Aller au contenu

Sylvio Cator

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib


Sylvio Paul Cator, pwan nesans yon 9 oktòb nan lane 1900 nan lokalite Kavayon nan depatman Sid nan peyi Ayiti. Li se yon atlèt olenpik spesyalize nan so an longè. Li te pwan meday ajan nan jwèt olenpik ete 1928 ki te fèt nan vil Amsterdam. Li jwenn lanmò li yon 22 jiyè nan lane 1952.

Biyografi[modifye | modifye kòd]

Sylvio sòti nan yon fanmi komèsan nan zafè koton. Joseph Millien Cator se non papa l ki te yon jeneral e pwòch kolaboratè gouvènman Antoine Simon an[1]. Li te kòmanse etid klasik li nan enstitisyon "Saint-Louis de Gonzage" nan pòtoprens. Fanmi li te kite peyi a nan lane 1911 lè sa Sylvio te gen 11 lane, yo retounen 7 lane aprè an 1918 pou nou pi klè[2]. Aprè li retounen nan peyi an 1928 li te travay nan gouvènman epòk la antan ke stenyodaktilograf[3]. Li te pratike divès espò nan jenès li pami ladan yo foutbòl, li te nan ekip Trivoli Athletic Club, Racing Football Club HaÏtien e li te fè pati ekip nasyonal foutbòl la tou[4].

Nan lane 1921, li kòmanse evolye nan koze atletis kote li tonbe damou disiplin lan e tou chwazi rete ladann nan lane 1924. Nan menm lane sila li te premye reprezante peyi li nan jwèt olenpik ete ki t ap fèt nan vil Paris[5], nan disiplin so an longè kote li te fini an 15 zyèm pozisyon epi nan so an wotè kote li te sòti an 12 zyèm pozisyon. Nan lane 1928 li te reprezante peyi l yon dezyèm fwa sou sèn entènasyonal la nan jwèt olenpik ete yo ki te fèt nan vil Amsterdam, li te fini an dezyèm pozisyon kote li te resevwa meday ajan pou eksplwa sila. Le 9 septanm 1928 li kraze rekò mondyal nan so an longè ki te domine pa atlèt ameriken Ed Hamm epi li mete nouvo rekò li ki se te 7,93 mèt, rekò sila domine pandan yon peryòd 3 zan[6]. Nan lane 1929 nan yon evènman spòtif ki t ap fèt pòtoprens li te sote plis pase 8 mèt men yo pa t konsidere eskplwa sa nan palmarès li paske selon sèten li te favorize pa yon bon van[7]. Li wè twazyèm epi dènye patisipasyon l nan jwèt olenpik pou peyi l nan lane 1932 nan peyi Etazini pi presizeman nan vil Los Angeles. Li pat arive fè yon bon pakou akoz yon blesi nan cheviy li sa ki te lakoz li fini sèlman an nevyèm pozisyon avèk yon so 5,93 mèt.

Sylvio Cator anvan eprèv la

Nan lane 1932, li vin prezidan Federasyon Espòtif Ayisyen. Li te konseye nan meri pòtoprens, li te sipèvizè nan premye biwo touris an Ayiti. Nan lane 1946 li te eli majistra epi depite nan sikonskripsyon Aken, Sen Lwi Di Sid, Kavayon nan lane 1950[8]. Li mouri pa etoufman nan lane 1952 a 52 zan, li te gen yon antèman nasyonal[9]. Yo konsidere l tankou yon ewo nan espò nasyonal la, nan lane 1953 gouvènman anplas ki te gen nan tèt li prezidan Paul Eugène Magloire, inogire nan kapital peyi a yon stad milti-fonksyon ki pote non li (Stade Sylvio Cator).

Palmarès[modifye | modifye kòd]

Omaj[modifye | modifye kòd]

Estad Sylvio Cator nan pòtoprens, inogire nan lane 1953 pote non li.

Yo mete an sikilasyon yon tenb pou onore memwa l nan dat 16 dawout 1958[10].

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. Pascal Médan, , Haïti, Imprimeur II, 1996, 119 p. (ISBN 2-9502581-1-5)
  2. «  », Le Miroir des sports, no 278,‎ 9 septembre 1925, p. 210 (lire en ligne [archive])
  3. D. Strohl, «  » [archive], sur L'Intransigeant, 29 septembre 1924.
  4. Ed Rainer Sainvill, «  » [archive], sur Haïti Liberté, 18 juillet 2017.
  5. Lucien Dubech, «  » [archive], sur L'Action française, 14 septembre 1925.
  6. « L'Auto-vélo : automobilisme, cyclisme, athlétisme, yachting, aérostation, escrime, hippisme / directeur Henri Desgrange » (in français). 1932-08-06. Retrieved 2022-10-17. 
  7. « L'Écho d'Oran : journal d'annonces légales, judiciaires, administratives et commerciales de la province d'Oran » (in français). 1929-05-03. Retrieved 2022-10-17. 
  8. « Kopi achiv ». Archived from the original on 2021-04-14. Retrieved 2022-10-17. 
  9. «  », Le Nouvelliste, no 22791,‎ 23 juillet 1952, p. 1.
  10. « Timbre: Sylvio Cator (1900-1952), athlete (Haïti(Sylvio Cator) Mi:HT 489,Sn:HT C118,Yt:HT PA127,Sg:HT 575 » (in français). Retrieved 2022-10-17. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]