Filozofi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche


Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl

Filozofi se egzèsis entelektyèl baze sou voyemonte rezonab. Objektif disiplin sa se pou abouti ak yon sistèm ki ka pèmèt kretyen vivan reponn ak keksyon tankou ki wòl nou sou latè, kote nou soti, kote nou prale. Nan disiplin sa ki anglobe tout egzèsis entelektyèl espekilativ sa yo, gen branch ki devlope ak yon tradisyon ansyèn ke konvansyon rekonèt kòm branch etabli nan domèn filozofik akademik.

N ap devlope kounye a branch ke syans sa genyen.

Epistemoloji[modifye | modifye kòd]

Branch nan filozofi ki gen pou objektif fouye sou lanati konesans ; setadi bagay nou ka konen, bagay nou paka konen. Gen plizyè filozòf ki travay nan domèn sa-- nonm tankou Platon ak Aristote. de filozòf sa yo reprezante de teyori maje nan epistemoloji. setadi, teyori ideyalis la, ak teyori reyalis la. nan teyori ideyalis, aderan teyori sa kwe ke vrè verite ya ekziste nan yon fòm esansyèl ki transande tout apwoksimasyon nan mond fizik la. Gen menm ideyalis ki di ke sa nou we nan mond fizik la se yon lonbray de fom ideyal la ke nou paka vreman we ak sans komen yo (zwe, zorey, men, santi, ak goute). Pou sipòte konsepsyon sa, ideyalis yo gen tandans pran matematik kòm yon langaj ki pèmèt nou dekouvri plizye bagay nan mond sa, men menmsi nou trase yon sèk ak enstriman ki pi presi nan mond lan, nou pap jame vrèman arive prè ekwasyon sèk la ki se (x-h)^2 + (y-k)^2 = r^2( h ak k se kowodone pwen sentral sèk la, r se reyon sèk la). Daprè ideyalis yo, se ekwasyon sa ki vrèman fòm esensyèl yon sèk ki egziste sèlman nan mond ideyal. yon mond ki ka sèlman penetre avèk zouti abstrè-mantal. Bagay yo totalman diferan nan kan reyalis la--- yo we bagay la nan yon lòt lonevi; pou yo, se opoze ya ki vrè, setadi se mond sensoryel la ki egziste. nonm tankou aristot kwe ke nan pwen bagay ki egziste an deyò mond lan, se pa mond lan kap eseye fe sans ak ide ya, okontre, dapre filozof reyalis yo, se ide mental la kap eseye fè sans ak vrè fom esansyèl la ki se mond sa. Ti mesye reyalis yo gen yon lòt non ke yo ba yo nan etid akademik filozofik ki se "anpirisis". Nèg sa yo, se nèg ki kwe nan sa ke yo rele "sipremasi sensoryèl", setadi ke tout verite ki gen vale ekzistansyèl irefitab dwe fè pati de mond sa. konye la nan etid monden filozifik, pa gen okin akademik ki entènalize eksklisivman yonn nan teyori sa yo--- paske kompite ki pemet moun etidye de pre fenomen konpleks tankou fraktal, mond fisik pèmèt matematisyen penetre yon paket ide abstrè nan matematik. sa sijere ke gen yon enterelasyon ant mond abstra ya ak mond sensoryèl ke Platon ak Aristote te souzestime. daye, listwa resen entelektyèl lemond demontre ke gen yon sipepozisyon irefitab nat mond abstrè ya ak mond sensoryel la ( setadi len depann de lot pou avanse nan yon fason ou yon lot)-- reyalis devlope lasyans ak sans yo ke yo itilize nan obsèvasyon syantifik yo, men yo bezwen ide matematik yo pou fè sans ak entèprete ou teyorize sa yo obsève ya. Nan ka sa, li fè sans pou fe ke verite sanble gen yon ale mennen vini ke lap fe ant mond ideyal la e mond sensoryèl la.

Teyoloji[modifye | modifye kòd]

Branch nan filozofi ki etidye bagay ki gen pou li we ak konsèpsyon sipènatirèl ; tankou zafè Bondye, santa, ak lespri, e relasyon ke antite sa yo sipoze genyen ak kretyen vivan. gen plizyè gwo filozòf nan teoloji--- nonm tankou augustin, thomas aquinas. Augustin sete yon filozòf katolik ki posede yon intelek pwisan, li ede legliz katolik evite yon pakèt pwoblèm filozofik tankou paradoks aparan nan Labib. Li se premye filozòf kretyen ki aksèpte ke se pa tout moun ki pa kwè nan Jezi ki pral nan lanfè. Li dekouraje tou entèpretasyon literal labib, sitou entèpretasyon apokaliptik yo. pa egzanp, nan kòmansman listwa legliz kretyèn lan, se gen yon tandans pou moun lye tout ti ge, ak pwoblèm natirèl kòm prèv ke retou Jezi ap rive sou nou. Augustin fe rekonèt ke se pou aderan sispann fe bagay konsa paske listwa lemond chaje avèk ge ant nasyon, shaje ak kalamite ki te pi mal ke sa nou ap we jodi a menm anvan nesans Jezi. setadi, le moun pral jije sa, le yo we ke te gen kalamite ki te pi mal, yap pral pase nou nan rizib. Enfliyans Augustin ale nan menm agiman nap kont abosyon jodia. pa egzanp, prèt katolik di ke depi nan moman konsepsyon, gen yon nanm ki rantre nan gamèt menmsi li reprezante yon selil. Se Augustin ki te vin avèk ide sa pou dekouraje enfantisid elatriye. men ide sa rankontre yon gwo pwoblèm nan ka vre marasa. lasyans pwouve ke vrè marasa soti nan divizyon yon sel gamet--- si augustin di ke nanm lan endivizib, e ke nanm lan rantre nan moman konsepsyon, alò ka vre marasa kontredi teyori sa paske li montre ke entrodiksyon enstantane nanm lan nan moman konsepsyon mityèlman eksklisiv ak endivibilite menm nanm sa. setadi nan ka vrè marasa, swa nanm lan endivizib, ou li pa rantre nan moman konsepsyon an.

Lojik[modifye | modifye kòd]

Branch ki etidye deklarasyon ak relasyon deklarasyon sa yo genyen antre yo pou detèmine vale veridik yo. Nan lojik deklarasyon sa yo gen yon non espesyal ki se "pwopozisyon".

Yon nan relasyon ki enpòtan anpil nan lojik se yon pwosesis konitif ke yo rele "enferans".

Enferans se pwose ki pèmèt ou fè yon konklizyon daprè sa ou konen ou ou sipoze ou konen. Sa ou sipoze ou konen an yo rele li "premis".

Gen plizyè enferans, enferans disjonktiv, enferans kondisyonèl.

Ekzanp enferans disjonktiv : gen de moun ki gen kle kay la, se ti mari ak ti poushon. Si pòt la ouve, se youn nan yo pou ki ta ouve li.

Ti mari Okap, li pa Pòtoprens. Setadi, se pa timari ki ouve pòt. Si se pa timari, fok se ti poushon. Konklizyon sa valid lojikman paske se yon konklizyon ke nou abouti ak li atravè enferans disjonktiv lan.

Etik[modifye | modifye kòd]

Branch nan filozofi ki gen pou detèmine vale moral aksyon yon kretyen vivan. Gen plizyè sistèm ki devlope pou reponn ak pwoblèm sa ; men de pi gran sistèm ki domine yo se "konsekanlis" ak "inivesalis".

Diferans maje nan de sistèm sa yo se kijan yo konkli vale moral yo aksyon. Nan yon kote, konsekanlis di ke se konsekans yon aksyon ki detemine vale moral tandiske univesalis la di ke vale moral yon aksyon objektif e li an deyo de konsekans aksyon an. dapre teori sa, moralite se yon bagay ki sibjektiv, setadi ki varye selon kondisyon aktyel. yon aksyon gen dwa bon nan yon sitiyasyon X, tandiske menm aksyon sa move nan yon aksyon Y Nan kan konsekanlis la, ou gen filozòf tankou "Jeremy Bentham" ki se papa "utilitaryan". Utilitaryan kwe ke si yon aksyon abouti ak plis byen ke mal, li se yon aksyon moral ak vale pozitiv. Nan kan universalis yo ou gen filozòf tankou "Emmanuel Kant" ki di ke vale moral yon aksyon pa gen aryen pou li we ak motivasyon akte ya, ou konsekans aksyon an. pou sipòte avi sa, kant devlope yon konsèp ki rele " enperatif kategorikal"--- konsep la di ke avan ou fe yon aksyon, imajine ki konsekans aksyon sa si tout moun sou latè te adopte menm aksyon sa.

Lojik[modifye | modifye kòd]

Se branch nan filozofi ki etidye sifikasyon, validite yon konklizyon, ak relasyon ki egziste ant senbòl ke lezom itilize nan mwayen komikasyon yo. Se pou tet sa, gen yon gwo enteraksyon ant etid lengwistik ak Lojik. Lojik fòmèl itilize 2 metòd kle, sa nou rele "Lojik Dediktiv" ak sa nou rele Lojik endiktiv. Lojik dediktiv la se lojik kote ke konklizyon an se yon eksprèsyon eksplisit ki fondamantalman konèkte ak sa ki te nan premis lan ou premis yo. Setadi validite yon konklizyon nan lojik dediktiv depann direkteman sou validite premis ki presede li yo. Tankou, "Pòtoprens nan depatman lwès, Site solèy nan Pòtoprens, alo site solèy nan depatman lwès". Tout etid nan jewometri baze sou pwose (ou enferans) dediktiv ki se kle nan lojik dediktiv la. baz lojik dediktiv la jwen sous li nan travay ke Aristot tap fe sou sa nou rele jodi ya " syllogismes d'aristote". li enpòtan pou remake ke konklizyon yon lojik dediktiv gen 2 posibilite, swa li setenman fos, oubyen li setenman vrè. nan lagaj pwobabilite, li gen yon pwobabilite "0" oubyen "1" pagen antrede.

Lojik endiktiv[modifye | modifye kòd]

Filozofi reprezante yon gwo pati nan aktivite entelektyèl imèn. Tout moun atikile konsèpsyon pèsonèl yo sou lavi; nan pwose sa, nou di ke moun sa yo ap filozofe; men moun ki ale pi lwen pou rantre nan rasin pwoblèm sa yo, ak jefo yo fè pou devlope sistèm nomatif ak deskriptif pou tante klarifye ak resoud pwoblèm sa yo, sa yo vin jwe wòl filozòf pwofesyonèl. nan ka sa filozofi vin pran yon sans fòmèl ak eskolastik ke nou ka rele "Filozofi sistematik". Kisa Filozofi systematik sa ye, e kijan li divize? Kwake Filozofi fòmèl la gen plizye aspè, men gen 3 kokenn shenn branch ki reprezante prèske tout edifis etid filozofik la. Branch sa yo, se Metafizik, Epistemoloji, ak Lojik.

Lojik : se yon branch nan filozofi ki etidye sinifikasyon senbolik, validite yon konklizyon, ak relasyon ki egziste ant senbòl ak sa senbòl sa yo reprezante ou ta vle reprezante. paske lojik gen pou li we ak deklarasyon, gen yon enteraksyon natirel ki fèt ant lojik ak lengwistik. Lojik fòmèl itilize 2 metòd kle, sa nou rele "Lojik Dediktiv" ak sa nou rele Lojik endiktiv. Lojik dediktiv la se lojik kote ke konklizyon an se yon ekspresyon eksplicit ki fondamentalman konekte ak sa ki te nan premis lan ou premis yo. setadi validite yon konklizyon nan lojik dediktiv depann direkteman sou validite premis( deklarasyon) ki presede li yo. Tankou, "Pòtoprens nan depatman lwès; site soley nan potoprens; alo site soley nan depatman lwes". Pa sèlman analiz deklarasyon yo ki Tonbe anba labanye lojik dediktiv, men pi fo etid matematik tankou jewometri baze sou enferans dediktiv (pwoz dediktiv) ki se kle nan estrikti lojik dediktiv la.Istorikman, baz lojik dediktiv la jwen sous li nan travay ke Aristote tap fe sou sa nou rele jodi ya "syllogismes d'Aristote". Li enpotan anpil pou nou remake ke konklizyon yon lojik dediktiv gen 2 posibilite, swa li setenman fos, oubyen li setenman vre. nan langaj pwobabilite, li gen yon pwobabilite "0" oubyen "1" pa gen antrede.

"lojik endiktiv" se lojik ki baze sou pwobabilite ak koneksyon ou sou yon inifòmite natirèl ke nou gen rezon pou nou presipoze. Se lojik sa ke Syans Aplike yo plis itilize. diferan ak lojik dediktiv, li enpotan pou nou remake ke konklizyon lojik endiktiv la sa pa janm 100%; setadi konklizyon an toujou kikonstansyel, konsekaman, li sije ak modifikasyon. Yonn nan moun ki devlope prensip metodolojik pou lojik endiktiv la se yon filozòf angle ke nou rele john stuart mill. Prensip yo baze sou metòd sa yo: Metòd Diferans,Metod Menm bagay, Metòd Menm Varyasyon", ak 2 lòt metòd derivativ ki se konbinezon metòd prensipal sa yo.

Metòd Diferans: Jan ak pye ale nan yon restoran yal manje. jan mande diri blan, legim ak sos pwa nwa, Pyè li menm li mande diri blan, legim ak sos pwa blan. kom se marasa yo ye, yo mande pou yo mete diri blan an nan yon sèl bol, ak legim la nan yon sèl pla, men pou pwa yo ale nan 2 bol diferan. Aprè mesye yo fin manje, yo ale lakay, yo poko rive lakay yo, vant Pyè ap fè li mal, lap vomi ak dyare. pye ale kay dokte, dokte ya konkli aprè tes loratwa li ke pyè manje yon manje kontamine. nan twa manje diferan sa yo, ki les ki fè Pyè malad ? Daprè metòd diferans lan, se pwa blan an ki koz maladi Pyè, paske se sèl sos pwa blan an ke Jan, ki pat malad, pat manje, e se menm sos pwa blan sa ke Pyè te manje pou kont li. Si diri blan an ou legim lan te kontamine, Jan te ap malad tou. Setadi, maladi ya ki se yon diferans ki pa te pataje ant Jan ak Pyè dwe sòti nan manje ke Jan ak Pyè pa te pataje ya, kise sos pwa blan an.

Metòd Menm bagay : yon kriptograf kap travay nan lame dayiti intesepte yon mesaj kode " abc = fo lespinas kraze; mcs = sòlda kraze rak; cpdk = mashin kraze jeneral jimenez. kisa let c ya reprezante? paske c paret tout kote kraze paret, eke sel let ki paret 3 fwa, menm jan kraze se sèl mo ki parèt 3, nou konkli ke dapre metod menm bagay la ke c = kraze.

Epistemoloji Tèks italik: se branch nan filozofi kap sheshe konen lanati konenans, sou ki sa konesans baze. tankou ki sa ki jistifye sa nou asepte koòm konesans. nan etid ak reshesh ki tap fèt pou bay klarifikasyon sou lanati konesans gen de gwoup klè ke nou rele "rasyonalis" ak "anpiris".

Rasyonalis se filozòf ki kwe ke tout konesans ki non-patilye, setadi konesans ki gen aspè jeneral, se konesans nou aprann a-priori, setadi konenans nou aprann direktman nan yon pwoses entelktyèl ki endepandan de eksperyans. Filozòf sa yo tankou Ren& Descartes ak Platon fe alizyon ak matematik ak jewometri pou jistifye pozisyon sa. tankou, pou filozòf sa yo, lè moun gen metrize teyorèm pythagore la, se pa eksperyans ki fè menm moun sa reyalize definitivman ke sinis okare plis cosinis okare ap egal ak 1. Se aspè jeneral konenans sa ke ou ka penetre direktman san lentèmedyè eksperyans ki pwouve pozisyon rasyonalis la depre filozòf ki nan kan sa. Li enpòtan pou remake ke rasyonalis yo pa di ke tout konesans yon moun atenn, atenn li a-priori. paske yo di ke konesans patikilye baze sou eksperyans setadi ou aprann yo aposteri. tankou, si mwen rekonet koule mashinn mwen an, e ou menm ou rekonet koule mashin ou an, konesans patikilye sa pa bay yonn nan nou okin rezon pou jistifye yon konklizyon jeneral sou koule tout machin sou latè.

Anpiris se filozòf ki konkli ke tout sa ke nou ka rele konesans lejitim, nou aprann yo aposteri. setadi, se sou eksperyans nou, ak eksperyans lòt moun ke konesans sa yo baze. se sak fe, enpiriris konsidere lasyans kom sel sous konesans lejitim paske li pa baze sou spekilasyon ou aktivite serebral endepandan de eksperyans. yon nonm tankou Jeremy Benthman ak John Stuart Mill se 2 filozòf ki vrèman bati fondasyon kosmoloji anpiris la.

Metafizik[modifye | modifye kòd]

Se branch nan filozofi ki chache devlope kondisyon ak kritè pou egzistans, tankou, ki sak konpoze reyalite? e ki relasyon ki genyen an eleman ki konpoze reyalite sa? nan bransh sa gen yon konsep kle yo rele "ontoloji". ontoloji se nati egzistans yon bagay, setadi nan ki konteks nou ga di yon bagay ekziste. konsep sa, yo elaji pou vinn ak yon lot konsep ke nou rele" "stati ontolojik". tankou, li pa sifizan pou mwen di ke "bouki ak malis" ekziste, fok mwen ale pi mwen pou mwen klarifye stati ontolojik "bouki ak malis"; setadi, se pou mwen klarifye pou yon moun ki pa konen ke bouki ak malis se karakte nan literati folklorik ayisyen. nan lot mo, mwen afime stati ontolojik bouki ak malis.

Epistemoloji[modifye | modifye kòd]

Se bransh nan filozofi kap chèche konen lanati konenans, sou ki sa konesans baze. tankou ki sa ki jistifye sa nou asèpte kom konesans. nan etid ak rechèch ki tap fèt pou bay klarifikasyon sou lanati konesans gen de (2) gwoup kle ke nou rele "rasyonalis" ak anpiris".

rasyonalis se filozòf ki kwe ke tout konesans ki non-patilye, setadi konesans ki gen aspè jeneral, se konesans nou aprann a-priori, setadi konenans nou aprann dirèktman nan yon pwosès entelktyèl ki indepandan de eksperyans. filozòf sa yo tankou René Descartes ak Platon fè alizyon ak matematik ak jewometri pou jistifye pozisyon sa. tankou, pou filozòf sa yo, le moun gen metrize teorem pythagore la, se pa eksperyans ki fe menm moun sa reyalize definitivman ke sinis okare plis cosinis okare ap egal ak 1. se aspe jeneral konenans sa ke ou ka penetre direkteman san lintemedye eksperyans ki prouve pozisyon rasyonalis la depre filozof ki nan kan sa. li enpotan pou remake ke rasyonalis yo pa di ke tout konesans yon moun atenn, atenn li a-priori. paske yo di ke konesans patikilye baze sou eksperyans setadi ou aprann yo aposteri. tankou, si mwen rekonet koule mashinn mwen an, e ou menm ou rekonet koule mashin ou an, konesans patikilye sa pa bay yonn nan nou okin rezon pou jistifye yon konklizyon jeneral sou koule tout mashin sou late.

Anpiris se filozòf ki konkli ke tout sa ke nou ka rele konesans lejitim, nou aprann yo aposteri. setadi, se sou eksperyans nou, ak eksperyans lòt moun ke konesans sa yo baze. se sak fe, enpiris konsidere lasyans kòm sèl sous konesans lejitim paske li pa baze sou espekilasyon ou aktivite serebral endepandan de eksperyans. yon nonm tankou Jeremy Benthman ak John Stuart Mill se 2 filozòf ki vrèman bati fondasyon kosmoloji anpiris la.

Filozofi mantal[modifye | modifye kòd]

Se yon branch nan filozofi analitik ki gen pou objektif : etidye fenomèn mantal, fonksyon mantal, pwopryete mantal tankou konesans tèt ou ak konesans entouraj ou.

Men, teyori nan branch sa ale pi lwen nan chèche konnen kijan diferan aspè mantal sa yo makònen ak kò fizik la, patikilyèman kijan yo konèkte avèk ògan fizik nou rele “sèvèl tèt la”.

Devlopman filozofi sa konsantre nan rezoud yon pwoblèm kle nan filozofi ki vrèman domine metafizik depi lantikite jis jodi a.

Pwoblèm sa a, nan filozofi, nou rele li “pwoblèm nanm ak kò”. Setadi, ki nati nanm lan, e kijan li kominike ak ko a. Kòm nou deja mansyone l, se pwoblèm sa ki twouve li nan rasin filozofi mantal la.

Nan atant ke filozòf tap fè pou rezoud pwoblèm sa a, de gwo kan filozofik bay dizon yo sou lanati fenomèn mantal yo. Filozòf ki kwè ke yon moun konpoze de 2 nati : youn fizik ke ou ka penetre ak sans komen yo, e youn envisib ke ou ka penetre sèlman ak rezon ou entelèk. Yo rele yo dyalis. sètadi yo konsevwa moun divize an 2 nati.

Nan lòt kan opoze ya, nou jwenn sa nou rele Monis, sètadi filozòf ki kwè ke pa gen 2 nati, men plito yon sel nati ki konpoze tout egzistans reyèl la. Youn nan premye moun ki atikile filozofi sa se Benedictus Spinoza.

Chak kan sa yo gen plizyè vèsyon. Tankou, dyalis yo divize an 2 pati. Moun tankou René Descartes, menmjan ak Platon ki te vin anvan li, kwè ke nanm lan se yon sibstans endepandan ki egziste endepandan de kò a, e li ale pi lwen pou sijere ke nanm sa a ka menm siviv lanmò kò fizik la.

Sa ki prann pozizyon patikilye sa a, yo rele yo dyalis sibstans. Men, nan menm kan dyalis la, gen yo lòt gwoup ki prann yon pozisyon ki ta vle fè konnen ke Nann lan sòti nan zantray Sèvèl Tèt La.

Kwake Nann ou lespri sòti nan zantray ògan nou rele sèvèl tèt la, pwopryete Nanm lan paka redwi sou baz mekanik ak biyochimik Sèvèl Tèt ki ba li nesans lan.

Gwoup sa nou rele yo Dyalis Pwopriyete.

Li enpòtan pou remake ke se fòm Dyalis Pwopryete ya ki alamòd pami dyalis modèn yo.

Monis[modifye | modifye kòd]

E monis yo menm? Nan kan monis la, nou jwen de kan patikilye ki domine sèn nan kwake yo gen monopòl la akoz siks7 aplikasyon syans fizik yo tankou chimi, fizik ak biyoloji.

Monis fizikalis[modifye | modifye kòd]

Monis fizikalis se group ki kwè ke gen yon sèl sibstans e ke sibstans saa parèt sèlman sou fom fizik ou enejik ki sou labanye lwa natirel yo e ke lè lasyans avanse nap ka rive esplike tout fenomèn mantal sa yo ki parèt ineksplikab jodi ya.

Monis ideyalis[modifye | modifye kòd]

Monis ideyalis Gwoup sa a panse ke tout sa ki egziste gen esans mantal, e ke menm bagay ak evènman ki parèt sou fòm fizik se vrèman pwojeksyon ou ilizyon ke antite imateryèl yo rele nanm lan kreye. Yon nonm tankou Berkeley te adopte filozofi sa a.

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]