Évelyne Trouillot
Évelyne Trouillot, ki fèt 2 janvye 1954 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon ekriven, dramatij, esèyis ak powèt ayisyèn.
Biyografi
[modifye | modifye kòd]Évelyne Trouillot fèt 2 janvye 1954 nan lakou Pòtoprens. Aprè li te fin etidye Ozetazini, li te retounen nan peyi li, nan sousi pou l pataje mòd vi ak koutim pèp Ayisyen an. Etanke pwofesè ak animatris atelye ekriven, li pibliye woman, istwa timoun, pyès teyat ak koleksyon pwezi an fransè epi kreyòl. Istwa pèp Ayisyen an, sò timoun yo, sitiyasyon fanm yo ak edikasyon, se pami enkyetid fanm sa a ki angaje nan lit epòk li a. Li te pibliye « Par la fissure de mes mots » an janvye 2014 avèk Éditions Bruno Doucey, ansanm ak « Il faut parfois chanter » an 2023.[1] Li se yon pwofesè fransè ak literati, li travay nan sektè edikasyon an. Premye piblikasyon li, "La chambre interdite," te pibliye pa L'Harmattan an 1996. Nan lane 2004, li resevwa Pri Soroptimist pou womansyè Frankofòn pou woman popilè li a "Rosalie l'infâme." Premye pyès teyat li a, "Le Bleu de l'ile," te resevwa yon prim nan men ETC Caraïbes, epi li te resevwa Pri Beaumarchais Karayib la ex aequo an 2005. Évelyne Trouillot se youn nan pi gwo ekriven Ayisyèn nan epòk nou an. Li pale nou de plas fanm yo jodi a an Ayiti ak figi fi ki enspire li yo. San bliye ke li ekri tou literati jenès.
Zèv li yo
[modifye | modifye kòd]Woman
[modifye | modifye kòd]- 2003 : Rosalie l'infame, edisyon Dapper (Pri "Soroptimist de la Romancière Francophone" nan Grenob)
- 2006 : L’Œil-Totem, edisyon Presses Nationales d’Haïti
- 2007 : Le Mirador aux étoiles, edisyon Presses Nationales d'Haïti
- 2010 : La mémoire aux abois, edisyon Hoëbeke - Pri Carbet (Pri "majeur des littératures caraïbes")
- 2013 : Absences sans frontières, edisyon Chèvrefeuille étoilée. Montpellier, Frans
- 2015 : Le Rond-point, Bourse Barbancourt, Pòtoprens.
- 2022 : Les Jumelles de la rue Nicolas., édition Project îles.
Nouvèl
[modifye | modifye kòd]- 1996 : La chambre interdite, éditions L'Harmattan
- 1998 : Islande, epi La mer, entre lait et sang, edisyon de l’Île, Pòtoprens
- 1999 : Ma maison en dentelle de bois, epi Une cousine inattendue, edisyon Mémoire, Pòtoprens
- 2002 : Parlez-moi d’amour... Haiti, edisyon Caraïbe
- 2017 : Je m'appelle Fridhomme, edisyon C3
Kont ak resi pou timoun
[modifye | modifye kòd]- 1997 : L’oiseau mirage, edisyon Haïti Solidarité Internationale
- 2004 : L’Île de Ti Jean, edisyon Dapper
Pwezi
[modifye | modifye kòd]- 2001 : Sans parapluie de retour, rekèy pwezi edite kont otè[2]
- 2003 : Sans parapluie de retour
- 2005 : Plidetwal, edisyon Presses Nationales d’Haïti
- 2014 : Par la fissure de mes mots, éditions Bruno Doucey[3]
Teyat
[modifye | modifye kòd]- 2005 : Le Bleu de l’île
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Évelyne Trouillot – Editions Bruno Doucey » (in français). Retrieved 2025-10-24.
- ↑ « Évelyne Trouillot, Sans parapluie de retour ». Archived from the original on 2014-03-02. Retrieved 2020-11-02.
- ↑ « Évelyne Trouillot, edisyon Bruno Doucey ». Archived from the original on 2016-02-15. Retrieved 2020-11-02.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]- Évelyne Trouillot sou ile en ile
- Évelyne Trouillot sou bnf.fr
- Évelyne Trouillot sou africultures.com