Tablo
| Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib : |
Tablo, Yon moso materyèl ki kole nan yon mi ou byen mi an menm ki prepare yon fason pou lakrè kapab ekri sou li. Yon desen ki fèt sou yon materyèl di tankou yon mi e desinatè a fè li avèk penti. Penti.
Tradiksyon
[modifye | modifye kòd]- Lòt kreyòl:
- Franse:
- Angle:
- Alman:
- Panyòl:
Istwa
[modifye | modifye kòd]Tablo gen plizyè sans an kreyòl ayisyen,selon kontèks la:
1.Nan atizay, tablo se yon penti oswa desen ki fèt sou twal,bwa,oswa lòt sifas pou dekore montre yon istwa. egzanp: yon tablo ki montre lanmè a lè soley kouche.
2.Tablo (Nan lekòl) se blanch nwa oswa blan pwofesè ekri sou li pou bay leson.
3. Tablo (done òganize) se yon fason pou ranje enfòmasyon an liy ak kolòn pou fè yo pi klè.
tablo se yon zouti enpòtan nan lavi chak jou. Lisevi pou kominike, òganize enfòmasyon, epi eksprime kreyativite. Nou jwenn tablo nan kreyòl, nan biwo,nan kay,e menm nan domèn atizay.
Premyèman,nan lekòl, tablo se yon sipò ansèyman. Pwofesè yo itilize tablo nwa oswa tablo plan pou esplike leson, ekri nòt,epi fè elèv yo konprann pi byen.San tablo kominikasyon ant pwofesè ak elèv yo ta pi difisil.
Dezyèmman, tablo ka sèvi pou òganize enfòmasyon. Pa egzamp, nan matematik oswa syans, nou itilize tablo pou mete done an liy ak kolòn pou fè konparezon pi fasil.
Anfen, nan domèn atizay, tablo se yon mwayen ekspresyon. Yon atis ka kreye yon tablo pou montre emosyon li, rakonte yon istwa,oswa transmèt yon mesaj sosyal.
An rezime,tablo pa sèlman yon senp planch pou ekri oswa desine.Li se yon zouti kominikasyon, yon mwayen aprantisaj, ak yon espas kreyativite. San tablo,anpil espès nan edikasyon ak atizay ta pèdi fòs yo.
referans:
[modifye | modifye kòd]Men kek referans pou tablo selon diferan domèn:
1.Tablo nan atizay:
- Leonardo da vinci - Mona Lisa
- Vincent Van Gogh - The Starry Night
- Pablo Picasso - Guernica
2.Tablo nan edikasyon: