Konprann nosyon enflasyon ak lavi che a an Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Kesyon enflasyon ak laviche lan peyi dayiti se koz yon banm fakte ekonomik. Depi yon peyi pa kapab kontrole pwodiksyon nasyonal li epi pwoteje agrikilte kont prodwi kap soti lan peyi vwazen yo, se nomal pou gen presyon sou mache deviz etranje yo paske tout komesan ak biznisman bezwen dola pou komande machandiz lan peyi lotbodlo.

Vin jwenn enstablite politik kwonik, ensekirite ak dezekilib finansye lan balans komesyal kote Ayiti enpote plis pwodwi ak byen konsomasyon olye li ekspote byen ak sevis lan lot peyi. Tout bagay sa yo vin ekzese presyon sou aktivite ekonomik yo ki vin rann goud devalye pa rapo ak lot deviz etranje yo.

Selon tout analiz ekonomik, nan peyi ki genyen kriz politik konstan epi pa genyen travay pou moun gen kapasite jwenn lajan pou depanse se nomal ap genyen enflasyon ak lavi che pou moun ki pov yo. nan ekonomi depi of la pa koresponn ak demand lan se enflasyon li kreye e tout moun sibi konsekans lan.

Nou rekonet leta pa genyen mwayen pou jwenn solisyon ak kriz multidimensyonel kap démantibile peyi dayiti. Sa vle di mwayen ekonomik yo pa pemet otorite leta yo enjekte dola meriken sou mache a pou redwi dégringolad goud la devan biyet vêt b’an meriken an. Vin jwenn abitan lan kominote riral yo refize travay late pou ogmante pwodiksyon nasyonal la san konte bank lan peyi a pa prete klas mwayenn lan lajan pou fé komes yo, se plis komes vann dola sou mache paralel la pou fé benefis. Sityasyon sila pa ede frennen devalyasyon lajan ayisyen an san konte koripsyon ki genyen lan sistem finansye peyi a.

Li enpotan pou tout moun konnen le diaspora voye yon transfe lajan pou yon fanmi ann Ayiti lajan transfe a pa vini touswit e se apre bank lan oubyen mezon transfe yo jwenn lajan an. Si genyen rarte pou jwenn dola sou mache a gouvene bank santral la pa kapab ekzije bank privé ak biwo transfe yo bay lajan lan an dola meriken. Se nomal pou li mande yo pou remet lajan transfe a lan monnen nasyonal peyi a.

Pou rezoud problèm sa ki koze anpil domaj pou ekonomi nasyonal la, li enpotan pou genyen yon establite politik kote gen yon rejim ki kapab establize dégringolad goud la. Fok peyizan nou yo kontinye travay late pou ogmante pwodiksyon nasyonal la. Otorite ki lan gouvennman santral la dwe chache proteje agrikilte e ankouraje sitwayen yo konsome prodwi lokal yon mannye pou evite presyon fet sou aktivite ekonomik yo.

Toutotan kriz politik, enstitisyonel, sekirite e konstitisyonel yo pa rive rezoud mas pep la kontinye ap monte masife ak laviche, ensekirite, chomaj, koripsyon e vyolans elatrye. Nou kapab remake diaspora e touris pa rantre lan peyi dayiti pou vin depanse lajan yo akoz ensekirite ak zak kidnapping kap dekapitalize fanmiy klas mwayenn lan.

Chomaj lakoz anpil detres lan mitan fanmiy e anpil antrepriz oblije femen pot yo e voye anpil jennfi ak jenn gason lan chomaj. Vin jwenn koripsyon ki blayi lan administrasyon piblik kote kriminel mete tet ansanm ak otorite lan pouvwa a pou agrave kondisyon sosyoekonomik pep ayisyen..

Nou rete kwe se pa demen problèm enflasyon ak laviche ap jwenn yon solisyon dirab. Pou sitwayen k ap reflechi, se sel yon rejim estab ki kapab frennen gaspiyaj ak koripsyon pou pemet peyi a jwenn yon souf.

Tout moun ki t ap mande tranzisyon yo, anpil lan yo ap jwi avantaj gouvennman an e se sel mas pep la kap sibi konsekans dirijan politik san kolonn vetebral nou yo. Pou n rezime gouvene bank santral la pa kapab rezoud problèm devalyasyon goud la san establite politik kote tout enstitisyon yo ap fonksyone nomalman.

Sityasyon difisil peyi dayiti jodia se koz oganizasyon politik ki ekziste yo pa genyen yon pwoje sosyete chifre e vyab ki kapab reponn ak revandikasyon mas pep la. Chak moun ki konn li ak ekri dwe batay pou lave je pep la pou yo sispann vote pou kandida fatra san vizyon ki vle dirije enstitisyon nou yo.

Se bagay sa pou chak militan patriyot dwe pou kwape tout malfra kriminel kowonpi ki ta vle vin bay pep la panzou nan pwochenn eleksyon ki genyen pou fet yo nan peyi a. Se responsablite chak entelektyel ki vle goumen pou peyi a pa tombe plis lan tyouboum.[1]

  1. https://web.archive.org/web/20230604111838/https://www.haitimes.net/actualites/ekonomi-enflasyon-an-ayiti-rive-29-yon-reko-dapre-ihsi/04/08/2022/. Archived from the original on 2023-06-04. Retrieved 2023-11-21.  Missing or empty |title= (help)