Politik (adjektif)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Politik se aksyon militan k ap milite pou souvrènte peyi kote l' fèt la. Ki bezwen chanje eskanp figi peyi l' fè respekte dwa tout ayisyen kelkeswa kote yo ye nan mondlan.

AYITI KONTRIBISYON NAN REFLEKSYON SOU KRIZ AYITI A AK SOU SOLISYON LI

Pou Pèp Ayisyen An Ak Pou Tout Lòt Aktè Politik Ayisyen Yo Pou Nou Ka Soti Nan Kriz Jounen Jodi A Ak Bonjan Solisyon Ki Ka Dire Pou Toutan Pou Leta a ak Pou Nasyon an

(1è janvye 1804-1è janvye 2011)

Kèk Konsiderasyon Ak Obsèvasyon Patriyotik Fondalnatal Pou Ayisyen Nan Jenerasyon Jounen Jodi a

1er janvier 1804-1er janvier 2011 : Quelques Considérations et Observations Patriotiques Essentielles

Yon Kontribisyon Pwofesè

Jean Gérard Pierre Ak Joseph Luc Rémy Joseph Luc Rémy

Pou Pèp Ayisyen An Ak Pou Tout Lòt Aktè Politik Ayisyen Yo Pou Nou Ka Soti Nan Kriz Jounen Jodi A Ak Bonjan Solisyon Ki Ka Dire Pou Toutan Pou Letaa ak Pou Nasyon an Yon Kontribisyon Pwofesè Jean Gérard Pierre Ak Joseph Luc Rémy

Nan Efò Refleksyon Pèp Nasyonal la ak Lòt Aktè Politik Ayisyen Ki Konsyan ak Konsekan Yo

Ki Devan sou sèn nan nan pyès dramatik saa kote sa kap jwe laa se avni Leta a, peyi a, patri a, Tè saa vanyan Zansèt nou yo ki rele Toussaint, Dessalines, Clervaux, Christophe, Pétion, Capois elatrye te mouri kite pou nou.

Tè saa ki, pandan dèzane e dèzane, te jwenn bonjan defans nan lit entelektyèl, diplomatik, ekonomik, militè e lòt anpil vanyan patriyòt ayisyen ke moun pa janm bliye te mennen pou Libète  nou, ak pou souverènte nou, sa vle di pou nou te sa mèt tèt nou e pou peyi saa te ka rele nou chèmèt chèmètrès nan zafè politik ak nan ekonomi.

Konbatan ayisyen selèb sa yo te mennen batay la sou tout fòm:

Gen ladan yo ki te batay avèk plim nan men yo, oswa nan zafè politik ak nan diplomasi, tankou: Thomas Madiou, B. Ardouin, Louis Joseph Janvier, Edmond Paul, Anténor Firmin, Jacques Nicolas Léger, Hannibal PriceEmile Saint-Lot, Jacques Stephen Alexis, Jean-Price Mars elatrye.

Gen ladan yo ki te devlope koperasyon ak lòt peyi, swa solidarite rejyonal ak entenasyonal, tankou: Dessalines, Christophe, Pétion, Geffrard…

Gen ladan yo ki te fè rezistans militè, tankou: Dessalines, Christophe,Pétion, Soulouque, Péralte, Batraville… 

Gen ladan yo se bonjan enfrastrikti yo te tabli, dèt nasyonal peyi a yo te peye, eskanp figi ekonomi peyi a yo te leve ak efò nasyon an li menm menm, tankou:  Christophe, Salomon, Hyppolite, Théodore, Estimé

Tè saa ki tonbe bab pou bab anba twa lokipasyon nan men peyi letranje. Okipasyon sa a yo bay ototal preske 35 lane, sèlman nan ti bout tan twazyèm jenerasyon endepandans la ki soti nan 1915 pou rive jodi a nan ane 2011.

Tè saa ke nou menm patryòt jounen jodi a nou gen obligasyon remete kanpe sou pye li. E gen de (2) jan pou nou fè sa: premyèman se nan retounen nan testaman, nan kontra ak nan modèl bèl lide ak bèl aksyon ki te baz lendepandans la ; dezyèmman, se nan rive antre mas pèp la tout bon vre nan lavi politik ak sosyal peyi a, e se nan rive tou fè pèp la benefisye bonjan avantaj nan ekonomi peyi a ki toujou rete anba men yon viek ti ponyen moun ki ap jwi tou avantaj yo pou yo sèl.     

1è janvye 1804-1è janvye 2011 Kèk Konsiderasyon ak obsèvasyon patriyotik Fondalnatal Pou Ayisyen Nan Jenerasyon Jounen Jodi a

I. Ekzijans istwa fè nou jounen jodi

An nou sipoze chak ayisyen ki te fèt nan peyi saa rive viv pou pi piti (50) senkant  an. Sa fè (4) kat jenerasyon fanm ak gason ki pase nan peyi pandan 200 dènyè lane saa yo, soti depi Lendepandans. E lè nou ajoute jenerasyon sila yo ki tap premye trase chemen saa ak revolisyonè yo ki kite Ayiti ban nou kòm eritaj, sa fè (5) senk  jenerasyon. E sa voye nou retounen ekzakteman nan moso istwa saa ki tap dewoule lè yo te asasinen François Mackandal (1758), lè Toussaint Louverture te fèt (1743) ak lè Jean Jacques Dessalines te fèt (1758). Si nou pataje 250 lane saa yo dapre gran tandans jan listwa nou devlope li, nou ka klase 250 lane sa yo an twa peryòd oswa “(3) twa jenerasyon Lendepandans”:

Jenerasyon 1743-1860 la, oswa “premyè Jenerasyon Lendepandans ” la, ki te fòje anpil bèl ak gwo rèv pou peyi a, ki te fòje libète ak egalite pou tout moun, e ki te fòje tou yon Leta souvren, sa vle di ki mèt tèt li;   Jenrasyon 1860-1915 la, oswa “dezyèm Jenerasyon Lendepandans ” la, ki te pèmèt yon bon gwoup ayisyen jwenn bonjajn ledikasyon, ki te kreye richès ak mete enfrastrikti tankou bilding solid, pon, sitadèl, fòtrès, mache piblik, telefòn, bank, elatrye. Sou jenerasyon saa te gen anpil aktivite politik ak anpil bèl batay pou rive sove lendepandans peyi a devan gwo peyi letranje ki pa janm renmen nou e ki toujou vle domine nou. Lit sa yo dezyèm jenerasyon an tap mennen an te echwe an 1915 kote Ameriken te rive mete bon jan grif ak dominasyon li sou nou pou (19 an) diznevan;   Jenerasyon 1915-2011, oswa “twazyèm Jenerasyon Lendepandans” la, ki se jenerasyon pitit dirèk dirèk lokipasyon klè oswa anba chal peyi etranje sou peyi Dayiti. E tout lokipasyon sa yo rive fèt paske moun nan jenerasyon saa pat rive e yo pa rive jouk jounen jodia pran men yo pou yo rekonekte yo ak lideyal ki te fè 1804 te ka vin yon reyalite ; e lideyal sa yo se : “Libète”, “Egalite”,“Fratènite”, “Linyon fè Lafòs”. Obsèvasyon saa ki korèk, ki enpòtan e ki soti anba plim pwofesè Jean Gérard Pierre (oswa Asné) merite tout atansyon nou, pou plizyè rezon : tou tabò, li pèmèt nou remake ke, lè nap konsidere bagay yo nan sans listwa, nou pa twò lwen nan tan an de Zansèt nou yo ki te ban nou peyi a. Yon sitwayen ayisyen ki gen (100 an) santan jodia, sa vle di ki te fèt an 1910, te ka gen kòm papal yon moun ki te fèt ant 1865 e 1870 e kòm granpapal yon moun ki te fè sou Prezidan Boyer ant 1825 e 1830. Anplis de sa, klasman ki fèt kote 250 lane a bay twa jenerasyon lendepandans yo mete anba je nou byen klè sa ki te fèt anvan tan pa nou, sa paran nou te fè ak sa nou fè nou menm ; klasman saa se yon kout klakson tou ki ap avèti nou sou vrè danje kap ronje peyi jodia e ki envite nou fè devwa ak pran reskonsabilite nou.

Premye obligasyon kòm sitwayen ak patriyòt, se pou nou kenbe e se pou nou toujou ap nouri nan tèt nou chak e nan tèt nou tout souvni ak lide klè saa ke 1804 se yon eritaj sakre li ye pou nou tout. Eritaj saa Zansèt yo met nan men nou pou nou veye a, li tou wowòt, li tout jèn. Lè nou byen gade, Endepandans Dayiti se te ayè. Ansiut, byen saa nou rive genyen nan men nou an se rezilta sakrifis generasyon sa yo ki vini youn apre lòt, ki rive pase youn bay lòt, tankou nan yon kous relè, flanbo sa a tou limen e ak tout flanm li. Nou pa ka pran kouri devan reskonsabilite nou ki mande nou pou nou fè tankou premye Zansèt yo e pou nou fè pi byen pase sila nan granparan nou yo ki te echwe yo menm…

Dezyèm obligasyon nou, se pou nou aprann tèt nou e se pou nou pa janm bliye ke gran kesyon politik ki konsènen pèp la, jesyon eritaj ki pou nou tout la, òganizasyon sosyete a oswa Leta a, nou fèt pou nou poze yo e regle yo, san nou pa separe yo, nan yon sans ki wè bagay yo nan tan nou ye jodia ak nan tan demen ki byen lwen ; sa vle di se pou nou fè sa nan yon lojik ki chèche bay satisfaksyon tou siut a revandikasyon e bezwen Nasyon an e ki an mèm tan anvizaje tou konsekans  posib kondiut nou ak desizyon nou ka genyen sou jenerasyon demen yo. Pafwa yo reflechi sou pwoblèm yo pou yon tan ki plis pase mil lane. Lè Zansèt nou yo te konn ap pale te sajès saa ke nou dwe genyen nan kondiut nou lè nap okipe zafè peyi a, yo te konn mande nou poun “jere Leta a an bon pè de famiy.” Moun ki pa ka poze pwoblèm Nasyon an an bon pè de famiy pa dwe pran jesyon Nasyon nan men ; yo pa gen diyite pou yo fè sa; moun sa yo se ireskonsab yo ye, se destriktè Lèta ak tout Nasyon an yo ye. Li enpòtan pou nou siyalè paekzanp ke grann piusans ewopeyèn yo te mete (600 an) sis san zan pou yo ale alawonyay, dekouvri, fè antre soti nan zòn ki bò kòt kontinan an, mete baz militè ak komès nan zòn saa yo, kaptire yon bann afriken pou al fè yo fè esklav an Ewòp, pran anpil richès pou yo pote an Ewòp anvan Ewopeyen yo te rive kolonize tout kontinan Afriken an (14èm syèk-19èm syèk); fòk nou raple tou ke Pòtigè yo ak espanyòl yo te gen bèl avans ki plis pase (100 an) santan sou lòt peyi ewopeyen yo nan operasyon kolonize e eksplwate Lamerik; men reta saa pat anpeche lòt gwo piusans naval yo tankou Laoland, Lafrans ak Langletè pou yo lanse yo nan kous la e pou yo te rive bay tèt yo tout gwo avantaj ki te tonbe anba men yo.

Twazyèm obligasyon nou, se pou nou chak e se pou nou tout monte lagad pou defans eritaj nasyonal saa, Leta Endepandan ak lib saa nou te resevwa nan men Zansèt yo premye janvye 1804. E pou nou monte gad saa nan yon jan ki mache e pou nou kenbe libète nou, kenbe endepandans nou pou tou tan, bay pèp la bonjan pwosperite, gen (7) sèt bagay fondalnatal pou nou sonje anvan tout bagay.

Premyè bagay pou nou konnen an.- Gwo eksplwa oswa gran ak bèl aksyon Pèp ayisyen te fè nan 18èm ak 19èm syèk la kreye nan istwa inivèsèl yon chwichwi chwichwi laèn kote silaa yo ki ta renmen ke se sistèm eksklavajis ak rasis anvan an ki toujou la ap chache toutan pou yo pran revanch yo sou nou. Sa tèlman nan san chak grenn e nan san yo tout patizan ansyen sistèm lan, pafwa yap chache kraze nou san yo pa menm konsyan de sa.

Dezyèm bagay pou nou konnen an.- Le pli souvan, danje pou yon peyi soti nan mitan lanmè oswa kay lòt peyi vwazen ; e danje sa a yo toujou la. E peyi etranje ap toujou tante pou mete la pat sou nou e pou yo kontwole nou akoz bèl ak bon pozisyon kote peyi a plase nan mitan lanmè a ant Oseyan Atlantik ak Oseyan Pasifik ; akoz, paekzanp, zòn lanmè nan Mòl Sen Nikola ki se youn nan pi bon zòn sou planèt Tè a pou lame, pou fòs militè kontwole pou yo sa gen plis chans genyen nenpòt batay kap fèt sou lanmè nan zòn Karayib la e ant Oseyan Atlantik ak Oseyan Pasifik; yap bezwen domine Ayiti tou akoz nou gen tout kalite richès, akoz ke richès sa yo anpil e akoz ke yo gen anpil valè. Anpil nan richès sa yo, Beaubrun Ardouin te deja site yo nan liv jewografi li a: lò, lajan, kiuv, fè, antimwān, mab, pòfi, albat, liyit oswa chabon natirèl, jasp, agat, flent, grès, granit, karyè talk oswa silikat mayezyòm, ajil, fosil, kristal, iridyòm, petwòl, rès bato ki anba lanmè ak anpil richès ladan yo, boul metal ki anba lanmè a, san nou pa bliye ja lajan ak vye rès trezò ke yo te kache anba tè nan peyi a depi nan tan endyan ak nan tan koloni.

Twazyèm bagay pou nou gade byen vivan nan lespri nou.- Ekzistans Leta ak tout Nasyon ayisyen an menase trè seryezman. 207 ane nou genyen yo, yo menm sèl pa sifi pou yo garanti endepandans nou kòm Pèp lib. Dayè, anpil lòt Leta-Nasyon konn disparèt deja, separe, rache ti moso pa timoso lè plizyè lòt peyi etranje vwazen oswa ki konn soti byen lwen atake yo, envayi yo, pran pòz yo vin mete lòd ak lapè pou yo, alòske se  pwòp zafè peyi sa yo yap regle. Malè sa yo konn rive tou pou Leta-Nasyon yo akoz ying hang ak chirepit initil e enpridan ti gwoup adwat, ti gwoup agoch, akoz enprevwayans ak neglijans dirijan yo, e akoz mepri ak mank swen moun nan peyi silaa yo pou eritaj Zansèt yo te kite pou yo.

Katryèm bagay fondalnatal pou nou konnen.- Pèp ayisyen an, sitou peyizānri an ki se matris li, se sèl pèp nan lemonn ki sibi e repouse nan yon tan ki si kout (1791-2010), tou anbago, tout boykòt, tout atak vyolan, masif sa yo, tout gè mondyal saa yo, kote dènyè gwo tribilasyon an se sa pèp saa, nan vil yo ak nan kanpay yo, sanzabri, san fòmasyon nan zafè lekòl, san sèvis lekòl, san travay, san asirans, san swen medikal, san tè, san defans e san anyen, pèp saa ap mennen jodia. E lap mennen batay saa jodia san yon lidèship, nan mitan tout katastwòf sa yo ki soti nan lanati oswa ke lèzòm pwovoke e anba tout kalite eksplwatasyon- kont kolera yo pote soti nan peyi etranje, kont eleksyon trike, kont gouvènman yo te aranje oswa yo pral aranje sou dol, e kont pwogram destriksyon anviwonman peyi a, sa vle di destriksyon plant, tèt bèt ak tout resous min e lòt nou gen nan peyi a.

Senkyèm bagay pou nou konnen.- Mèm avèk tout lò ak tout gwo e gran politisyan ak ekonomis ki gen sou latè, Kominote Entènasyonal la pap ka garanti  libète, endepandans ak pwosperite Ayiti, si pa gen yon Lidèship nasyonal ki parèt pou oryente ak dirije tout sa kap fèt nan peyi a oswa pou peyi a.

Sizyèm bagay pou nou konnen.- Nan sityasyon saa kote gen gwo batay anba anba kap fèt ant peyi etranje yo pou yo domine Ayiti e kote gen gwo enterè ideyolojik, jeyopolitik, strajik ak ekonomik kap defann sou teren an, Lidèship nasyonal la pap ka afime tèt li ; li pap ka oryente peyi a pou li vin vrèman granmoun tèt li ni rive fè pwogrè reyèl, si li pa solidman konekte, nan pawòl e nan aksyon li, avèk mas popilè nou yo, kap viv nan kanpay oswa nan vil yo.

Setyèm bagay pou nou konnen. Pou nou ka rive defann tout bon vre libète ak endepandans Pèp Nasyonal la kote la fè pwogrè nan politik, ekonomi ak nan tout sosyete a, fòk nou chita pwojè nou yo sou (2) de aks, (2) de pilye estratejik fondalnatal saa yo ki soti depi nan nesans nou kòm Eta:

Testaman ak kontra endepandans nasyonal la ke nou pa janm dwe dispanse nou de li ; testaman saa ak kontra saa se ansanm bèl lide, bèl prensip ak bèl aksyon Zansèt nou yo ki te fonde Peyi a (espesyalman Toussaint Louverture, Jean Jacques Dessalines, Henry Christophe ak Alexandre Pétion) kite pou nou kòm yon modèl e kòm yon seri angajman ke nou dwe respekte. Preske tout konstitisyon peyi a reprann modèl ak angajman saa yo e gen (7) sèt pwen ki konsakre yo nan Konstitisyon 29 mas 1987 la ke Pèp ayisyen an te apwouve  masivman nan referandòm dat saa e se poutèt sa pèp la renmen konstitisyon saa anpil anpil e li toujou kanpe dyanm, batay pou li, pou li fè dirijan yo respekte li e aplike li, espesyalman pou  (2) rezon silaa yo:   a)    Pou li menm Pèp la ka afime dwa li antan ke Pèp souvren, sa vle di ki gran moun nan peyil;   b)   Pou liberasyon peyi a pa rapò ak sa yo rele « repiblik Pòtoprens” e pa rapò a dominasyon peyi etranje sou peyi Dayiti. Ideyal jistis sosyal Dessalines nan, sa vle di entegrasyon tout bon vre e tou siut mas popilè yo, pou nou pale klè an nou di mas peyizān yo, nan  Leta Dayiti, nan Nasyon an, nan sosyete a.   a)    Kote nap kreye oswa tabli enfrastrikti, sèvis lokal ak kolektivite lokal ak teritoryal yo pou yo genyen otonomi administratif ak finansyè yo ki bay tout bon vre sa yo rele dekonsantrasyon peyi a;   b)   Kote gwoup sosyal kap domine e dirije yo e ki gen richès yo nan men yo dwe aksepte jwèt demokratik ki fèt avèk desans e ki chache pou entegre tout bon vre mas ayisyèn yo nan lavi politik, ekonomik ak sosyal peyi a. Gwoup sosyal sa yo gen tou pou obligasyon moral e patriyotik pou yo pèmèt jwèt demokratik la jwe san koken, san barikad, nan aplike tout bon vre Konstitisyon 1987 la. Konsa pòt va louvri pou mas pèp la poul patisipe e jwenn bonjan benefis tou nan politik, edikasyon, sante ; e, konsa tou, li va jwenn sekirite ak diyitel. Konklisyon.- Nan dezyèm deseni 21èm syèk la ak tout twazyèm milenè a, fòk nou fikse je nou ak tout atansyon nou sou ideyal, liy kondiut ak bèl aksyon Zansèt nou yo; e fòk se yo menm nou pran, avèk anpil respè ak kouraj, kòm ekzanp ak bousòl nou pou nou defann endepandans Nasyon an, poteboure nan devlopman sosyal ak ekonomik ki chita sou peyi a e sou enterè pèp nasyonal la e pou nou ka pran vrèman vre reskonsabilite nou antanke eritye e jeran Patrimwān nasyonal la, pandanke nap veye pou fè aplike ak respekte konstitisyon 1987 la ak lwa Repiblik la. Retounen nan modèl Zansèt yo se saa ki liy ak direksyon ki dwe dirije tout moun jodia, sa vle di : pèp ayisyen an, tout aktè politik yo. E nou tout ki kwè ankò ke nou se patriyòt nou pa dwe janm ekate nou de liy ak direksyon saa. Tout moun dwe siuv liy saa, direksyon sa a: se li menm tout moun, tout aktè politik ki devan sèn nan dwe bay priyorite. E sa dwe fèt konsa mèm si ta gen nan yo kap fè kèk aranjman pòtoprensantris (sa vle di ki wè enterè Pòtoprens sèlman), kap fèt nan koulis, jan sa toujou kont fèt yo e ki pa janm sèvi nasyon an ; e sa dwe fèt konsa tou mèm si se yon bonjan Revolisyon nan lapè ki fèt, revolisyon kote gen yon bonjan lidèship ki patriyòt, ki deside, ki konpetan, ki eklere, ki rive pran chè e ki  monte sou sèn politik la pou Pèp Nasyonal la e avèk Pèp Nasyonal la kap soufri a pou li mennen dyalog sa a ak aksyon saa yo ke peyi a bezwen anpil la e ki dwe sensè, san demagoji, chita sou konviksyon, ki fè moun kwè nan yo, ki dirèk e ki dwe bay bon jan rezilta.

Profesè Jean Gérard Pierre ak Joseph Luc Rémy 31 desanm 2010 (Tan rès la)