Entèfaz
Apparence

Entèfaz se yon etap nan sik selilè a kote yon selil ogmante nan gwosè, kontinye metabolis li epi double kwomozòm yo anvan divizyon. Se faz ki pi long nan sik selilè a, e se faz ki pi varye: li ka dire aviwon kèk èd tan tankou lakay kèk bakteri, jiska plizyè ane lakay selil ki pa repwodwi rapid yo tankou selil nèvez yo.
Entèfaz la divize an 3 lòt faz: G1, S, G2.
Nan faz G1 an, selil la grandi rapidman, sentetize anpil pwoteyin, e li trè aktiv metabolikman.
Nan faz S la, selil la fè replikasyon ADN nan, épi li sentetize pwoteyin ki nesesè pou divizyon an ka fèt.
Nan faz G2 a, selil la kontinye grandi épi akonpli aktivite metabolik li. [1]
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2012-01-19. Retrieved 2010-07-30.