Aller au contenu

Duckens Nazon

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Duckens Nazon
Deskripsyon imaj sa a, kòmante pi ba a tou
Duckens Nazon
Nesans (31 ane)
Châtenay-Malabry
Nasyonalite ayisyen
Peyi nesans Frans

Duckens Moïse Nazon, fèt 7 avril 1994 nan Châtenay-Malabry, se yon foutbolè entènasyonal ayisyen. Li se yon atakan nan ekip Saint-Mirren FC. Li prete pa ekip Saint-Trond VV.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Nan klèb

[modifye | modifye kòd]

Yo ba li ti non jwèt (The Duck) ki vle di "kana" an lang anglè.

Li kòmanse jwe foutbòl nan ekip Vannes OC. Aprè kèk tan, li angaje li nan ekip FC Loryan nan mwa jiyè 2012. Li jwe nan ane 2012-2013 avèk U19 ekip Loryan FC a (Lorient FC). Li fè 16 gòl nan 12 match. Se sa ki fè li vin jwe nan CFA. Li menm make gòl fas a rezèv SM Caen yo.[1].

Nan mwa jiyè 2013, li pati nan Pikadi[2] kote li pote koulè ekip "US Roye[3]" ki evolye nan CFA. Yon ane pase, toujou nan Pikadi, li chwazi jwe nan klèb vwazen an ki se "Olympique Saint-Quentin[4]" (CFA 2) kòm tchalendj. Li reyalize yon bon kòmansman ː 11 gòl nan 13 rankont nan premye pati sezon an.

Karyè pwofesyonèl

Nazon te nan vizè plizyè klèb fransè. Li vin chwazi ale an 2015 pou li jwe nan Mayenne avèk Stade lavallois[5] (Lig 2). Li siyen premye kontra pwofesyonèl li.

Nan mwa jiyè 2016, li kòmanse tankou nouvo jwè nan ekip CD Tondela. Li vin ekate ekip la pou rezon maladi, ensifizans kadyak[6]. Byenke Duckens Nazon demanti, klèb la fòse li fè valiz li.

Nan mwa jiyè 2016, li oblije ale nan End, nan klèb Kerala Blasters FC. Aprè yon ane, li ale nan Angletè nan Wolverhampton Wanderers FC. 16 dawou 2017, klèb la prete li nan ekip Conventry City epi nan dat ki te 26 janvye 2018 la, Wolverhampton Wanderers FC prete li ankò ak ekip Oldham Athletic e li fè pi bèl gòl nan chanpyona twazyèm divisyon anglè (League One) kont ekip Blackburn Rovers.

Nan mwa jiyè 2018, li kontinye karyè li an Bèljik. Li siyen avèk Saint-Trond VV klèb Jupeler Pro League. Klèb la prete li ak klèb Saint Mirren FC jou ki te 31 janvye 2019 la nan chanpyona "Scottish Premiership".[7] Nan dat 26 Jiyè 2021, li te siyen yon kontra pou yon ane, avèk yon opsyon pou yon dezyèm ane, avèk US Quevilly-Rouen, ki fèk monte nan Lig 2. Nan dat 6 Jiyè 2022, li te transfere nan CSKA Sofia nan premye divizyon Bilgari a. Jedi 7 dawou 2025 ki sot pase la, Nazon te kite tè Ewopeyen an pou l ale nan Iran, kote li kòmanse yon nouvo chapit nan karyè pwofesyonèl li ak klèb Esteghlal FC[8] la pou yon kontra 2 lane k ap bout an jen 2027.

Nan seleksyon

Duckens Nazon te fè premye match li pou Ayiti nan dat 5 mas 2014, lè Marc Collat ​​te rele l pou yon match amikal ki pa ofisyèl kont Kosovo (0-0 match nul)

Yon ane apre, Collat ​​te chwazi l pou l jwe nan Gold Cup la Ozetazini. Li te distenge tèt li nan konpetisyon sa a lè li te make de gòl, kont Panama epi apre kont Ondiras, sa ki te pèmèt Grenadye yo avanse nan katriyèm de final la, kote yo te elimine pa Jamayik (0-1). Nazon te gen opòtinite tou pou l patisipe ak peyi li nan Copa América Centenario a (eliminasyon nan premye tou an) men li pa t kalifye pou Gold Cup 2017 la.

Nan dat 10 septanm 2018, pandan premye jounen match kalifikasyon Gold Cup 2019 la, li te reyalize eksplwa pou l make senk gòl kont Sint Maarten (viktwa 13-0). Nan dènye jou kalifikasyon sa yo, 24 mas 2019, li te make yon gòl epi li te bay yon asistans pou Kevin Lafrance nan viktwa 2-1 kont Kiba. Li te fini kòm meyè bitè nan kalifikasyon sa yo ak sis gòl (egal ak Rangelo Janga nan Curaçao).

Nan dat 9 septanm 2025, li te make yon triple kont Kosta Rika nan yon match nul 3-3 pandan kalifikasyon koup di mond 2026 la. E 18 novanm 2025 la, nan dènye match ki te desizif pou seleksyon an kont ekip Nikaragwa an, li te monte nan premye mitan match la Pou l te ranplase Pierrot k te blese. Li pa t arive make, men li rive patisipe nan kalifikasyon sa a ke seleksyon an pral gen chans patisipe nan ete 2026 k ap vin la. Epi, li fini meyè bitè zòn Konkakaf la ak 6 gòl nan koze eliminatwa mondyal la.

Distenksyon pèsonèl

2017 • Gòl Mwa a pou mwa septanm nan, avèk Coventry City (Lig De)

2018 • Gòl Mwa a pou mwa fevriye a, avèk Oldham Athletic (Lig En)

2019 • Jwè Match la nan Gold Cup kont Kanada avèk Ekip Nasyonal Football Ayisyen an

• Jwè Match la nan Gold Cup kont Kosta Rika avèk Ekip Nasyonal Football Ayisyen an

2021 • Jwè Mwa a pou mwa Out nan Lig 2, avèk Quevilly-Rouen

• Jwè Mwa a pou mwa Novanm nan Lig 2 avèk Quevilly-Rouen

2022 • Jwè Mwa a pou mwa Desanm nan Lig 1, avèk Quevilly-Rouen

2023 • Jwè Semèn nan Bilgari (Premye Divizyon) avèk CSKA Sofia

• Jwè Match la nan Gold Cup kont Katar avèk Ekip Nasyonal Foutbòl Ayisyen an

2024 • Nonmen nan Ekip Mwa Lig Nasyon CONCACAF B pou mwa septanm nan avèk Ekip Nasyonal Football Ayisyen an • Nonmen nan Ekip Lig Nasyon CONCACAF (Lig B) pou mwa novanm nan avèk Ekip Nasyonal Foutbòl Ayisyen an

2025 • Meyè bitè eliminitwa koup di mond zòn Konkakaf la.

Palmarès

[modifye | modifye kòd]


Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. tabase.eu/football.match.lorient.caen.773514.fr.html « Lorient B 2-1 Caen B » Check |url= value (help). www.footballdatabase.eu. Retrieved 17 me 2014..
  2. « Picardie (ancienne région administrative) » (in français). 2025-09-13.
  3. « Union sportive royenne » (in français). 2025-01-28.
  4. « Olympique saint-quentinois » (in français). 2025-09-04.
  5. « Stade lavallois Mayenne Football Club » (in français). 2025-08-13.
  6. fr Rezo Nodwes (3 out 2016). « Duckens Nazon souffre d'insuffisance cardiaque, selon son nouveau club! ». www.rezonodwes.com. Archived from the original on 2019-01-21. Retrieved 20 janvye 2019..
  7. {{ « St Mirren: Duckens Nazon & Laurentiu Corbu sign for Paisley club ». British Broadcasting Corporation. 1 fevriye 2019. Retrieved 2 fevriye 2019..
  8. Bysson, Jean Fritzner (2025-08-08). « Foot – Transfert : Duckens Nazon s’engage officiellement avec l’Esteghlal FC ! ». Haïti Sport Universel (in français). Retrieved 2025-11-19.

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]