Kriz kadyak

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Kriz kadyak (Enfat Myokad la) se yon aksidan sikilasyon san ki nouri kè a ki rive li yon zòn nan kè an pa resevwa sifizaman san, donk mwens oksijèn, sa ki lakòz lanmò selil nan pati sa a. Le pi souvan, kòz yon kriz kadyak se destriksyon yon plak Atewosklewoyik (ki fòme a pati de Kolestewòl ak lòt sibstans) ki te chita nan arebò nan Atè. Akòz Iskemi (diminisyon sikilasyon san) ki vin pwodwi a, si pwoblèm sa a rete san trètman, gwo domaj k'a rive; kèk nan tisi yo ka mouri.

Sentòm prensipal yon Kriz Kadyak enkopore Doulè nan Pwotrin toudenkou (tipikman li kouri nan Bra gòch, oubyen kou gòch); Souf Kout, Noze, Vomisman, palpitasyon, Swe, Anksyete. Gen yon kantite ki pa neglijab de Kriz kadyak ki rive san doulè oswa lòt sentòm. Yo rele yo Enfat (Kriz kadyak) silansye.

Pami tès pou egzamine kè a genyen Elektwokadyogram (EKG), Ekokadyografi, Rezonans Mayetik Kadyak ak anpil tès san. sa ki plis itilize nan makè sangen yo se nivo CK-MB (Kreyatin Kinaz fraksyon MB) ak Twoponin. Trètman dwe inisye nan imedya ak Aspirin, Nitwogliserin, Oksijèn.

Pi fò ka Enfat Myokad ak Elevasyon Segman ST trete ak Twomboliz oubyen ak Anjyoplasti Kowonè. Li pa gen elevasyon Segman ST nan EKG a, medsen yo ka jere ka a ak medikaman, kwake anpil ka bezwen anjioplasti. Malerezman poko gen yon lopital ki ofri sèvis Angiografi kadyak an Ayiti. Moun ki gen anpil obstriksyon nan Atè yo, sitou sila yo ki gen Diabèt yo, kapab benefisye de yon operasyon Bypass (Baypass) aprè epizòd Enfat la pase epi pasyan an stab.

Maladi Kadyak Iskemik se premye kòz lanmò nan lemonn antye. Risk ki asosye ak li se: prezans yon pwoblèm kadyovaskilè, granmoun, sèks maskilen, Fimen Tabak, Tansyon (Ipètansyon), pwoblèm Kolestewòl, Dyabèt, mank ekzèsis, obezite, maladi nan Ren, Konsomasyon alkòl eksesif, Itilizasyon on seri de dwòg tankou Kokayin, epi Estrès.