ale men nan men ak  fanm ki nan menm pozisyon. Nan lakou yo, granmoun fanm ki te rele mpanyimfo yo te travay tèt kole  ak konsèy lakou a ki te rele ôdekuro. Fanm mpanyinfo yo te  travay ak aberewa oswa ôbaa panyin, pou rezoud pwoblèm fanm. Pou chak ôdekuro, yon ôbaa panyin te responsab zafè fanm yo nan vilaj la e te sèvi kòm yon manm nan konsèy vilaj la.[10]

Referans[edite | modifye sous]

  1. Appiah, Kwame Anthony, and Henry Louis Gates, Jr. (eds), Africana: The Encyclopedia of the African and African American Experience, p. 276.
  2. Korsah, Chantal (22 jiyè 2016). « Yaa Asantewaa ». Dangerous Women. Retrieved 20 fevriye 2017. 
  3. « Queen Mother Nana Yaa Asantewaa of West Africa's Ashanti Empire ». Black History Heroes. Retrieved 20 fevriye 2017. 
  4. Oforka, Venatius Chukwudum (2015). The Bleeding Continent: How Africa Became Impoverished and Why It Remains Poor. Xlibris Corporation. pp. 97–. ISBN 978-1-5144-2972-3. 
  5. Commey, Pusch Komiete (2012). 100 Greatest African Kings And Queens ( Volume One ). BookBaby. pp. 53–. ISBN 978-1-62488-777-2. 
  6. Berry, L. V., Ghana: a Country Study.
  7. Boahen, A. Adu (2003). Yaa Asantewaa and the Asante-British War of 1900-1. James Currey Publishers. ISBN 978-0-85255-443-2. 
  8. Boahen, A. Adu (2003). The History of Ashanti Kings and the Whole Country Itself and Other Writings. British Academy. pp. 25–. ISBN 978-0-19-726261-0. 
  9. Bourret, F. M. (1960). Ghana, the Road to Independence, 1919-1957. Stanford University Press. pp. 2–. ISBN 978-0-8047-0400-7. 
  10. Arhin, Kwame (2001). Transformations in Traditional Rule in Ghana: 1951-1996. Sedco. ISBN 978-9964-72-173-2. 

Lyen deyò[edite | modifye sous]