Aller au contenu

Jean de La Fontaine

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Jean de La Fontaine
Deskripsyon imaj Henri Millot - Jean de La Fontaine - A II 792 - Finnish National Gallery.jpg.
Nesans
Château-Thierry (en)
Lanmò
Nasyonalite Frans

Jean de La Fontaine[1], batize 8 jiyè 1621 nan legliz Saint-Crépin-hors-les-murs ki sitiye li Château-Thierry e li mouri 13 avril 1695 nan Pari, li se yon ekriven de Gran syèk la e youn nan prensipal reprezantan klasisism fransè an. A kote. fab ak kont libèten li yo ki te rann li trè selèb depi nan ane 1660 yo. Li ekri plizyè powèm, pyès teyat ak liv opera ki konfime anbisyon moralis li an.

Yon pwòch de Nicolas Fouquet, La Fontaine rete lwen lakou wayal lan, men li frekante salon parizyen yo, an patikilye pa Madame de La Sablière. Malgre opozisyon li te rantre nan Akademi fransè an nan lane 1684[2]. Nan konba ant ansyen yo ak modèn yo, li te ranje li bò kote konfrè li yo Racine ak Boileau nan pati ansyen an.

Li te enspire li de fabilis yo nan Antikite greko-latin lan an patikilye Ésope ki pral pouse li ekri fab kap fè renome li. Premye rekèy ki koresponn a liv I a VI nan edisyon mondèn, te pibliye an 1668, dezyèm lan (liv VII a XI) 10 lane aprè. Dènye an (liv XIX a aktyèl) li date depi 1694. Manyè estetik li ajanse vè yo, plis pote moralis tèks yo ak konpleksite li charye nan premye lekti an, yo makonnen ansanm e ba li siksè patikilye. Fables de La Fontaine[3] lan toujou konsidere tankou youn nan zèv prensipal literati fransè an. Kote fabilis an ap eklipse tanlan kontè li an, otan sousi moralizan li an ap mete nan lonb kont lisansye li yo ki pibliye ant 1665 a 1674.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Jean de La Fontaine se pitit Charles de La Fontaine (1594-1658), mèt dlo yo ak forè yo e kapitèn lachas de dik Château-Thierry, ak Françoise Pidoux (1582-1644), pitit fi Jean Pidoux, senyè Maduère (1550-1610). Li gen yon frè, Claude, fèt an1623, ak yon sè bò manman, Anne de Jouy, ki fèt 1611de premye maryaj manman yo avèk Louis de Jouy, yon gwo komèsan nan Kouloumye.

Li sòti nan fanmi kap vann dra e ki sou wout pou vini nòb. Li pase zanfans li nan Château-Thierry, nan yon otèl patikilye ke paran li yo te achte an 1617 nan moman maryaj yo an. Jean de La Fontaine egzèse wòl mèt patikilye jouskan 1671. Powèt lan ap kontinye jere li jouskan 1676, kote li pral gen sousi ekonomi aprè l te fini dilapide eritaj papa li[4]. Kay sa ap klase moniman istorik nan lane 1887, jodi an li abrite mize Jean-de-La-Fontaine[5].

Lè li vini pi gran li te ale abite nan vil limyè a ki se Pari pou li te ka etidye Dwa. Nan lane 1647 li marye ak Marie Héricart.[6] Epi li mouri 13 avril 1695 nan peyi Lafrans vil Pari. Li se womansye fransè, powèt ak yon moun ki ekri fab. Nan kad vwayaj li yo, li toujou obsève konpòtman bèt yo, e se sa ki pèmèt li ekri tout fab li yo.

Referans

[modifye | modifye kòd]