Aller au contenu

Soup joumou

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Soup joumou

Soup joumou se youn nan kalite soup ki egziste. Se yon soup ki fèt a baz joumou, nan peyi Ayiti.

Soup sa a gen anpil enpòtans depi endepandans yo. Chak premye janvye soup joumou se prensipal pla nan tout kizin nan peyi sa a nan lide pou make endepandans yo[1].

Soup joumon se yon patrimwàn pou tout Ayisyen[2]. Enpòtans li nan listwa pèp sila, li gen yon valè senbolik ki simante relasyon nan mitan tout Ayisyen.

Chak premye janvye, ki se jou fèt endependans Ayiti pap pase pou yon fanmi pa reyini tout manm li pou pataje yon chodyè soup joumou. Soup joumou se soup libète, pawòl sa makonnen ak eksperyans zansèt nou yo te fè ak soup joumou nan moman ki te swiv endepandans peyi a. Se rezon ki eksplike yon Ayisyen pap pase joudlan san li pa bwè yon bòl soup joumou.[3]

Se yon soup ki fèt ak joumou plis lot engredyan tankou

espageti, kawòt, poul peyi, vyann bèf, chou,pòmdetè, navè, elatriye...[4]


Etap preparasyon an

1- Netwaye poul la ak vyann bèf la, byen sizonnen epi mete yo chak bouyi apa nan yon chodyè jistan yo prèske kwit.

2- Nan yon lòt chodyè, kale joumou an epi mete l bouyi ak yon ti sèl.

3- Lè joumou an kwit, desann li sou dife a, pile l, pase l nan paswa.

4- Mete dlo joumou an sou dife nan yon gwo bonm, mete bon valè dlo ladann.

5- Nan dlo joumou an, ajoute pòmdetè, yanm ak bannann rache an wonn men moso yo pa dwe twò gwo.

6- Ajoute epis pile ak piman dous, piman, seleri, boukè gani, piman pike, sèl ak bè kizin.

7- Apre yon bouyon, ajoute kawòt rache an wonn, navè ak chou a. Ajoute pat yo (vèmisèl, makawoni oswa espageti).

8- Lè tout engredyan yo prèske kwit, ajoute vyann yo. Kite yo pran yon bouyon. Mete ti asid zoranj si pou plis gou. Apre sèvi soup la cho.

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Radio-Canada, Médias numériques de. « Cette soupe devenue symbole de révolution pour les Haïtiens | Mordu » (in français). Retrieved 2024-10-18.
  2. « Manger créole : une affirmation identitaire » (in anglais). Retrieved 2024-10-18.
  3. « Soupe de l’indépendance : aux confins d’une tradition bien ancrée ». lenouvelliste.com. 29 desanm 2016. Retrieved 30 septanm 2018.
  4. « Soupe joumou (ou soupe au giraumont ou soupe de courge) | Cuisinez | Télé-Québec » (in français). Retrieved 2024-10-18.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]