Aller au contenu

Francisco Goya

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Francisco de Goya
Fonksyon
Peintre de cour (en)
Biyografi
Nesans
Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Fuendetodos (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Lanmò
Gade epi modifye done yo sou Wikidata (ak 82 ane)
BordoGade epi modifye done yo sou Wikidata
Tonm
Cimetière de la Chartreuse (d), cimetière Saint-Isidore de Madrid (en), église San Antonio de la Florida de Madrid (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Non nan lang matènèl
Francisco José de Goya y LucientesGade epi modifye done yo sou Wikidata
Nasyonalite
Domisil
Quinta del Sordo (en) (-)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Fòmasyon
École Saint Thomas d'Aquin des Écoles pies de Saragosse en Espagne (d)
Real Academia de Nobles y Bellas Artes de San Luis (d)
Académie royale des Beaux-Arts Saint-Ferdinand (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Aktivite
Aits pent, aquafortiste, dessinateur ou dessinatrice, lithographe, graveur ou graveuse d'estampes, artiste visuel ou artiste visuelleGade epi modifye done yo sou Wikidata
Papa
José Benito de Goya y Franque (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Manman
Gracia de Lucientes y Salvador (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Fratri
Camilo Goya y Lucientes (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Conjoint
Josefa Bayeu (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Enfant
Francisco Javier Goya Bayeu (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Parantèl
Francisco Bayeu y Subias (en) (beau-frère)
Manuel Bayeu (en) (beau-frère)
Ramón Bayeu (en) (beau-frère)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Lòt enfòmasyon
Manb
Real Academia de Nobles y Bellas Artes de San Luis (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Mouvman
Romantis, wokoko (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Mèt
José Luzán (en), Joaquín Ibáñez de Jesús y María (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Jan atistik
Peinture de portrait (en), peinture mythologique (d), peinture de bataille (d), peinture d'histoire (en), peinture religieuse (d), pòtrè, scène de genre (en), nature morte (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Enfliyanse pa
Jérôme Bosch (en)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
Blòk done envalid nan module infobox : imaj
Zèv prensipal
La Maja nue (d), Saint Bernardin de Sienne prêchant devant Alphonse V d'Aragon (d), Tres de mayo (d), La Maja vêtue (d), Los Caprichos (d)Gade epi modifye done yo sou Wikidata
siyati Francisco Goya
Siyati
Plak komemorativ
Imaj tonm nan.

Francisco José de Goya y Lucientes te yon gwo pent ak graveur panyòl ki fè pati mouvman romantis la. Li fèt 30 mas 1746 e li mouri 16 avril 1828. Yo konsidere l kòm pi gwo atis Panyòl nan fen dizwityèm syèk la ak kòmansman diznevyèm syèk la. Travay li yo penti, desen, ak graviti montre chòk ak boulvèsman tan li t ap viv la. Yo te enfliyanse anpil atis ki vini apre li, nan diznevyèm ak venzyèm syèk la.

Biyoografi

[modifye | modifye kòd]

Francisco José de Goya y Lucientes te yon gwo pent ak graveur panyòl ki fè pati mouvman romantis la. Li fèt 30 mas 1746 e li mouri 16 avril 1828. Yo konsidere l kòm pi gwo atis Panyòl nan fen dizwityèm syèk la ak kòmansman diznevyèm syèk la. Travay li yo penti, desen, ak graviti montre chòk ak boulvèsman tan li t ap viv la. Yo te enfliyanse anpil atis ki vini apre li, nan diznevyèm ak venzyèm syèk la[1].

Goya souvan konsidere kòm dènye mèt tradisyonèl yo ak premye atis modèn nan.

Li fèt nan yon fanmi senp nan Fuendetodos, nan rejyon Aragon, an 1746. Depi laj 14 an, li t ap aprann penti ak José Luzán y Martinez, epi pita li ale Madrid pou l kontinye etid li ak Anton Raphael Mengs. An 1773, li marye ak Josefa Bayeu. An 1786, li vin pent ofisyèl pou kouròn panyòl la. Nan peryòd sa a, li fè anpil pòtrè pou fanmi wa yo ak aristokrat, epi li kreye katon pou tapi ki te sèvi pou dekore palè wa yo.

Malgre gen kèk lèt ak ekriti Goya ki rete, yo pa konnen anpil sou panse l. An 1793, li fè yon gwo maladi yo pa t rive idantifye ki kite l soud. Apre sa, penti li yo vin pi fènwa, plis tris, plis pwofon. Travay li yo te kòmanse montre doulè pèsonèl li, refi sosyal ak politik li, e yo te vin diferan de lavi sosyalman elve li te genyen.

An 1795, yo nonmen li direktè Akademi Wa a. Nan menm ane sa, politik peyi Espay chanje anpil ak trete ki te siyen ak Lafrans. An 1799, Goya vin Premye Pent Kouròn nan pi gwo pozisyon yon atis ka genyen nan peyi Espay. Se nan menm tan sa a li fini youn nan tablo li yo ki pi fè pale, La maja desnuda, yon nu odasye lèzòm, ki montre enfliyans pent Diego Velázquez sou li.

Ant 1800 ak 1801, li fè tablo Charles IV d’Espagne et sa famille, yon pòtrè fanmi wa a ki montre gwo kapasite li pou melanje onè ak kritik.

An 1807, Napoléon mennen lame fransè nan peyi Espay, e lagè sa a make Goya anpil. Pandan lagè a, li rete Madrid, e eksperyans sa a reflete nan travay li pita espesyalman nan seri graviti « Les Désastres de la Guerre », ansanm ak penti « Le Deux Mai 1808 » ak « Le Trois Mai 1808 ». Nan anpil lòt travay li, Goya montre vizyon li sou foli, sou wanga, sou koripsyon politik ak relijye, sou pè ak imajinasyon, tankou nan seri « Les Caprices » ak « Les Disparates ».

Nan fen lavi li, li fè Pentti Nwa yo (Peintures noires) ant 1819 ak 1823, dirèkteman sou miray kay li, Quinta del Sordo (« Kay Boud la »). Goya te vin dezapwente ak politik peyi Espay e li te chwazi viv an izolman.

An 1824, li kite peyi Espay pou l al viv nan Bòdo, Lafrans, ansanm ak jèn sèvant li, Leocadia Weiss, ki te petèt konpayon li. Laba, li kontinye travay sou La Tauromaquia ak lòt tablo. Apre yon aksidan vaskilè sèbwo ki paralize l sou bò dwat, Goya mouri 16 avril 1828, a laj 82 an.

Premye ane yo (1746–1771)

Kay kote Francisco Goya te fèt, Fuendetodos, Zaragoza

Francisco de Goya te fèt nan vil Fuendetodos, nan rejyon Aragon, peyi Espay, 30 mas 1746. Paran li yo te rele José Benito de Goya y Franque ak Gracia de Lucientes y Salvador. Menm ane li fèt la, fanmi an te kite vil Zaragoza, san yo pa vrèman konnen rezon an. Yo sipoze papa l, José, te jwenn yon travay nan zòn nan. Fanmi an t ap viv yon lavi mwayen senp, pa rich, men pa pòv nèt tou.

Papa Goya te pitit yon notè, epi fanmi li te gen rasin basc, soti nan vil Zerain. Li te travay kòm òfe dore (moun ki kouvri objè ak lò), espesyalman nan zafè relijye ak dekorasyon legliz. Se li menm ki te okipe travay lajan ak orneman pandan rekonstriksyon bazilik Notre-Dame du Pilier (Santa Maria del Pilar), ki se pi gwo legliz Zaragoza.

Francisco te katriyèm pitit nan fanmi an. Li te gen yon sè ki rele Rita (fèt 1737), yon frè Tomás (fèt 1739) ki te kontinye metye papa l kòm òfe dore, ak yon lòt sè ki rele Jacinta (fèt 1743). Apre sa, paran yo fè de lòt pitit gason ankò : Mariano (fèt 1750) ak Camilo (fèt 1753).

Fanmi manman li, bò Lucientes yo, te gen kèk pretansyon nobilès e kay yo te gen anblèm fanmi an (zam nobilès). Alantou 1749, paran Goya yo achte yon ti kay nan Zaragoza, epi yo retounen viv nan vil la. Pa gen okenn dokiman ki montre kijan Goya te pase anfans li, men yo panse li te ka ale lekòl nan Escuelas Pías de San Antón, yon lekòl relijye kote timoun yo te aprann gratis.

Goya te aprann li, ekri, konte, epi li te gen kèk konesans klasik, men li pa t parèt kòm yon etidyan ki te gen anpil pasyon pou filozofi oswa teyoloji. Daprè istoryen atistik Robert Hughes, Goya te yon moun pratik, ki te gade penti plis tankou yon metye pase kòm yon filozofi.

Pandan tan lekòl la, Goya te vin gen yon zanmi pwòch ki rele Martín Zapater. Yo te rete zanmi pandan plizyè dizèn lane, e Goya te ekri l plis pase 130 lèt soti 1775 jouk lanmò Zapater an 1803. Lèt sa yo se yon gwo sous enfòmasyon sou lavi pèsonèl Goya pandan premye ane li nan kour panyòl la.

Vwayaj ann Itali

[modifye | modifye kòd]

Lè Goya gen 14 an, li kòmanse etidye atizay ak pent José Luzán. Travay li te konn fè se kopye modèl ak graviti pou pratike, pandan kat ane. Apre sa, li te santi li vle travay pou kont li. Daprè sa li ekri pita, li di : “Mwen vle pentire ak pwòp imajinasyon mwen.

Apre sa, li deplase pou Madrid, kote li kontinye etid li ak gwo pent Anton Raphael Mengs, ki te trè respekte nan kour wa a. Men, Goya pa t twò dakò ak metòd pwofesè a, e egzamen li yo pa t bay bon rezilta. Li eseye antre nan Akademi Wayal Bèl Atizay San Fernando an 1763 ak 1766, men yo refize l toulede fwa. Nan epòk sa a, Wòm te sant kiltirèl Ewòp la. Tout modèl klasik yo te la, pandan ke Espay, menm ak tout richès li nan tan lontan, te manke yon direksyon atistik klè. Goya pa t jwenn okenn bousdetid, men li pran kouraj li, li ale Wòm ak pwòp mwayen li. Dokiman sou vwayaj li nan Itali yo ra anpil. Gen kèk biyograf ki di li te ale ak yon gwoup tòreadò, e ke li te konn travay kòm akrobat nan lari. Gen lòt ki di li te konn travay pou yon diplomat Ris, oswa menm li te tonbe damou ak yon jèn relijyez li te vle retire nan kouvant. Men istwa sa yo pa gen prèv klè[2].

Yo panse pandan sejou li nan Itali, li te fè de penti mitolojik :

[modifye | modifye kòd]
  • Sacrifice à Vesta
  • Sacrifice à Pan

Tou de te fèt an 1771.

Nan menm ane 1771 la, Goya te genyen dezyèm pri nan yon konkou penti vil Parme te òganize. Apre sa, li retounen nan Zaragoza, kote li fè penti sou kupòl bazilik Pilar la (tankou Adorasyon non Bondye a), ansanm ak yon seri fresk pou Chartreuse d’Aula Dei ak Palè Sobradiel.

Li kontinye aprann ak pent Francisco Bayeu y Subías, epi teknik li yo vin pi delika, pi presi. De atis yo vin tounen zanmi, e nan 25 jiyè 1773, Goya marye ak sè Bayeu a, Josefa Bayeu, ke li te konn rele “Pepa.”

Premye pitit yo, Antonio Juan Ramon Carlos, fèt 29 out 1774. Pami sèt lòt pitit yo fè, sèlman youn, yon pitit gason ki rele Javier, rive viv jiska laj granmoun[3].

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. « The Frick Collection: Exhibitions ». Retrieved 2025-10-16.
  2. Estala, Unai. « http://www.zerain.com/francisco-de-goya,lista,57,famous-people-from-zerain,21,know-it,3 » (in basque). Archived from the original on 2017-10-22. Retrieved 2025-10-16. External link in |title= (help)
  3. « Cartas de Goya a Martín Zapater. - Museo Nacional del Prado » (in espagnol). Retrieved 2025-10-16.