Jean-Marie Theodat

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib


Jean-Marie Theodat
Image illustrative de l’article Jean-Marie Theodat
Fonksyon ekriven, jeograf
Nesans
Pòtoprens
Nasyonalite ayisyen
Domèn Literati, jewografi


Jean-Marie Dulix Théodat, rele Jean-Marie Theodat, ki fèt nan lane 1961 nan Pòtoprens, se yon ekriven, pwofesè jeografi ayisyen.

Byografi[modifye | modifye kòd]

Jean-Marie Theodat fèt Pòtoprens nan lane 1961. Li se pitit Simone Lafond ak Thomas Théodat. Li te lekòl kay frè Jean-Marie Guilloux. Aprè sètifika li janbe al Saint-Louis de Gonzague. Nan lane 1979 li pati pou peyi Lafrans. Se lè li Pari, nan inivèsite Panthéon Sorbonne li aprann metye jewograf. Li se agreje nan kesyon jeografi. Li gen yon doktora sou kesyon relasyon Ayiti avèk Dominikani nan lane 1998. Li ekri plizyè atik ak yon liv sou kesyon saa.

Li anseye nan plizyè inivèsite, Pòtoprens, Pari pou pi fò. Li se redaktèanchef yon magazin elektronik yo rele Echo Geo.

Rektè inivèsite Limonade Henry Christophe soti 2012 pou rive 2015. Li se pwofesè nan UEH ki se Inivèsite Leta Ayiti, pi gwo etablisman ensèyman siperyè nan peyi a. Li bay kou nan Lekol Normal Siperyè ak nan Fakilte Syans kote li se responsab yon nouvo mastè bileng ki rele URBATeR. Yon pwogram pou fòme ibanis ki kapab leve defi bati yon vil miyò.

Zèv li yo[modifye | modifye kòd]

Piblikasyon[modifye | modifye kòd]

  • 2023 : Oser la Liberté. Katalòg ekspozisyon sou moun ki t ap goumen pou libète. Paris, Edisyon Patrimoine, CMN.
  • 2023 : Après Vertières. haïti épopée d'une nation. Paris, Hémisphères. Avec Jean-Claude Bruffaerts.
  • 2021 : Haïti-France : les chaînes de la dette, Paris, Hémisphères.
  • 2021 : Fatras Port-au-Prince. La Seyne sur mer, Editions Parole.
  • 2017 : Des décombres et des hommes, Editions de l'UEH, Port-au-Prince.
  • 2008 : Coopération et intégration, perspectives panaméricaines, Paris : Edisyon l'Harmattan
  • 2003 : Haïti-République dominicaine une île pour deux, 1804-1916, Pari : Edisyon Karthala, (ISBN 2-84586-379-9)
  • 1991 : Le Tiers-Monde en crise pourquoi ?, l'exemple de la république d'Haïti Paris : Edisyon Diapofilm
  • Mache chèche konnen kijan frontyè a make dos mòn yo, make jan moun pale, jan moun achte jan moun vann nan tout zòn soti depi Ansapit rive Wanament nan zile de peyi depaman ap viv do pou do
  • Mache chèche konnen kijan lanmè Karayib la ap bwase pou vini yon platfòm nan mitan de kontinan k'ap bat pou mache men nan la men.

Patisipasyon nan pwojè ak ekip chèche konnen[modifye | modifye kòd]

  • 2007 : Eau et développement : évaluation de l’impact des politiques d’aide à l’approvisionnement en eau dans les quartiers difficiles de Port-au-Prince nan yon missyon finanse pa AFD en oktòb-novanm 2007 nan Ayiti
  • 2007 : Evaluation de l’impact de la violence et de l’insécurité dans les villes en Haïti, Ekip Inur nan Potoprens
  • 2007 : Périsud : dynamiques territoriales à la périphérie des métropoles des Suds, pwogram koordone pa Jean-Louis Chaléard, nan syans imen an ak sosyal « les Suds, aujourd’hui » (ANR avèk IRD)

Chay administrativ e syantifik[modifye | modifye kòd]

  • Direktè adjwen UMR 8586 depi janvye 2007- 2009
  • Manm Commission des Spécialistes du département de géographie de l’Université Panthéon-Sorbonne (depi 2000)
  • Manm jiri agregasyon istwa : kodireksyon ekri (depi 2005).
  • Manm jiri konkou HEC Chanbre de Commerce de Paris (CIPCEA).
  • Manm jiri master Géographie des pays émergents et en développement, Université Paris 1 (depi 2005)
  • Manm konsey syantifik PRODIG (depi 2005)
  • Manm konsey syantifik Bibliothèque de l’Institut de géographie (depi 2005)
  • Redaktèanchef Echogéo (depi 2007)
  • Manm konsey syantifik Conjonction de l’Institut Français d’Haïti.
  • Manm jiri pou soutni tèz doktora Lena Poschet El-Moukden (EPFL), sektanm 2006, Lozann.
  • Manm jiri pou soutni tèz doktora Michaël Lévy (IHEAL), fevrye 2006, Apari.
  • Manm jiri pou soutni tèz doktora Marie Redon (Université Panthéon-Sorbonne) desanm 2007, Apari.
  • Manm jiri festival Territoires en images, Arrimage (2005 et 2007)
  • K onseye siantifik expozisyon Kreyòl Faktori Grande Halle de la Villette (Avril-juillet 2009)
  • Editoryalis pou revi Echogeo
  • Prezidan Campus Henry Christophe de Limonade, 2012-2015
  • Manm URBATER, pwogran mastè sou ibanism nan kote moun ap viv ak malè pandye, kit se tranblemandtè, ki t se siklòn, kit se maladi. Se yon pwogram koperasyon bèlj la soutni ak voye pwofesè pou ankadre rechèch ann Ayiti.
  • Direktè Depatman Jewografi UFR08 Université paris 1 Panthéon Sorbonne. Février 2024

Kou nan inivèsite[modifye | modifye kòd]

  • Aires culturelles et territoires de la mondialisation, Master Recherche Géographie des pays émergents et en développement (Université Paris 1).
  • Inégalités du développement, nivo Master I (Université Paris 1).
  • Kou videyo, pou nivo Lisans nan Inivèsite Paris 1.
  • Kou Nature culture et pouvoir, nivo Master II, (Université Paris 1).
  • Li bay kou sou zafè zile Kiskeya a, kote de peyi ap viv, chak moun sou yon bò depi anpil tan, san anpil ale vini ki ta ka pèmèt komès ak kilti pote lavi ak aktivite nan zòn nan. Jodi a sitiasyon an chanje : chak jou gen plis moun k ap janbe fwontyè a, plis machandiz y al vann nan mache ki tanmen depi douvanjou de fwa pa semèn nan anpil mache sou fwontyè a.

Theodat bay kou sou Amerik Latin tou. Li patisipe nan pwogram chèche konnen sou zafè devlopman andeyò lavil Lima nan peyi Pewou. Li bay kou nan inivèsite San Marcos (UMSM), Lima. Li bay kou nan inivèsite Pontificia Universidad Catolica del Ecuador (PUCE).

Tèz dirije[modifye | modifye kòd]

  • Les îles divisées : Quisqueya, Saint-martin et Timor pa Marie Redon, souteni nan mwa desanm 2007. Kodireksyon avèk Jean-Louis Chaléard
  • Trajectoires des Cubains à Miami, tèz Violaine Jolivet, commencée en 2006. Kodireksyon avèk Jean-Louis Chaléard

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]