Biogaz

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Sauter à la navigation Sauter à la recherche

Biogaz se yon melanj gaz konbistib ki ka itilize kòm enèji pou bay elektrisite, fè manje ak chofe dlo. Gaz sa a se rezilta fèmantasyon anewobik (san oksijèn) de éscrement biyologik kouwè poupou animal (bèf, cheval, cochon), poupou ak pipi moun, rès manjé kouwé po bannan ak po mayi. Biogaz sé yon mélanj de gaz combustible ki fèt ak metàn (CH4), gaz karbonik, vapè dlo, idwojèn sulfure (H2S), monoxide de carbone (CO) ak azote (N2). Pifò nan gaz sa se methane, li genyen enivon 60% ou plis.

Ki jan li fèt[edite | modifye sous]

Biogaz fèt nan yon bagay ki rele digestè de biogaz. Yon digestè dé biogaz se yon chamb ou bien on tank enfemé koté matiè fécal ak fàtra ka rété san lair. lè éscrement sa yo enfermé emsanm ak dlò nan yon chanm oubyen tank san lair, micròbe commensé digéré yo. Pendan ké lap digéré, li bay 3 bagay : yon gaz ki rele biogaz, labou ansanm ak yon matye likid.

thumb‎

digestè biogaz la fèt en 3 pati. premye pati a rele pip entre a se la yo lage matiè a. se la you lage twalèt ak escrement. Deziem pati a se li ki tank la, li amba te. matie a ansanm ak dlo alé andedan li pou digere pou environ 60 jou. gin yon couveti ak yon pipe anwo li pou kite gaz la soti. Twazyèm pati a se yon lòt tank pou kolekte labou a lè li fin digeré.

Biogas plant.svg

Biogaz sa ka itilize mim jan yo itilize tout lot gaz natirèl. alò ké melanges lòt pwodui yo, labou a ansam ak liquid la utilzé kòm fètilizan organik pou fè manje ak jaden grandi.

Pouki itilize Biogaz[edite | modifye sous]

Pifò gran peyi itilize yon fòm de petrol comme enèji pou fe manje, couri machine oubyen nempòt sa yo bezwen fè. Peyi ki pa developè yo itilize bagay kouwè chabon pou fè manje. Alò ke se gaz la ki mwen chè epi tou ki pi fasil pou fè. Kounye a yon ban nation kap develope kouwe La Chin, End, avèk peyi nan Afrik comence utilize digeste de biogaz pou ede yo nan devlopman peyi yo. Daprè papye ekolojik Chinwa pibliye nan 2002, poupou bèt come bèf, poul ak lòt escrement biologik fe yon ban fatra. Min bagay sa yo si yo utilize yo bien, yo kabab vini resous presyez pou yon peyi si li byen utilize. sinon, si yo kite yo ate pou entre nan rivye yo, yo vin tounin bagay ki bay maladi. se pou sa gouvènman Chinwa a we ke digeste biogaz la se bon bagay.

La Chin se yon peyi ki kòmanse itilize biogaz depi tout o debit. Depi nan la fin du 19yèm syèk, te gintan ginyin digestè de biogaz nan pati sid Chine. Yon mesyè ki rele Luo Guorui inventé é konstwi yon sistèm de biogaz. En 1920, li fonde yon sosyete d'écléraj biogas pou alé nan provens yo pou fè yo. Nan lane 1932, sosyete l la alé nan yon provens ki rele Shanghaï, epi yo commence fè yo tout olon rivyè ya et nan sud payi a. Nan 1935 yo pibliye yon livrè sou biogaz, tan pou yo pibliye yon trosième en 1980, gouvènman Chinwa a vin konsidere bogaz comme yon mwayen efikas pou itilize resous natirèl nan provens li yo parce ké biogaz non sèlman bay enèji, men tou li bay protection pou l'environneman ak li améliorée l'hygienn nan péyi a; epi li ede modènize agrikilti yo.

Ki jan li ede agrikilti[edite | modifye sous]

Nan lane 1996, payi chinwa bay 504.3 milyon ton de ble. Te si telman gin manje na payi a, li te dificil pou yo te vann tout. Yon vil ki rele Nanyang nan provens Henan te bay 6.7 milyon ha de ble. epitou vil la bay 1.5 milyon tonnes yon lot calite ble. Te telman gin ble ke yon faktori alkòl komanse prend ble a pou fè alkòl pou machin mache.

yon lot vil Chinwa ki rele Meili nan kote Shaoxing, nan provens Zhejiang se yon kote ki gen anpil kochon, poul ak kana. Chak ane te kon gin anpil fatra a cause animal sa yo. En 2001, yo depense 1.2 million Yuan pou fe digeste pou traite escremen bet yo. Sa ba yo asse de gaz pou bay 300 kay enèji plis 7 200 tonnes fèlizasyon pou jaden yo chak ane.

Referans[edite | modifye sous]

Lyen deyò[edite | modifye sous]