Diskite:Ayiti

Le contenu de la page n’est pas pris en charge dans d’autres langues.
Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

ISTWA KOUT PEYI DAYITI (http://www.kreyol.org/JKA6)

Ann nou devlope seksyon sa plis. Ann nou ouvè pòtay sou li pou li pe sa byen grandi, edikasyon, enstitisyon, la, politik, ekonomi ... Ann ale !

Jeyografi[modifye kòd]

Ayiti Jounen Jodiya se pati Lwès zile ke Amerendyen natif-natal yo te rele Ayiti, Kiskeya osinon Boyo a. Lè kolon panyòl vin mete men sou zile a nan finisman 15èm syèk la, yo bal’ non Ispanyola (Hispaniola). Non Ayiti a, ki vle di tè ki gen anpil mòn, vin retounen nan kòmansan 19èm syèk la apre leve-kanpe ki te demantibile fondasyon esklavaj kolon franse te tabli depi plis ke yon syèk la. Ayiti ap kalinda nan vwazinaj twa peyi nan karayib la: Dominikani sou lamen dwat pati lès; Kiba nan pozisyon nòdwès; epi Jamayik li menm ki nan Sidwès. Gòlf Lagonav la bay peyi a fòm yon bouch krokodil ki rete gran-ouvè, avèk zile lagonav nan mitan k’ap fè l’ filalang.

Abitan Peyi-a[modifye kòd]

Ayiti genyen apeprè 8 milyon moun efraksyon ki peple l’. Nan uit milyon efraksyon an, gen yon afè yon milyon konsa k’ap chèche lavi nan peyi Lòt Bò dlo, ak yon lòt milyon edmi ankò ki gonfle nan Pòtoprens, Kapital peyi a ak ozalantou vil la. Pifò moun sa yo se pitit-pitit Lafrik-ginen. Rès ti ponyen an se yon melanj milat, Kèk desandan Ewopeyen ak Mwayennoryan. Fransè se te sèl lang ofisyèl peyi a depi apre endepandans malgre ke se te de twa grenn moun konsa-konsa ki te pale l’ byen. Pa gen twò lontan nan ane katreven yo ke gouvènman Ayisyen vin deklare Kreyòl ofisyèl tou. Kwak sa fransè toujou rezevè pou kèk Laparad ak palemwadsa entelektyèl espesyal. Sa rete yon mistè pou kèk zanmi-Kanmarad eklere dèske depi preske 2 syèk edikasyon fèt an franse, yon lang etranje. Pifò moun nan peyi a (apeprè 75 a 80%) iletre. Pa gen ase lekòl nan peyi a; pi fò nan ti sa ki genyen yo se pote yo pote non lekòl; swadizan program alfabetizasyon yo pa janm bay okenn rezilta serye.

Zafè sante menm se pa pale. Sèvis medikal oubyen sanitè preske pa egziste konpare ak gwosè popilasyon an epi kondisyon moun ap viv la.

Pèp la ap depafini anba grif malnitrisyon. Mikwòb ak tout kalite maladi tribò-babò.

Kilti ak Relijyon[modifye kòd]

Relijyon ofisyèl peyi a se katolik, relijyon kolon an te fòse esklav yo adopte a. Pwotestan te kòmanse fofile kò yo angranpanpan depi lè Ameriken te vin tabli koloni pa li nan kòmansman 20èm syèk la jiskaske yo vin ap fleri nan tout rakwen peyi a. Men, menm si se katolik k’ap fofile ofisyèlman menm si pwotestan ap vale teren, yo pa janm ka rive derasinen osnon menm brannen, tout bon vre, lafwa ke majorite pèp la mize nan vodou. Vodou se relijyon natif-natal ke esklav yo te fòje nan sikonstans difisil ke yo te fè fas nan koloni an. Li gen ladan yo melanj plizye relijyon (nanchon) Afriken ak kèk pratik ansanm ak kwayans relijyon katolik. Tandiske relijyon katolik neglije kò fizik fidèl li yo pou l mete aksan sou siperyorite nanm yo devan granmèt la, Vodou wè maryaj kò fizik ak bonnanj (nanm) kòm yon nesesite. Yon egzanp ki byen klè sèke, seremoni relijye nan Vodou pa fèt san dans. Yon lòt diferans ankò sèke katolik se yon relijyon tou ki pi konsantre sou zafè espirityel, tandiske vodou gen yon aspè tretman ki mache men nan lamen ak kesyon espirityel la. Vodou te kòmanse pran fòm li genyen kounye-a depi nan mitan 18èm syèk la. Men li sibi anpil tribilasyon anba otorite Legliz katolik, pwotestan, kèk gouvènman Ayisyen. Nan epòk dezyèm gè mondyal la, sou prezidan Eli Lesko, dènye gouvenman milat depi okipasyon amerikèn nan, te gen yon kanpay Rejete ki te sòti pou derasinen vodou. Pèp la te reyaji nan fason li epi vodou te kontinye ap fonksyone pi rèd.

Gen plizyè kalite mizik ki boujonnen sou tè dAyiti. Nan ane 1940 ak 1950, nou jwenn yon kalite mizik popilè ki mete ansanm estil ki soti nan lòt peyi.

Amoni liy van yo plis sonnen menm jan ak pa “Big Band” jazz ameriken yo ak yon gwo enfliyans kiben kèkfwa. Ritm ak melodi yo plis sanble ak mizik afrikèn. Kounye a se sèlman youn ou de okès Ayisyen ki kenbe mizik tradisyonèl la. Yon gwoup Jèn vini mete sou pye yon mòd mizik ki rele Konpa Dirèk. Yo senplifye mizik tradisyonèl la, yo ralenti ritm mereng dominiken an epi yo bay Jenès la yon fòm ki pi fasil. Malgre sa li te toujou gen resablans ak mizik Afriken. Nan menm ane swasant yo ankò konpa a vin change. Gwo okès yo vin diminye epi Mini-Jazz vin pran kòn nan. Youn nan mak Fabrik mini-Jazz la sèke li te jwe ak de twa grenn enstriman sèlmam, tankou Rock-an Roll Ameriken nan ane 50 yo te fè. Akonpayman gita nan konpa swasant la te vin enpotan anpil. Li sanble tankou de gout dlo ak akonpayman gita Afriken an.

Anplis de kalite mizik sa yo, nou jwenn mizik folklorik tankou nan tout peyi. Mizik sa a chante lajwa, li denonse problèm sosyal, li preche kouraj, lonè ak respè. Se yon tradisyon Afrikèn vivan, lè w’ap tande melodi ak ritm mizik folklorik Ayisyen. Nan Mizik sa a vin pran yon gwo elan nan 10 dènye ane yo. Yo vin ajoute enstriman, yo retire l’ anba tonèl mete l sou gran pòtay, yo retire l’ deyè lantiraj mete l’ sou mache piblik. Yo rele l’ “Rasin”

Dans pwofesyonèl se pa yon bagay ki devlope anpil nan kilti Ayisyèn. Men Ayisyen renmen danse anpil. Pi fò Ayisyen aprann danse pou kont yo; anpil ladan yo imite pa granmoun jis yo vin fò. Dans ki pratike nan fason profesyonèl se dans folklorik. Dans sa a gen anpil egzijans; li gen règleman ke kavalye yo dwe konnen ak respekte. Li mande anpil pratik epi moun pa ka enprovize fasil. Se tankou bale Ewopeyen an oubyen Jazz Ameriken an. Ritm yo sòti nan kilti vodou a epi yo egzije mouvman ki trè konplike pafwa. Sou kote dans folklorik nou jwenn le-uit (oubyen kwaze-le-uit). Dans sa a se dans granmoun lontan; li prèske fin disparèt. Anpil moun ki nan karantèn ak senkantèn pa menm konnen li. Li gen anpil resanblans ak dans nan pati lwès Etazini yo rele “Square dancing nan”. Ladan li kavalye yo dwe suiv direksyon yon moun k’ap kòmande. Dans ki mwens fòmèl se dans konpa. Dans konpa se yon dans afro-laten. Li pati tankou yon mereng, men sèlman li pi dousman. Sou kote tout sa, Ayisyen danse woumba, salsa, mereng, vals, tango, tchatchatcha tankou sa fèt nan anpil peyi Amerik Latin nan.

Ekonomi[modifye kòd]

Ayiti genyen yon ekonomi ki pachiman. Se yon melanj sistèm feyodal ak yon sistèm kapitalis ki sou kontwòl gwo pisans entènasyonal yo, tankou Etazini. Depandans sa a fè prodiksyon nasyonal la fèb anpil. Pi fò byen Ayisyen konsome soti nan peyi etranje. Teknologi ki itilize nan kilti latè se menm sistèm mwayennaj la: wou, pikwa ak manchèt. Debwazman san kontwòl kreye ewozyon, ewozyon menm pouse peyizan yo al cheche lavi Pòtoprens, Kapital peyi a. Lè yo rive Lavil, yo pa jwenn travay piske, endistri li menm li pa devlope nan pwen pou l anboche moun sa yo. Kidonk yo gaye nan tout rakwen Kapital la ap monte desann, fè ti komès initil, pou twonpe sitiyasyon chomaj la k’ap ravaje popilasyon an.

Avèk sektè touris yon ti kòb te konn antre, men avèk dezòd sou sèn politik la sa vin desann a zero. Depi kèk tan, yon sitiyasyon ki rete make popilasyon an akoz lamizè se popilasyon nan mòn nan k’ap vide lavil epi popilasyon lavil pati nan peyi etranje. Malgre promès gouvènman yo ak swadizan efò yo, okenn progrè serye poko janm fèt.

Yon Kout flash sou istwa politik peyi a[modifye kòd]

Tout zile Ispanyola a te anba men Lespay depi nan fen kenzyèm syèk la (1492). Se jis nan finisman 17èm syèk la (an 1697) apre yon rale-mennen-kase ki te rive nan yon antant ke Lafrans vin okipe 1/3 nan pati Lwès zile a. Kolon franse yo te fè nèg Lafrik vin bourike pou yo nan chan kann, kafe ak kakawo. Rive nan mitan 18èm syèk la, Lafrans te gen tan fin mare yon richès malelve sou do esklav yo. Men lè yo rive nan fen 18èm syèk la, “Abraham te di sètase", esklav yo te leve kanpe pou yo chavire kabrèt malè sa a ki t’ap kraze zo yo epi detounen lespri yo a. Se konsa an 1803 deblozay la te pete, kolon yo te oblije rache manyòk yo. Direksyon peyi a te vin nan men ansyen esklav natif natal yo.

Nasyon an vin tonbe nan men nèg ki manke edikasyon politik, ki pat gen yon pwojè sosyete byen kalkile apati premye janvye 1804.

Nan plas sistèm esklavajis la, yo tabli yon sistèm feyodal. Tout lidè ki te goumen pou endepandans yo te vle vin chèf Leta yon sèl kou. Yo te refize kole zepòl pou avansman peyi a. Kòm rezilta, nasyon an te vin divize an 3 Repiblik. Pwoblèm peyi a ap anpire, ekonomi an an debandad, pa gen lekòl, pa gen lopital, okenn plan yon gouvènman efikas pa janm trase. Anbisyon pou rive nan pouvwa a se te sèl objektif politik ki te toujou kache dèyè gwo slogan progrè ekonomik, refòm agrè, pwogram devlopman. Wi, te manke jefò pou bagay yo vanse, men fòk nou ajoute ke okenn gwo peyi pat janm vle lonje lamen bay jenn nasyon an ki tap brete, tatonnen, tchitchile nan yon tatalay pwoblèm pil-sou-pil. Yo te twouve se manke dega pou esklav ouvè je yo sou mèt yo jis yo rive pete chenn madichon an.

Peyi a travèse tout 19èm syèk la san okenn baz devlopman jiskake pandan 1è gè mondyal la Etazini vin mete abse sou klou. Sikonstans yo te propis pou Etazini. Lòt peyi gwo-ponyèt yo te okipe ap goumen an Ewòp epi gouvènman Ayiti yo menm pat ka rete fin fè manda yo. Etazini fofile kò li e se konsa li vin tabli koloni pa li an 1915. Okipasyon an te dire 19 an. Yo chwazi milat sèlman pou gouvène; yo mete nèg nwa sou kote. Kwak yo te ale an 1934 se jis 1946 afè milat sèlman an te vin sispann. Yo te toujou rete dèyè rido a ap telegide politik Ayiti. Yo antrene lame pou fè koudeta. Jis jounen jodi a yo toujou an favè yon gouvènman Ayisyen k’ap fè maskarad demokratik men ki ofon bay pèp la yon bwa long diktati pou l’ kenbe.

Tèks Lyonel Primé </nowiki>

Question about geographical names[modifye kòd]

Can anyone translate to Haitian Creole geographical names listed below? Aotearoa 26 novanm 2009 à 10:58 (UTC)[reponn]

  • West Indies (French: Indes occidentales)
  • Antilles
  • Greater Antilles (French: Grandes Antilles)
  • Windward Passage (French: Passe du Vent) between the islands of Cuba and Hispaniola
  • Jamaica Channel (French: Canal de la Jamaïque) between the islands of Jamaica and Hispaniola
  • Tortuga Island (French: Île de la Tortue)
  • Cordillera Central (French: Cordillère centrale) mountains in Dominican Republic and Haiti