Aller au contenu

Orelsan

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Orelsan
Labèl Wagram Music
3e bureau
Strong Ninja
7th Magnitude
Warner Music France (2008-2023)
Sony Music France
RCA Records (Depuis 2023)

Aurélien Cotentin, yo konnen sou non Orelsan fèt 11 Out nan lane 1982 nan Alençon ( Orne ), se yon rapè, chantè, konpozitè, aktè, reyalizatè ak senaris franse .

Li te jwenn premye rekonesans li sou entènèt, patikilyèman sou Myspace, avèk chante "Saint-Valentin" epi li te fè gwo siksè nan lane 2008 avèk tras " Changement " nan. Premye albòm li a, "Perdu d'avance ," te soti nan lane 2009. An menm tan, yon konfli te eklate pandan chante "Sale Pute " ki te akize koze

ensite vyolans kont fanm. Orelsan te deklare pita ke li te regrèt chante a, li te eksplike ke li te jèn e ke li te evidamman chanje depi lè sa a. Albòm nan te kanmenm yon siksè komèsyal, li te rive jwenn estati lò epi li te resevwa yon nominasyon pou Prix Constantin nan.

Dezyèm album li a sete , Le Chant des sirènes, ki te pibliye nan lane 2011, sètifye doub platinum e li te resevwa de prim Victoires de la musique .

Avèk Yon zanmi l Gringe, yo te fòme Casseurs Flowters nan kòmansman nan lane 2000 yo. Nan lane 2013, yo te pibliye albòm *Orelsan et Gringe sont les Casseurs Flowters *, ki te vin platinum . Nan fen âne 2015, Orelsan te koreyalize yon fim ki santre sou de moun ki gen 10 ans ap fè mizik men ki pat janm fini yon chante, *Comment c'est loin *, ki gen mizik la te vin platinum tou. De zanmi yo te jwe tou nan pwogram kout *Bloqués*, ki te difize nan lane 2015 pou rive 2016 sou Canal+ ak sou YouTube, kote chak epizòd te ranmase plizyè milyon vi. Pwodiksyon sa yo te pèmèt Orelsan popilarize pèsonalite l kòm yon moun ki nan trantèn li ki pèdi e ki reziyel, men ki posede yon lespri kreyatif ak yon imè orijinal.

Nan mwa Oktòb 2025, Orelsan te pibliye dezyèm fim li a, Yoroï. Nan mwa Novanm, li te pibliye senkyèm albòm li a, La Fuite en avant, ki te sètifye platin nan sis semèn. Apre sa, yo te revele ke li te gen yon pitit, ke li mansyone nan plizyè chante li yo, sitou "dans quelques mois" (nan kèk mwa) ak "deux et demi" (dezan edmi). Yon seri dokimantè ki rele Orelsan: Yoroï, un an dans l'armure (Orelsan: Yoroï, Yon Ane nan Zam) te pibliye nan mwa Novanm 2025, ki rakonte kijan fim Yoroï te fèt la. Nan dat 16 Janvye 2026, li te kòmanse toune li nan Caen ak twa konsè.