Aller au contenu

Mannkina

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Mannkina se yon aktivite mànken yo fè. Mànken yo se moun ki la pou valorize yon seri pwodui ki nan endistri mòd la. Mànken yo travay sitou nan fè pwomosyon sou fason moun abiye, bagay ki alamòd ak pwodui ki kapab jwe sou bote moun nan. Lè metye sa te fèkk parèt se fanm sèlman ki te konn fè l. Yon moun pa bezwen pran yon fòmasyon espesyal osinon gen diplòm pou egzèse metye sa a[1].

Egzijans

[modifye | modifye kòd]

Yon màken dwe toujou ap pran swen kò li pi plis chak jou. Li dwe gen yon bon rezistans fizik men tou se yon moun ki dwe toujou disponib epi ki gen pèseverans. Anvan mànken yo kòmanse jwenn kontra ak gwo antrepriz, yo kòmanse defile pou yon seri antrepriz ki vann rad, yo poze dabò nan foto pou katalòg k ap vann pa korespondans osinon pou fè piblisite[2], [3].

Karyè ak posibilite pou evolye

[modifye | modifye kòd]

Ou kapab vini yon mannken ki travay pandan toutan osinon pandan yon bout tan. Se konsa sa ye pou anpil moun ki fè aktivite sa pou yo fè lajan. Anpil moun ki fè metye sa koumanse karyè yo nan fè piblisite pou antrepriz ki vann sou entènèt[4].

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Fiche métier : Mannequin (salaire, formation, qualités requises…) » (in français). Retrieved 2023-12-02.
  2. « Orientation pour tous » (in français). Archived from the original on 2023-12-02. Retrieved 2023-12-02.
  3. « Comment devenir mannequin ? » (in français). Retrieved 2023-12-02.
  4. « Métier Mannequin : missions, formations et salaire » (in français). Retrieved 2023-12-02.