Jòj Wachintonn
George Washington |
![]() |
Fonksyon:Prezidan Etazini |
Eta sivil |
---|
Dat nesans:22 fevriye 1732 |
Lye nesans:Westmoreland |
Peyi nesans:Etazini |
dat lanmò : 14 desanm 1799 Mount Vernon (Etazini) |
Nasyonalite : ameriken |
Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi |
Jòj Wachintonn, ki fèt 22 fevriye 1732 nan vil Pope's Creek (koloni Vijini) epi ki mouri 14 desanm 1799 nan Mount Vernon (nan eta Vijini). Li se yon pèsonalite politik peyi Etazini ki te chèf eta majò lame kontinantal la pandan lagè endepandans lan sòti 1775 rive 1787 epitou li se premye prezidan Etazini pandan peryòd 1789-1797 la.
Wachintonn se youn nan plantè ki te pi rich nan rejyon Mount Vernon an akòz gwo domèn li. Gras ak patisipasyon li nan gè Sètan an ki te fèt nan peryòd 1756-1763, li vin selèb alafwa nan kontinan Amerik ak Ewòp. Epi li te enterese anpil ak zafè politik. Angajman li nan revolisyon ameriken an ak popilarite li fè li vin kòmandan twoup amerikèn yo. Konsa, yo te genyen viktwa final la sou metwopòl britanik la avèk sipò fransè yo.
Aprè batay la, li patisipe nan redaksyon konstitisyon ameriken an epi li te ranpòte premye eleksyon prezidansyèl la san okenn pwoblèm. Pandan de (2) manda li yo, Jòj Wachintonn montre ke li se yon bon administratè malgre difikilte ki te genyen andan peyi a ak gè ki te genyen nan kontinan Ewòp la. Li kite anprent li sou tout enstitisyon peyi a ak sou istwa amerikèn an.
Depi fen 18yèm syèk la, yo bay li anpil omaj. Se konsa yo te bay kapital la pòte non li, menm jan ak anpil sit ak moniman istorik. Depi lane 1932 se pòtre li ki sou pyès 25 cents quarter lan ak sou biyè yon dola a.
Biyografi[modifye | modifye kòd]
Jòj Wachintonn te fèt 22 fevriye 1732. Li te kòmandan prensipal la dezetazini lè peyi sa a te etabli. Pandan lagè revolisyonè ant Angletè ak Etazini a, li te jeneral pi wo a dezetazini (1775 - 1783). Pita, li te chèf lekriti konstitisyon dezetazini a. Apre sa, li te eli kom prezidan dezetazini. Souvan sitwayen dezetazini yo rele l "Papa dezetazini."