Diskisyon Itilizatè:Mkaba24

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche

Memwalizasyon nan Ayiti[modifye sous]

Kilti[modifye sous]

Ayiti se yon peyi ki enpòtan anpil. Yo te fè egzanp pou tout lot peyi nan Karibe la paske yo te premye peyi ki pran endepandans yo.[1] Li te yon aksyon ki te chanje mond la paske li te yon bagay ki pèson pa janm fè. Rasin ayiti ki nan Afrik vreman prezan nan kilti yo. [2]Ayiti gen yon kilti ki plen ak abitid moun Afrikan. Se konsa Manje ayisyen gen yon istwa ki rich. Lespri zansèt yo ki te fè vwayaj soti Afrik pou ale nan Ayiti ap toujou kouri nan kò moun Ayisyen. [3]Ayiti itilize bagay ki soti afrik epi bagay ki soti payi Espay men gen de manje ki senbolize zansèt yo. Fason Ayiti kominike ak zansèt yo se inik anpil.

Soup Joumou[modifye sous]

Chak premye janvye, moun Ayisyen bwè soup joumou pou yo selebre lè zansèt yo te pran endepandans yo nan franse.[1] Yo bwè soup joumou paske avan yo te pran endepandans yo, esklav yo pat gen pemisyon pou bwè soup la.[1] Pou rezon sa, Ayisyen onè zansèt yo avek yon tradisyon ki demontre ki jan yo apresye batay yo fe.[4] Lè ayisyen bwè soup la, y ap kominike avek lwa yo. Manje pale yon lang ki gen pouvwa.[5] Li konekte moun nan istwa zansèt yo epi li fè tout kominote pi fò. Li enpòtanpou moun Ayisyen sèvi lwa paske yo pwoteje peyi lan. Lè moun ayisyen bwè soup joumou tout ane, y ap asire kilti yo avek istwa ki fè kilti yo, pap janm kite tet moun yo. Lè moun Ayisyen bwè soup la y ap bay tout moun nan lakou a fòs. Aksyon sa kite moun Ayisyen prezève kilti yo epi tout memwa zansèt yo.

Lambi[modifye sous]

On lot kalite manje ki demontre ki jan Ayiti Memwalize zansèt yo sou manje, se lè yo manje lambi. Lambi gen on istwa vreman enpòtan pou ayiti. Lè esklav yo t ap soti nan turks ak caicos, yo te ale nan ayiti.[6] Lè yo rive yo te sèlman gen lambi pou manje paske li pa t chè.[6] Pou yon long tan, yo tap fè anpil komès. Se pou rezon sa ayiti gen anpil enfliyans nan turks ak caicos. Ou kab wè sa nan manje yo. Yo rele likè wonm tankou nou epi yo gen mayi moulin. Lambi plis enpotan pou istwa ayiti paske Nèg Mawon ki ap rete devan chans de mas nan ayiti, ap rele sou lambi. [7]Neg lan ki konstui eskilti sa di Nèg mawon ap senbolize final rele moun ayisyen fe pou libète.[8] Sa ki pi enteresan se eskilti sa senbolize libète pou anpil moun nwa nan tout diaspora. Men, li se yon jan pou moun ayisyen pa janm bliye mak yo mete nan tout mond la lè yo batay pou libète yo.

References[modifye sous]

  1. 1,0 1,1 et 1,2 Louis, Bertin (2010-01-01). « Haitian Americans ». Encyclopedia of Multicultural America. 
  2. « Haitian Results ». Tracing African Roots (in anglais). 2015-10-03. Retrieved 2018-12-17. 
  3. « Before They Were Haitians: Examining Evidence for Kongolese Influence on the Haitian Revolution on JSTOR ». www.jstor.org (in anglais). Retrieved 2018-12-17. 
  4. « Poison and Nurturance: Changing Food and Community Symbolism among Haitians in Oldtown, a New England City on JSTOR ». www.jstor.org (in anglais). Retrieved 2018-12-17. 
  5. « Edwidge Danticat's Kitchen History on JSTOR ». www.jstor.org (in anglais). Retrieved 2018-12-17. 
  6. 6,0 et 6,1 Doran, Jr., Edwin (jiyè 1958). « The Caicos Conch Trade ». Geographical Review 48: 388–401 – via JSTOR. 
  7. « Image Information ». slaveryimages.org. Retrieved 2018-12-17. 
  8. yeou peinseir politik khi pâ gaan einryen pou y l' woêd ak fhilozòfhe apy'intéressei oubyen apy'attachei anvan too ak yeon lòrdre oubyen ak yeou légjislasyon politik spécifik ; fhilozòphe politik intéressei y l' èh' attachei y l' anvan touth baegail ak la vérité