Soussoule Sanozil
Nesans | |
---|---|
Nasyonalite |
Soussoule Sanozil Guerrier,ki fèt yon 2 fevriye 1991 Ayiti, se yon otè ak editè .
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Soussoule sonozil fèt yon 2 fevriye nan lane 1991 nan labich,yon seksyon kominal kavayon(Cavaillon) nan peyi ayiti.li kòmanse etidye dwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik Inivèsite Pòtoprens
make pa kont ayisyen Bouqui et Malice nan j enès li,li komanse ekri nan 2011,apre li finn swiv atelye ekriti sou literati pou timoun ki te dirije pa Paula Clermont Péan
nan lane 2018,li siyen premye liv li literati pou ti mounn,Le voyaj calou ak lòt istwa (Le Voyage de Calou et autres histoires) ki genyen senk nouvo istwa kout ki evoke sitou tèm solidarite, espwa ak kouraj.
nan lane 2020,li pibliyeSipòte, ki montre pwoblèm dwa a edikasyon ak dwa timoun ann Ayiti, e pi presizeman fenomèn rès ilistre pa pèsonaj Ti Sentaniz, lè li prezante de ti pitit fi, Sipòte ak Reziyen. redwi nan sèvis domestik olye pou yo ale lekòl apre lanmò manman yo.
nan lane 2022,li prezante tèks Kolibri nan salon liv ayisyen(salon du livrehaïtien)ki te òganize pa asosiyasyon fiti ayiti nan pari.twa a se yon istwa ki ekri an kreyòl answit tradui nan lang angle nan objektif pou fè jèn timoun ayisyen k ap viv nan yon peyi etranje konnen istwa yo, koutim yo e pataje imajinasyon kolektif peyi a. Istwa a soti nan yon chante tradisyonèl kreyòl ayisyen: Fiyèt Lalo.
Li marye epi manman yon pitit.
Tchatcha edisyon
[modifye | modifye kòd]nan lane 2022 nan mwa fevriye,pre li te konstate absans literati pou timoun ki reprezante kilti, koutim, ak moral ayisyen an, li te kreye Tchatcha Edisyon, ki dedye a literati pou timoun ak nan plizyè lang: kreyòl, franse, angle, panyòl (lansman ofisyèl nan mwa septanm nan lane 2022)pou ankouraje jèn yo li.idonk non li:Tchatchaki soti nan non yon enstriman ki toujou prezan nan lavi Ayisyen, e sitou nan chak selebrasyon kanaval.
premye liv ki te pibliye kay tchatcha edisyon se te kolibri.
Travay
[modifye | modifye kòd]- Le Voyage de Calou, Legs Editions, 2018 [1]
- Sipòte, Edisyon Freda, 2020 [2]
- Kolibri, Tchatcha Edition, 2022
Nòt ak referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ Michelet Joseph (5 fevriye 2019). « « Le voyage de Calou », des histoires pour revivre l’enfance ». Retrieved 14 janvye 2024.
- ↑ Wooselande Isnardin (10 jen 2022). « « Sipòte », un ouvrage sur la domesticité des enfants ». Retrieved 14 janvye 2024.