Felix Morisseau-Leroy
| Nesans |
Gran Gozye |
|---|---|
| Lanmò |
Miyami |
| Nasyonalite | Ayisyen |
| Peyi nesans | Ayiti |
Felix Morisseau-Leroy (kreyòl : Feliks Moriso-Lewa), ki fèt 13 mas 1912 nan vil Gran Gozye nan awondisman Bèlans (Ayiti) epi ki mouri 1998 nan Miyami (Etazini), se te yon ekriven ak powèt ayisyen.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Felix Morisseau-Leroy etidye Dwa nan Pòtoprens pita li anseye nan Jakmèl epi nan Senegal. Apre li te demenaje ale rete nan Miyami kote li anseye tou. Etanke yon otè bileng (fransè-kreyòl), li te okipe yon plas enpòtan nan kanon literè Ayisyen an.
Ekzile nan peyi Senegal menmjan ak lòt ekriven Ayisyen parèy li yo tankou :Jean Brierre, Gérard Chenet, ak Roger Dorsinville—Morisseau-Leroy te travay sila a etanke pwofesè. Aprè sa, li te vire bò kote Amerik di Nò epi li te etabli li nan Miami ak fanmi li, kote li te chèche ini Ayisyen yo otou kilti yo. Li te youn nan pi gwo pwomotè lang kreyòl la. Koleksyon li Dyakout I, ki te pibliye an 1953, konsidere kòm travay fondamantal nouvo literati kreyòl la
Li se youn nan pwomotè ki pi enpòtan yo nan lang kreyòl la. Li te antreprann tradiksyon yon seri travay klasik pou montre richès kreyòl la: Antigòn Sofoklès la, 1953, Wa Kreyon, 1953. Sousi Morisseau-Leroy a, byenke li te powetik, li te sosyal tou. Pou li, ekri te yon mwayen pou l kominike avèk majorite Ayisyen yo, ki te separe paske yo te sòti nan yon fanmi peyizan e, sitou, paske yo te pale kreyòl yon sèl lang. Ekri an kreyòl te, pou li, yon manifest politik, yon mwayen pou tout Ayisyen patisipe nan kreye avni peyi yo.
Félix Morisseau-Leroy mouri 5 septanm 1998 nan Miyami. Yon lari nan Miyami, nan zòn ti Ayiti, pote non li.
Zèv li yo (seleksyon)
[modifye | modifye kòd]- 1940 ː Plénitudes (pwezi)
- 1948 ː Natif-natal, conte en vers
- 1951 ː Dyakout (Diacoute) (pwezi)
- 1953 ː Wa Kreyon (Antigone) (kreyòl), pyès teyat adapte pou Ayiiti
- 1991 ː Haitiad and Oddities (pwezi)
- 1995 ː Les Djons d'Haiti Tom (Peuple d'Haïti avèk courage)
- 1996 : Ravinodyab - La Ravine aux diables (franse ak kreyòl)
Referans
[modifye | modifye kòd]Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Felix Morisseau-Leroy sou ile-en-ile.org
