Koperativ epay ak kredi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Yon koperativ se yon fòm òganizasyon ki gen pou objektif primè pou bay manm li yo opòtinite travay ansanm epi pataje benefis yo. Nan yon koperativ, moun moun ki patisipe yo se menm jan akoz yo tout gen menm vwa egal nan pran desizyon yo. koperativ yo ka fonksyone sou dives sekte, tankou agrikilti,kredi,manifakti,oswa sevis[1].

Yon koperativ epay ak kredi se yon gwoup moun volontè ki reyini ansanm yo,yo depoze kob yo ansanm nan yon fon komen e yo prete nan fon sa ak yon to enterè trè ba. Koperativ epay ak kredi yo gen yon pwofil diferan parapo ak oganizasyon bank tradisyonel yo, nan yon koperativ tout manm se patisipan aktif nan fonksyònman oganizasyon koperativ la. Yo pa selman gen dwa patisipe nan esizyon yo men yo toujou pataje benefis ak pwofi ki soti nan aktivite koperativ sa vle di ke tout manm yo gen responsabilite kolektif nan reyisit koperativ la. An Ayiti nou gen plizyè koperativ ki ofri sèvis kredi ak epay. Koperativ yo fonksyone sou baz prensip solidarite ak kolaborasyon. yo ede moun ki pa gen aksè a sistèm bankè yo pou yo jwen kredi pou devlope biznis yo,oganize aktivite kominote ak ede nan inite nan sikonstans difisil yo sitou ak moun ki nan zòn defavorize. Yonn nan bi koperativ la se fome manm li yo sou bon jan prensip ekonomi,pratike epay ak kredi. Loske n site mo koperativ an Ayiti sa refere nou a yon oganizayon finansye ki ofri manm li yo yon enterè 10% plis depo yo.

             Historisite koperativ epay ak kredi yo an Ayiti

Mouvman koperativ finansye ayisyen an te debite nan lane 1937 avek kreyasyon premye koperativ e elaborasyon lwa sou koperativ yo. Sepandan premye non yo te bay koperativ yo se kès popilè ki gen orijin li franko Kanadyèn,li te inisye pou premye fwa Jakmèl nan ane 1946. An 1946 2 premye kes popile te paret nan peyi a, yonn nan Vale Jakmel e lot la nan Kavayon

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]