Aller au contenu

Honoré de Balzac

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Honoré de Balzac
Deskripsyon imaj Honoré de Balzac (1842) detail.jpg.
Nesans
Tours (en)
Lanmò
Nasyonalite Frans

Honoré de Balzac, non plim li se Honoré Balzac[1]. Li fèt 20 me 1799 (1mye preryal lane VII nan kalandriye repibliken an) nan Tour li mouri le 18 dawout 1850 nan vil Pari, se yon ekriven fransè. Womansye, kritik atizay, dramatij, kritik literè, eseyis, jounalis ak enprimè, li te kite youn nan pi enpozan zèv womanès nan literati fransè an, avèk plis pase katreven dis woman ak nouvèl pibliye ant 1829 a 1855, reyini sou tit sila a La Comédie humaine. Deplis sa yo nou genyen Les Cent Contes drolatiques, ak woman jenès yo ki pibliye sou lòt fo non e kèk vennsenk lòt zèv eboche.[2]


Li se yon mèt nan woman fransè an, kote li abòde plizyè jan, sòti nan woman filozofik avèk Le Chef-d'oeuvre inconnu ale nan woman fantastik La peau de chagrin ankò nou ka di woman powetik Le Lys dans la valée. Li sitou te eksele nan nannan reyalis lan, nou ka wè Le Père Goriot ak Eugénie Grandet.[3]

Tankou li eksplike li nan avan pwopo La Comédie humaine, li gen pou pwojè idantifye « espès sosyal yo » de epòk li an, tankou Buffon te idantifye espès zowolojik yo. Lektè Walter Scott li yo ap dekouvri ke woman an ka aspire pa yon  « valè filozofik », li vle eksplore diferan klas sosyal ak endividi ki konpoze yo pou li « ekri istwa ki pa abòde pa plizyè istoryen, ki se sou mès yo » ak « konkiranse tou leta sivil lan ».

Otè an dekri ekspansyon kapitalis lan, monte boujwazi an fas a nòb yo, nan yon relasyon konplèks makonnen ak aksyon meprizan anplis enterè komen yo genyen. Li enterese pa zèt ki gen desten, l ap kreye de pèsonaj ki pi gran nati an : « Chacun, chez Balzac, même les portières, a du génie » (Baudelaire). Opinyon politik li yo te difisil a dekòtike : si li dakò lejitimite total monachi an nan mwa jiyè, avan sa li te deklare l li liberal. Li defann enterè travayè yo ant 1840 ak 1848, ide sa yo li pote yo sèlman nan yon woman ki rele L'Interdiction. Pandan lap pwone de ide konsèvatwa, li pwodui zèv ke Marx ak Engels admire, ki menm envite pa sèten aspè ladan l pa anachis ak revòlt. Balzac te pouse anpil pa elòj kont- revolisyonè sa a Léon Daudet, ki rive wè lakay li youn nan jeni ki ra nan literati fransè XIXyèm syèk lan. Li se yon otè ki te prezève de enfliyans womantis lan. Akote pwodiksyon literè li yo, li te ekri atik nan jounal yo e te dirije youn dèyè lòt de revi, ki pa mache. Li te kwè nan wòl majè ekriven an, ki dwe dirije pa panse a, li t ap lite pou respè dwa otè yo e kontribiye tou nan fondasyon sosyete moun lèt yo.

Travayè achane, frajilize pa eksè li yo, sa yo vin koz sante li vini frajil. Li te gen anpil dèt tou. Aprè anpil envestisman o aza ak lòt eksè, li prale menm viv nan kache akoz tout sa yo e menm chanje non ak kay plizyè fwa. Balzac te gen tou plizyè relasyon avan li marye an 1850 avèk kontès Hańska, ke li te koutize pandan disèt lane. Kòm lajan l te konn rantre nan pwofesyon li an pat ase pou peye dèt li, li te antèt plizyè pwojè ekstraòdinè tankou : yon enprimri, yon jounal, yon min lajan. Se nan yon palè ki trouve li nan ri Fòtine ke l mouri, krible pa dèt nan mitan yon liks san parèy.[4]

Yo li l e admire nan tout Ewòp lan. Balzac gen anpil enfliyans sou ekriven nan tan li an ak syèk aprè an. Prensip retou pèsonaj ki evolye an e transfòme nan vas sikl womanès te enspire de ekriven tankou Émile Zola, Guy de Maupassant, Marcel Proust ak aletranje, ekriven britanik lan Anthony Trollope. Zèv li yo kontinye reyedite. Yo menm adapte La Marâtre nan sinema an 1906, depi lè sa a adaptasyon sinematografik ak televizyèl de gwo tonton tèks sila a se miltipliye, plis pase yon santèn fim ak telefim pwodui sou li atravè mond lan.[5]

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Honore de Balzac fèt 20 me 1799. Li se pitit youn nan sekretè wa a epi dirèktè pwovizyon. Li t ap travay pandan li te lekòl kay yon notè, kote li te vin enfliyanse nan dram familyal. Lè l vin gen 20 lane,li pase bakaloreya nan dwa men li deside konsakre li nan literati malgre li te jwenn kritik. Honoré de Balzac te yon gwo ekriven nan 19yèm syèk la. Yon mèt woman fransè ak yon figi dirijan nan ekriti rijid. Yo te rekonèt li pou stil reyalis ak vizyonè li ki enspire refleksyon filozofik. Anplis pwodiksyon literè prolifik li a, li te ekri atik jounal epi li te dirije koze enpresyon tou de jounal yo. Li te gen yon gwo enterè nan espès imen an, e pasyon sa a pou limanite te bay nesans a youn nan travay fiksyon li ki te pi enpresyonan detoulètan: Komedi Imèn nan, ki gen ladan yon koleksyon plis pase 90 travay (woman, istwa kout, kont ak redaksyon) epi ki pentire yon gwo pòtrè sosyete epòk womansye a.

Nòt ak referans

[modifye | modifye kòd]
  1. admin1184. « Biographie de Honoré de Balzac ». Arvensa Editions (in français). Retrieved 2025-11-21.
  2. « Honoré de Balzac » (in français). 2025-11-12.
  3. « Honoré de Balzac, chef de file du réalisme » (in français). Retrieved 2025-11-18.
  4. https://www.historia.fr/personnages-historiques/biographies/balzac-est-il-un-genie-longtemps-incompris-crible-de-dettes-et-mort-depuisement-15-idees-recues-decryptees-2191545. Missing or empty |title= (help)
  5. « Comment le cinéma est-il tombé amoureux d'Honoré de Balzac ? » (in français). 2021-10-13. Retrieved 2025-11-18.