Konpa dirèk

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche
Konpa dirèk

Definisyon[edite | modifye sous]

Konpa se yon tandans mizikal ayisyen ki wè jou 25 Jiyè 1955 avek Nemours Jean Baptiste gitaris, saksofonis. Li tanmen reyèlman jou ki te 26 jiyè, kote Nemours Jean-Baptiste te prezante mizik sa devan tout pèp la sou plas Sentàn. Konpa osnon Konpa dirèk se yon estil mizik ki sòti nan melanj de (2) lòt estil mizik: El Tipico Cibaeno ki sòti Repiblik dominikèn ak twoubadou ki se tou yon brasay kèk mizik espanyòl ki sòti limenm, nan Peyi Kiba.

Istwa[edite | modifye sous]

Anvan menm konpa direk te wè jou, fòm mizik sa te toujou konn jwen nan peyi a, menmsi li pat sanble tèt koupe ak li. Si n ap chèche yon papa pou konpadirèk, li pat ap demerit pou nou  ta bay Nemours li. Men, se pa li kit e envante li, li jis adapte li. Si se vre nou ka li kenbe non konpa a pou lane 1955, men si n ap chèche yon dat pou jour rit konpa a kreye a, fòk nou al bouske l pi lwen toujou. Konpa jwenn orijin li nan mereng ayisyen an ki se yon fòm mizik ki trè rapid, ki deferan ak rit konpa a ki vin eslo. Sa vle di pi swa. Konpa direk, se tou yon melanj mizik tipico Cibaeno ak Twoubadou.

Enstriman ki itilize pou reyalisye mizik konpa yo se sitou enstriman ak van tankou: Twonpèt, Klarinèt, Saksofòn…, enstriman ak pèkisyon tankou batri, tanbou, Gong…, epi enstriman ak kòd, tankou gita, piano, vyolon, elatriye.

Konpa Dirèk, ki gen jounen jodi a pat toujou konsa, a mezi tan ap pase, li sibi anpil modifikasyon, ki fèl evolye tou.Dezyèm evolisyon konpa a sibi apre sa ki sot di anwo yo fèt nan kòmansman ane 1965, avèk gwou shleu-shleu, epi avèk poignée d’écoliers ki soti nan bas peu-de-chose. Gwoup say o ak tout moun sa yo te rive detwone mèt konpa a, nan kè fanatik yo. Nan menm ane 60 yo, te gen gwoup tankou “ yé-yé” Française, avèk “Ibo combo”, ki t ap jwe yon konpa ki diferan de konpa Nemours Jean Baptiste la, jiskaske nou abouti ak konpa “Magnum band” nan. Nan ane 66 la menm, vin gen anpil gwoup konpa tankou, les ambassadeurs, les difficiles de Pétion-ville, les fantaisistes de Carrefour, les Loups Noirs, les Shelberts, les shupa-shupa, les corvington, les Vikings d’Haiti, le Skah-sha, le Bossa combo, les incognitos, ki vin bay Tabou-combo

Nan epòk sa, chak katye te bay gwoup konpa pa l, men malerezman, yo pa t fè anpil tan. Pami yo, gen: Les pachas, les légendaires de delmas, pou n site sa yo Sèlman.

Twazyèm evolisyon an vini avèk gwoup Scorpio ak Robert Martino. Moun sa yo vin antre enstriman ak van yo nan konpa a.

Kartyèm evolisyon konpa a vini konnen pi gran siksèl nan ane 80 yo avek: DP Expresse, Scorpio, les Loups Noirs, Bossa combo, les frères Déjean. Se te ane ki make plis moun nan konpa a.

Nan mitan ane 80 yo, avèk evolisyon elektwonik la, konpa a vin oblije adapte ak chajman sa a, parapò ak fasilite ki vin genyen nan pwodiksyon akò mizikal yo sou machin (òdinatè). Anpil Dyaz isit te oblije antre nan chema sa, tankou akòz lòt dyaz yo te konn jwe ak yo nan peyi letranje te gentan antre nan chanjman sa a.

Konklizyon[edite | modifye sous]

Kèlkilanswa chimen konpa dirèk la travèse, li rete makonnen avèk kilti ayisyen an epi eksprime reyalite lavi pèp sila a. Li se yon estil mizik ki soti depi nan lane 1950, travèse plizyè jenerasyon, konnen on latriye modifikasyon, men ki pa janm flechi. L ap kontinye fè chimen li nan jwe wòl idantite pou pèp ayisyen an epi voye kilti avèk tradisyon pèp sila a lwen nan tout kwen nan mond lan.