Ayiti Cheri (chanson)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
(Depi paj redireksyon « Ayiti Cheri »)

Ayiti cheri ou Haïti chérie nan franse ou ankò Souvenir of Haiti nan anglè, se yon chanson patriotik Dayiti kreye pa Othello Bayard nan lane 1920.

Chante a te ekri sou non Souvni Dayiti. Othello Bayard konpoze mizik la epi li te ekri mo ki fè sonje tankou yon eko nan kè a ak memwa kolektif pèp ayisyen an.

Li se pa im nasyonal la ayisyen. Im nasyonal se chanson Desalinyèn. Li rete yon chanson patriyotik, popilè ak emosyonèl pou pèp ayisyen an.

Tèks la te ekri nan kreyòl ayisyen.

Chantè ameriken Harry Belafonte te anrejistre li nan anglè ak chantè franse Georges Moustaki te anrejistre li nan fransè.

Pawòl[modifye | modifye kòd]

Premye kouplè

  • Haïti cheri, pi bon pays pase ou nan pwen.
  • Fok mwen te kite ou pou mwen te kab konprann valè w,
  • Fok mwen te manke ou poum te kab apresye w,
  • poum santi vrèman tou sa ou te ye pou mwen.
  • Gen bon solèy, bon rivyè et bon brevaj,
  • an ba pye bwa ou toujou jwenn bon lonbraj,
  • gen bon ti van ki ban nou bon ti frechè,
  • Haïti Thomas, se you peyi qui m'est chè.

Dezyèm kouplè

  • Lò w nan peyi blan, ou gen you vye frèt ki pa jam bon.
  • Et tout la jounen ou oblije pé boule chabon.
  • Ou pa kab wè klè autan syèl la ret en dèy
  • Et pendant si mwa tout pye bwa pa gen yen fèy.
  • Nan peyi mwen, gen yen solèy pou bay chalè.
  • Diran lane, tout pié bwa pe bay lonbraj,
  • bon briz de mè toujou soufle sur nos plages.
  • Haïti Thomas, se you peyi qui m'est chè.

Twazyèm kouplè

  • Kan w nan peyi blan ou wè tout figu you sèl koulè.
  • Nan pwen milatres, bel marabou, bel grifon kreyol.
  • Ki rinmin bel robe, bon poud et bon odè,
  • ni bel jenn negres ki konn di bon ti pawol.
  • Nan peyi mwen, lò tout bel moun sa la yo
  • sòti lan mès ou sòti nan sinema,
  • se pou gade, se pou rete dyol lolo,
  • a la bon peyi se ti Haïti Thomas!

Katryèm kouplè

  • Lò ou nan pays blanc, ou pa wè mango ni coque du tout,
  • Nan poin sapoti, ni bel caïmite vèt ou violèt.
  • Nan poin zannanna, ni bel ti pomme cajou
  • ki ban nou bon noix pou nou fè bon ti tablette.
  • Ou join zorange ki sòti en Italie,
  • min ki finnin, ki toujou moitié pouri.
  • En Haïti, sa si bon sé koupé dwèt;
  • Et sous ce rapport, nou bay tout lòt pays fwèt.

Senkyèm kouplè

  • Lò ou nan pays mwen, koté ou passé tout long chemin,
  • Sé bonjou kompè et makonmè et pitit la yo?
  • Sa'n pa wè konsa, manyè rentré ti brin,
  • Poun bwè ti kichoy, pou nou joué deux ti kout zo.
  • Fin' bay lan min, sé rentré nan gran palé,
  • sé politik, sé mauvaise situation,
  • Sa pou nou fè, sé pou nou pran li koul yé,
  • min bon dié si bon, la ban nou bénédiction.

Sizyèm kouplè

  • Lò ou lan pays blanc, si ou pé prominnin, nuit kou jou,
  • Tout moun pé maché pressé pressé wa di sé chin fou.
  • Koté yo pralé, pouki yap kouri kon sa?
  • Yo pé pèdi temps, yo pa jam di: "Kouman sa"?
  • Nan pays mwen, moun pas rété avec l'heu.
  • Gen libèté, ou gen temps pou pran frécheu.
  • Koté ou passé, sé bonjou, sé bay lan min.
  • Moun pa jam pressé, yo causé tout long chemin.

Setyèm kouplè

  • Lò ou en Haïti, ou pa jam manqué temps pou soufflé.
  • Sak pa fèt jodi, ou kab fè li demin si ou vlé.
  • Quand demin rivé, kél bon ou kél pa bon,
  • sa pa fè an yen tout moun kon di bon dié bon.
  • En Haïti, moun pa jam désespéré.
  • Nou gen la foi nan you Dieu ki pa jam manti.
  • Nap fè jodi quand demin pa assuré,
  • a la bon pays, oh! mon Dieu sé Haïti

Referans[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]