Lang kreyòl

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Lan anpil peyi sou latè, men sitou lan kèk peyi ki lan Afrik delwès, lan kèk zile ki lan Oseyan endyen, lan prèske tout zile ki lan Karayib la, avèk lan kèk peyi ki lan zòn Pasifik sid, plizyè milyon moun pale yon seri lang yo rele pidjin ak kreyòl. Lang sa yo se lang ki soti lan kontak avèk lòt lang. Dapre definisyon klasik lengwis ki te etidye lang sa yo bay, pidjin se lang ki devlope lan komès osnon lan lòt sitiyasyon kontak, kote diferan gwoup moun ki rankontre pa pale menm lang. Akoz de sa, yo oblije kreye yon fason nèf pou yo kominike. Kreyòl yo menm se ta pidjin ki vin ogmante estrikti lengwistik yo, epi detire fason moun itlize yo. Lè sa a, yo vin tounen lang natif natal yon kominote lengwistik. Se kolonizasyon peyi Ewòp yo te kòmanse lan 17e syèk, ki fè lang kreyòl moun pale lan zile Karayib yo parèt. Kolonizasyon sa a te mache avèk yon komès esklav, kote Ewopeyen yo te al fè dappiyan sou plizyè milyon Afriken ann Afrik epi anbake yo sou gwo bato ak chenn lan pye yo pou y al travay kòm esklav lan jaden kann lan zile Karayib yo. Frans, Espay, Angletè, Pòtigal, Peyiba, te pi gwo peyi ewopeyen ki te antre lan komès esklav e ki tap fè kolonizasyon tou.

Lang peyi sa yo vin tounen lang klas dominan yo lan tout zile Karayib yo (lang angle lan peyi Jamayik, lang franse ann Ayiti, Matinik, Gwadloup...) men laplipa moun lan zile sa yo kontinye pale yon varyete kreyòl ki gen laplipa mo li yo baze sou lang ansyen koloni a. Gen plizyè gwoup lang kreyòl. Kwak diferan moun ki pale kreyòl sa yo kapab pafwa konprann sa lòt ap di, lang kreyòl sa yo pa konpreyansib, soti lan yon zile ale lan yon lòt. Se gras a mo yo nou rive idantifye yo. Majorite mo lang kreyòl yo soti lan yon lang ewopeyen; pa egzanp, laplipa mo ki lan lang kreyòl ayisyen soti lan lang franse, laplipa mo ki lan kreyòl jamayiken soti lan lang angle, men sentaks, sistèm règ lang kreyòl yo diferan anpil de lang ewopeyen. Sou plan lengwistik, nanpwen anyen ki fè lang kreyòl yo enferyè devan lang ewopeyen yo osnon devan nenpòt lòt lang sou latè. Menm jan avèk tout lang kretyen vivan pale, lang kreyòl yo reflete pwopriyete gramatikal inivèsèl avèk devlòpman mantal tout lang kretyen vivan pale, keseswa lang angle, lang franse, lang chinwa, lang arab, lang swahili, lang hindi, lang quechua, etc. Sou plan ideyolojik, lang kreyòl yo angaje lan yon gwo batay kont yon seri fòs lan sosyete kote moun pale yo ap fè tout sa yo kapab pou lang kreyòl yo pa leve kanpe. Malgre lang kreyòl yo se lang tout moun pale lan laplipa zile sa yo, genyen gwoup moun ki refize sèvi ak yo pou devlope alfabetizasyon osnon edikasyon. Dimansyon ideyolojik la pèdi anpil lan aspè negatif li te genyen pandan dènye 30 lane ki sot pase yo, men li kontinye ap kreye anpil pwoblèm toujou.


kreyòl yo ak orijin franse[edite | modifier le wikitexte]