Aller au contenu

Jewografi Ayiti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Teritwa Repiblik Ayiti a sitou fòme ak yon tyè pati oksidantal zile Ispanyola, yo rele tou "Gran Tè",nan lwès Repiblik Dominikèn lan. Ayiti sitiye ant lanmè Karayib la ak Nò Atlantik Nò a. Nan ansanm sa a, gen plizyè lòt zile ak achipèl ki vin ajoute ladan l, tankou: Lagonav, Zile Latòti, Zile Kayimit, Zile a Vach, Zile Navaz, Zile Kabrit (oswa Zile Kakik), epi Zile Rat[1].

Zòn total Ayiti a se 27,750 kilomèt kare, ki 27,560 kilomèt kare se peyi ak 190 kilomèt kare se dlo. Ayiti gen 1,771 kilomèt nan litoral ak yon 360 kilomèt-fwontyè ak Repiblik Dominikèn.

Fwontyè tèrè Ayiti ak Repiblik Dominikèn

[modifye | modifye kòd]

Fwontyè tèrès ki separe Repiblik d Ayiti ak Repiblik Dominikèn fikse dapre dènye akò bilateral yo.  

  • Limit teritoryal sa a kòmanse nan bouch Rivyè Masak la, suiv kou dlo sa a, epi kontinye sou rivyè Kapotiy jiskaske li rive nan sous li. Soti la, li travèse Mòn Grim, rive sou Rivyè Tènèb, epi li suiv Wout Entènasyonal la ansanm ak Rivyè Latibonit jiskaske pwen kote Latibonit rantre ansanm ak Rivyè Makasya.
  • Apre sa, li remonte Rivyè Makasya jiska San Pedro, travèse Fò Kachiman, epi koupe Rivyè Los Indios pandan li pran direksypn Lak Azuei.
  • Apre li fin kontinye toupre bò lak la, fwontyè a pase pa El Nimewo, Marè Sitwon ak Gwo Ma, epi li desann sou Rivyè Pedènal jiskaske li debouche nan Ansapit.

Tankou nan rès zile a, relyèf Repiblik d Ayiti fòme ak de bann montay prensipal : youn nan nò, epi youn nan sid.

Malgre deforestasyon ki fèt sou gwo echèl atravè tout teritwa a, Ayiti toujou gen kèk zòn ki rete kouvri ak forè, ki pwolonje jiska peyi vwazen an. Se konsa, 2 peyi yo pataje Forè pen Zile Ispanyola a, ki toujou kouvri yon pati nan masif Pik lasèl la ak masif La wòt la.

Mòn Nò yo

[modifye | modifye kòd]

Montay Nò yo gen ladan yo :

  • Chèn Granrivyèdinò, ki mare ak chèn Valyè, chèn Sen Rafayèl, chèn Mamlad, chèn Plezans, ak Mòn Kouplenbe.
  • Chèn Ot-Piton, chèn Mòl Sen Nikola, ak chèn Jan Rabèl.
  • Masif Mòn Nwa yo, ki gen ladan chèn Enri, chèn Kawo, ak chèn Mòn Nwa yo.
  • Chèn Matè a ak chèn Troudo.

Mòn Sid yo

[modifye | modifye kòd]

Montay Sid yo gen ladan yo masif Lasèl ak masif Lawòt. Vèsan nò masif Lasèl la gen ladan yo :

  • Mòn oswa Pik lasèl (2 680 mèt)
  • Mòn Timoun Pèdi yo
  • Mòn Nwa
  • Mòn Lopital

Vèsan sid masif Lasèl la gen ladan yo :

  • Mòn Komisè yo
  • Mòn Bwapen
  • Mòn lanfè
  • Kòkchante
  • Montay Jakmèl

Masif Lawòt la gen ladan yo :

  • Mòn Sangri
  • Bònen Kare
  • Mòn Tètbèf
  • Chèn Pymouth
  • Pik Makaya (2 400 mèt)
  • Kazetach

Plenn yo

[modifye | modifye kòd]

Plenn yo anpil ann Ayiti, e pifò ladan yo se plenn ki sitiye sou litoral peyi a.

Nan masif Nò yo, nou jwenn plenn sa yo :

  • plenn Nò a,
  • vale Twa-Rivyè,
  • plenn Moustik,
  • plenn de Lab,
  • plenn Gonayiv,
  • plenn Latibonit,
  • Plato Santral,
  • plenn Akayè

Plenn Kil-de-Sak la sèvi kòm yon zòn separasyon ant de gwo chenn mòn ki fòme Nò ak Sid peyi a.

Nan masif Sid yo, nou jwenn lòt plenn ak vale sa yo :

  • plenn Leyogàn,
  • plenn Bakonwa,
  • vale Granans lan,
  • plenn Okay,
  • Plato Fon-dè-Nèg,
  • vale Jakmèl la.

Kouran dlo yo

[modifye | modifye kòd]

Divizyon administrativ

[modifye | modifye kòd]

Repiblik Dayiti divize an 10 depatman ak 42 awondisman ak 140 komin ak 570 seksyon kominal.

Gade tou

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « Île à Rat · RD 15 » (in français). Retrieved 2025-11-18.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]