Iléus Papillon
Iléus Papillon, ki fèt 8 jen 1984 nan komin Pò Mago, depatman Nò (Ayiti), se yon powèt-dizè, jounalis, sosyològ, Istoryen epi piblisis ayisyen.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Li gen yon metriz nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn. Lan lane 17 li te resevwa yon bous gouvènman kanadyen pou al redije memwa metriz li nan Inivèsite Laval, Kebèk, Canada[1]. Li travay memwa li sou Patrimwàn bati
Li ap travay nan Akademi Kreyòl Ayisyen. Li te kolabore nan radio Vision 2000. Iléus te travay nan jounal Le National ak radio Pacific. Anpil atik sou Iléus PAPILLON soti nan jounal etranje tankou Ayiti: Le Nouvelliste, Le National, Haïti en Marche, elatriye. Li te etidye sosyoloji nan fakilte etnoloji (2008-2012) nan inivesite leta dayiti epi l te resevwa yon fòmasyon nan kominikasyon radyo ak tele nan CUEP nan lane 2008. Epi nan menm ane a, li ta pral entegre l nan enfòmatik biwotik nan UNITECH. Etanke yon dizè, li te konn pran abitid li pifò nan tèks, li andirèk nan plizyè medya lokal ak lòt kote. Li te konn renmen patisipe nan « vandredi literè » ke Lyonel Trouillot konn òganize nan Inivèsite Karayib ak lot espas literè ankò tankou : Bibliyotèk Araka, Bibliyotèk Justen Lerison kafou a, Enstiti Fransè Ayiti, Tanbou literè, Vandredi Etno ak lòt ankò.
De 2003 rive 2006, li te travay etanke metè annond nan radyo Fantastik Pò Mago a. Epi nan lane 2010 ak 2011, chak dimanch nou te konn jwenn li etanke animatè avèk madam Stéphanie François nan emisyon « siwo myèl » sou radyo Planèt kreyòl.[2] Premye rekèy pwezi li, te pibliye nan lane 2009 e ki te gen pou tit « dans la prison de ton corps » ki se yon dedikas pou yon kò fanm.
Li resevwa plizyè gran pri nasyonal ak entènasyonal pou zèv li yo.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]Pwezi
[modifye | modifye kòd]- 2009 : Dans la prison de ton corps. Pòtoprens : Imprimerie Vilsin, 2.
- 2010 : Tessons de vers. Pòtoprens : edisyon Bois d’Orme, 2010; 2e édition modifiée: Port-au-Prince: Presses Nationales d’Haïti, 2012[3]
- 2012 : Tribòbabò. Pòtoprens : Près Nasyonal d’Ayiti
- 2012 : Tessons de rêves, Pòtoprens : Près Nasyonal d’Ayiti
- 2012 : Maux de passe, Chasseur abstrait Éditions, Frans
- 2013 : Les autres itinéraires/Chimen dekoupe, (album CD), Média-Texte, Pòtoprens
- 2015 : Sèt priyè lari, compte d’auteur, Impr. Zwiltech, Pòtoprens
- 2016 : Sèt kle pou louvri letènite (Nouvèl), edisyon Moderable, Etazini
- Planète, je frappe à ta porte (byento)
Zèv kolektif
[modifye | modifye kòd]- 2018 : Les jeunes haïtiens dans les Amérique, collection, anba Direksyon Louis Herns Marcelin, Henri Dorvil ak Toni Cela, Presses de l’Université du Québec
- 2015 : Haïtiennes. Portraits des femmes militantes, TRAMBLEY Émilie et DORCÉ Ricarson sous la dir. de, Éditions Sciences et bien commun, Canada, 2015;
- 2015 : Anthologie de la poésie haïtienne contemporaine, anba direksyon James Noël, avèk Dany Laferrière, Frankétienne, edisyon Le Point, Frans
- 2013 : Chemins poétiques/Caminos poeticos, anba dirèksyon Edgar Gousse, Éditions Trois Amériques, Montréal Canada
- 2013 : Paix et Respect pour Haïti la première République Noire du Monde, Collectif d’auteurs. Les Editions du Net (LEN)
- 2011 : 135 poètes créoles d’Haïti de 1750 à 2011, Christophe Philippe CHARLES. Port-au-Prince, Editions Choucoune
- 2013 : 20 poètes. Anthologie, Le Chasseur abstrait éditeur, France,
Atik
[modifye | modifye kòd]- Quand les vagins s’adressent aux étudiants, jounal Le Nouvelliste (novanmm 2011)[4].
- Tach Solèy le poète Clément Benoit II se détache. Haïti Press Network (desanm 2011)[5]
- Une Université « dominicaine » dans le Nord historique d’Haïti. Campus Roi Henry Christophe de l’Université d’État d’Haïti : Affront à la Nation haïtienne. Revi L’Indigène (fevriye 2012) ak Tribune (avril 2012).
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Illéus Papillon, récipiendaire du grand prix Créole aux États-Unis » (in français). Retrieved 2025-10-28.
- ↑ « Iléus Papillon ». Île en île (in français). 2013-01-04. Retrieved 2025-10-23.
- ↑ « Iléus Papillon, le poète qui fait le choix d' une poésie à la fois intense et sensuelle ». lenouvelliste.com. Le Nouvelliste. Retrieved 29 janvye 2019.
- ↑ « Quand les vagins s'adressent aux étudiants/tes ». Le Nouvelliste.com. Retrieved 1 fevriye 2019.
- ↑ « Haïti-littérature:dans Tach Solèy le poète Clément Benoit II se détache ». hpnhaiti.com. Archived from the original on 2019-02-02. Retrieved 1 fevriye 2019.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Iléus Papillon sou Île en île