Aller au contenu

Toto Bissainthe

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aktè sinema, Atis
Toto Bissainthe
Nesans
Kap-Ayisyen
Lanmò
Petyonvil
Nasyonalite ayisyen
Peyi nesans Ayiti
Fim



Marie Clotilde "Toto" Bissainthe se yon chantèz, konpozitris ak komedyen ayisyen ki fèt Okap an 1934 epi mouri 4 jen 1994 Petyonvil.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Li kite Ayiti pandan trè jèn pou etidye aletranje. Li kòmanse karyè teyat li an Frans an 1956 avèk konpayi Les Griots ke li te ko-fonde.

Yo vin dekouvri li an 1973 ak yon espektak li te prezante nan La Vieille Grille nan vil Pari (Frans). Li te vin yon chantèz epi konpozitris totalkapital.

Li te pase anpil tan nan karyè li an egzil. Li viv pandan plis 30 lane nan peyi Lafrans epi retounen an Ayiti jis aprè Jean-Claude Duvalier kite peyi nan lane 1986. Poutan li te jwenn anpil desepsyon lè li konstate pwoblèm politik ak lòt pwoblèm ki t ap ravaje Ayiti.

Li mouri 4 jen 1994, akòz yon kansè fwa. Gen yon ti pak nan vil Monreyal ki pote non li.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Diskografi

[modifye | modifye kòd]
  • 1975 ː Toto à New York (Chango)
  • 1977 ː Toto chante Haïti (Arion, Pri "chanson TF1" an 1978)
  • 1995 ː Haïti Chanté - Chant du Monde
  • 1996 ː Coda
  • 1999 ː World Network Vol. 43: Haiti (with Ti Koka) (World Network)
  • 2006 ː Rétrospective (Créon Music)

Fimografi

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]

    Lyen deyò

    [modifye | modifye kòd]