Aller au contenu

Lavi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl
Plant nan Uganda.

Lavi se yon seri pwosesis ki travay ansanm pou pèmèt tout sa ki vivan egziste. Pwosesis sa yo kapab se metabolis, sentèz, omeyostazi, kwasans ak devlopman, repons ak anviwònman, ak repwodiksyon. Lavi kòmanse lè yon òganis fòme, li devlope ansanm ak kò a, epi li fini lè lanmò rive.

Lavi tou se tout antite ki gen anndan l aktivite ki pèmèt li egziste (pwosesis biyolojik) epi kontinye egziste. Anjeneral, yo rekonèt yon vivan kòm yon antite ki ka kenbe kò li byen regle, ki òganize, ki itilize enèji, ki grandi, ki adapte, ki reyaji ak anviwònman an, epi ki repwodui. Tout sa ki vivan rive mouri yon jou, e pa gen anyen ki viv poutoutan.

Syantitifik ak filozòf pwopoze plizyè fason pou defini lavi, tankou lide ke sistèm vivan yo ka òganize tèt yo. Men li pa toujou fasil pou defini lavi, sitou paske viris yo ka repwodui sèlman andedan selil lòt òganis, epi lavi ki ta ka egziste andeyò Latè ta ka diferan de sa nou konnen.

Lavi egziste tout kote sou Latè, nan lè, nan dlo, ak nan tè. Lavi a òganize an plizyè ekosistèm, epi tout ekosistèm sa yo ansanm fòme byosfè a. Gen kèk anviwònman ki difisil anpil kote sèl òganis yo rele ekstrèmofil ka viv.

Tradiksyon

[modifye | modifye kòd]

Etimoloji

[modifye | modifye kòd]

Mo lavi a soti nan lang franse (la vie) ki soti nan lang laten an (vita).

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]