Aller au contenu

Monferrier Dorval

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Monferrier Dorval, ki fèt 10 jen 1956 nan Grann Salin, yon vil nan depatman Latibonit (Ayiti) epi ki mouri 28 out 2020, se yon batonye Bawo Od Avoka Pòtopwens yo asasine lakay li.

Pandan tout istwa bawo sa ki pran nesans nan lane 1859, se premye fwa yo asasine yon batonye.[1]

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Pakou akademik li

[modifye | modifye kòd]

Monferrier Dorval te kite vil li an 1969 pou li vini Pòtoprens aprè li te fin konplete etid primè li yo. Li rantre nan Lise Alexandre Pétion kote li te konplete etid segondè li an 1976.

Apre sa, li pase konkou Fakilte Syans Imèn nan Inivèsite Leta an Ayiti kote li te pran yon lisans nan Travay Sosyal nan lane 1980. Ane annapre a, an 1981, li te rantre kòm etidyan nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE), toujou nan Inivèsite Leta a, pou yon fòmasyon lisans nan syans jiridik.

Paske li te soti loreya nan yon konkou anbasad fransèz an Ayiti te oganize, Dorval te resevwa you bous etid. Sa ki te pèmèt li rantre nan peyi Lafrans kote li te kontinye etidye nan Fakilte Dwa ak Syans Politik nan Inivèsite Aix-Marseille. Se la tou li defann tèz doktora li sou administrasyon piblik ayisyèn 8 jiyè 1992. Apre sa li te retounen Ayiti an 1993.

Nan mwa novanm 1993, li te kòmanse anseye dwa konstitisyonèl ak dwa administratif nan Inivèsite Quisqueya. Nan mwa janvye 1994, li te rantre nan Fakilte Dwa ak Ekonomi nan UEH la tou kòm pwofesè.[1]

Pakou li kòm avoka

[modifye | modifye kòd]

An Ayiti, li te prete sèman kòm avoka nan bawo Pòtoprens lan nan lane 1993 epi li kòmanse karyè avoka li nan kabinè Lamarre. Li louvri pwòp kabinè pa li, nan dat 3 janvye 2000. Nan lane 2015, li te eli nan Konsèy Asosyasyon Avoka Pòtoprens lan. Yo te nonmen li tou prezidan komisyon syantifik premye Bawo Karayib la. Nan mwa desanm 2017, li te prezide Komite ki t ap òganize 32yèm Kongrè Konferans Entènasyonal Bawo yo (CIB) an Ayiti ak seminè Inyon Entènasyonal Avoka (UIA) ki te fèt nan Decameron nan mwa me 2019. 6 fevriye 2020, li genyen eleksyon nan bawo Pòtopwens ak 228 vòt kont opozan li Patrick Laurent ak Jacquenet Oxilus ki respektivman jwenn 146 ak 132 vòt[1],[2],[3],[4]

Lanmò li

[modifye | modifye kòd]

Selon rapò ankèt Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), "Modelet Sénégeau alyas Abidy, Mackender Fils-Aimé, Dunès Vilpique alyas Jah, Markenson Charles alyas Cobra, Gerson Laurent alyas TiLuc oswa Louko, Richelet Augustin, Johny Tousen ak lòt moun, mete tèt yo ansanm kòm kriminèl pou asasinen sitwayen Monferrier Dorval, Prezidan Asosyasyon Avoka Pòtoprens la ”[5]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. 1,0 1,1 et 1,2 (franse) fr « Qui était Monferrier Dorval ? ». lenouvelliste.com. Retrieved 10 fevriye 2021. 
  2. (franse) fr « Monferrier Dorval nouveau bâtonnier de l’ordre des avocats ». haiti24.net. 7 fevriye 2020. Retrieved 10 fevriye 2021. 
  3. « 10 dates clés de la vie de Me Monferrier Dorval ». Archived from the original on 2020-11-25. Retrieved 10 fevriye 2021. 
  4. (franse) fr « Monferrier Dorval : le portrait de l’intellectuel engagé ». Archived from the original on 2021-03-06. Retrieved 10 fevriye 2021. 
  5. (franse) fr « Assassinat de Me Monferrier Dorval : la DCPJ identifie exécutants et complices ». haiti24.net. 25 septanm 2020. Retrieved 10 fevriye 2021. 

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]