Aller au contenu

Marilyn Monroe

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Marilyn Monroe, vrè non l ki se Norma Jeane Baker, te fèt 1e jen 1926. Li se pitit fi Gladys Pearl Baker Monroe, yon figi enpòtan k t ap monte ak fòs nan nan sak gen pou wè nan milye sinematografik la. Idantite papa l rete enkoni, paske manman l te gen plizyè relasyon amoure. Nan moman nesans li, Gladys te marye ak Edward Mortensen, byenke yo te nan pwosesis divòs. [1] Se poutèt sa, yo te anrejistre Marilyn lèl te fèt sou non Mortensen. Li te gen yon demi-frè, Robert, ak yon demi-sè, Berniece, ki te soti nan yon relasyon anvan. Li pral rive resi rankontre Berniece jis nan lane 1944 epi li pat janm jwenn chans rekonèt Robert, ki te mouri an 1933. Manman l, ki te soufri ak yon kondisyon sikolojik frajil, te entène nan yon pawas sikyatrik plizyè fwa pandan anfans Marilyn. Pandan sèt premye ane nan lavi li, yo te konfye jèn fi a bay vwazen grann matènèl li nan Kalifòni. Plizyè fwa pandan kèk ane aprè, yo te mete l nan òfelina oswa nan sant dakèy. An 1936, zanmi ak kòlèg travay Gladys, Grace McKee, te vin responsab li. Lèl vin gen 16 an, Marilyn te marye ak Jim Dougherty, yon travayè nan aviyasyon. Li te kite lekòl epi li te travay pou menm konpayi ak mari l. Nan dat 26 jen 1945, Marilyn te patisipe nan yon sesyon foto pou ilistre yon kanpay pou Lame Ameriken an. Li te imedyatman remake epi li te parèt sou kouvèti plizyè magazin pin-up nan kèk mwa sèlman. Nan fen ane 1945, li te kite travay li, epi divòse ak Jim, aprè pou li te kòmanse fè modèl. Kòm li te vle vin yon aktris, li te pran kou teyat. Se lè sa a li te tou kolore cheve l blond klè nèt epi vin bote sa ke l te ye an. Ben Lyon, yon fiti aktè plen avni nan 20th Century Fox, te rive dekouvri li. Li te tou siyen yon kontra pou yon ane ak konpayi pwodiksyon an. Nan lane 1947, li te jwenn de ti wòl nan Fight Over Blonde ak Dangerous Years. An menm tan, li te kontinye fè modèl. Li te adopte non Marilyn Monroe sou konsèy Ben Lyon. Apre sa, li te kolabore ak Columbia epi li te jwe nan The Queen of the Show (1948). Johnny Hyde te wè li apre li te parèt nan fim Marx Brothers Treasure Hunt (1950) epi li te vin direktè atistik li. Li te parèt nan When the City Sleeps, kote pèfòmans li te byen akeyi pa piblik la ak kritik yo.

Li te reyalize premye siksè li ak fim Joseph Mankiewicz a, Eve, ki te fè l jwenn yon kontra sèt ane ak 20th Century Fox. Li te kòmanse parèt sou kouvèti plizyè magazin. Men, se ta pral jis an 1952 ke karyè sinema li te vrèman pran vitès.[2] Marilyn te atire atansyon mesye marye yo tou, tankou Yves Montand, ko-aktè li nan fim George Cukor a, Bilyonè, e menm Prezidan Etazini. Sitou li te chante "Bòn Fèt, Mesye Prezidan" dousman pou John Fitzgerald Kennedy te enpresyone foul selebrite yo nan Madison Square Garden nan fèt anivèsè nesans sa a nan mwa me 1962. Malgre siksè li, Marilyn te soufri depresyon. An 1961, li te entène lopital pou yon ti tan sou demann yon sikyat ki te enkyete sou panse swisid li yo. Aktris la te yon lonbray ansyen tèt li, epi tounaj yo te soufwi, febli pa reta konstan li yo. Pandan li t ap jwe nan nouvo fim George Cukor a, Somebody's Got to Give, yo te jwenn li mouri lakay li toupre Hollywood nan dat 5 dawou 1962. Li te gen sèlman 36 an. Otopsi a te konkli ke se te yon surdozaj barbiturik ak "pwobab swisid". Lanmò sibit sa a te mennen tout kalite teyori, tankou : teyori yon asasina politik ki lye ak fanmi Kennedy ki pa janm te konfime.

Filmografi

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]