CARICOM

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Peyi manm ak peyi obsèvatè Caricom yo

██ peyi manm

██ manm asosye

██ peyi obsèvatè

Caricom se yon akwonim (sig ki ka li tankou yon mo) an anglè ki vle di Kominote Karayibeyèn (Caribeen Community), (Comunidad del Caribe an espanyòl), ki gen ladan'l plizyè peyi ki pale anglè nan zòn Karayib la, Ayiti ki pale Kreyòl Ayisyen ak Fransè, ak Sirinam ki pale Olandè.

thumb|left|Drapo Caricom lan Òganizasyon an te kreye nan lane 1973 ak 4 peyi ki se Babad, Giyan, Jamayik ak Trinidad; objektif yo se te bay relasyon ant leta Karayib yo jarèt, ak mete sou pye yon mache inik.

Aktyèlman li gen 15 peyi manm ak senk manm asosye, preke tout peyi sa yo jwenn yo nan Commonwealth. Nou jwenn to sèt peyi obsèvatè nan òganizasyon an.

Pwensipal ògan ki pran desizyon nan Caricom lan se konferans chèf leta yo ak konsèy minis yo.

Manm chèf yo
Antigwa ak Babouda (4 jiyè 1974)
Baamas (4 jiyè 1983)
Babad (premye dawout 1973)
Beliz (premye me 1974)
Dominik (premye me 1974)
Grenad (premye me 1974)
Giyana (premye dawout 1973)
Ayiti (2 jiyè 2002)
Jamayik (premye dawout 1973)
Montserrat (premye me 1974)
Sent Lisi (premye me 1974)
Sen Kristòf ak Nyevès (26 juillet 1974)
Sen Vensan ak Grenadin (premye me 1974)
Sirinam (4 jiyè 1995)
Trinidad ak Tobago (premye dawout 1973)
Manm asosye yo
Zil Vyèj Britanik (jiyè 1991)
Zil Tik (jiyè 1991)
Angiy (jiyè 1999)
Zil Kayiman (16 me 2002)
Bèmid (2 jiyè 2003)
Peyi obsèvatè
Awouba
Kolonbi
Repiblik Dominikèn
Meksik
Antiy Olandè
Pòtoriko
Venezwela

Listwa[edite | modifier le wikicode]

Caricom ranplase yon òganizasyon ki te rele CARIFTA bò lane 1965 ak 1972. CARIFTA te gen pou objektif bay alyans ekonomik peyi ki pale anglè nan Karaib la jarèt o lye de West Indies Federation ki te pran nesans ant 3 janvye 1958 ak 31 me 1962.

Kominote a pran nesans sou non Kominoye ak Mache komen Karaib la ak akò Charaguaramas la kote premye minis Errol W. Barriw peyi Babad, L.F.S. Burnham peyi Giyan, Michael Manley peyi Jamatik ak Eric Williams peyi Trinidad ak Tobago ta pral siyen nan dat 4 jiyè 1973.

Nan dat 5 jiyè 2001 nan 22èm reyinyon manm yo nan Naso (Baamas), chèf leta kominote carayibeyèn nan te pase men nan akò Chaguaramas lan [1], kote yo te remete sou pye estati Caricom lan e yo te mete sou pye tou, mache ak ekonomi inik karayibeyèn (CSME sig an anglè). Yon pati nan pase men sa ta pral mennen a kreyasyon Lakou Jistis Karayibeyèn.

Patisipasyon[edite | modifier le wikicode]

Ayiti te nan yon premye fwa te antre nan na Caricom tankou yon manm pwoviswa nan dat 4 jiyè 1998, kote'l ta pral vin manm chèf apre kat lane pita.

Nan mas 2004, Ayiti te sispann patisipasyon'l nan Caricom [2] sou lòd premye minis Gérard Latortue, paske ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide te fè yon visit nan peyi Jamayik. Caricom ta pral aksepte sòti Ayiti a nan dat 29 fevriye 2004, paske'l pat rekonèt gouvènman interimè a. Ayiti ta pral retounen nan Caricom aprè René Préval te fin eli e te kreye yon lòt gouvènman.

Nan jiyè 1999, Angiy te retounen nan Caricom, men fwa sa tankou manm asosye. Li te nan Caricom depi 1974 jiska 1980 lè sa li te asosye ak Set Kristòf ak Nyevès, nan ansyen eta ki te rele Saint-Kitts-Nevis-Anguilla.

Nan ane 200, minis zafè etranje peyi Repiblik Dominikèn te mande pou Caricom aksepte peyi'l. Lòt manm yo pa't wèl konsa, si'n konsidere pwa popilasyon ak ekonomi Repiblik Dominikèn pa rapò lòt manm yo. Demanm sa ta pral eksplike, paske lòt vwazen sile Ispanyla a: Ayiti, se yon manm Caricom. Yo te fè yon pwopozisyon kote relasyon Caricom ak Repiblik Dominikèn ta dwe sou Asosyasyon Eta Karaib yo (AEC).

Estrikti[edite | modifier le wikicode]

Apre gwo pase men ki te fèt nan Caricom lan nan lane 2001, li fonksyone konsa:

Egzekitif[edite | modifier le wikicode]

Li gen ladan'l

  • Reprezanta egzekitif chank manm,
  • yon prezidan (yon è pou chak premye minis peyi manm yo)
  • yon sekretè jeneral (chèf egzekitif la)
  • ak yon sekretarya Caricom (chèf ògan administratif la)

Nou jwenn ankò yon kabinè pou preske chak chè gouvènman kote li resevwa responsabilite oubyen dosye ki gen rapò ak devlopman ak entegrasyon rejyonal [3].

Branch legislatif la[edite | modifier le wikicode]

Konsèy Kominote a gen ladan'l minis ki responsab zafè konimontè yo, ak lòt minis kote travay yo depann de peyi manm yo. Branch sa a se yon nan ògan pwensipal Kominote a (lòt la se Konferans chèf gouvènman yo). Gen kat lòt konsèy ak 3 komite ki asiste branch legislatif la.

Lòt konsèy yo[edite | modifier le wikicode]

  • Konsèy finans
  • Konsèy komès ak devlopman ekonomik
  • Konsèy zafè etranjè ak kominotè
  • Konsèy pou devlopman

Komite yo[edite | modifier le wikicode]

  • Komite zafè jiridik [4]: li okipe'l de zafè jiridik nan konsèy ak òganis yo ki nan Kominite a;
  • Komite bidjetè: egzamine pwojè bidjè a ak pwogram travay Sekretarya a.
  • Komite direktè bank santral yo

Enstitisyon jidisyè yo[edite | modifier le wikicode]

Lakou karayibeyèn jistis (CCJ) la, se pral yon ògan ki pral regle pwoblèm nan Caricom. CCJ a gen syèj li nan peyi Trinidad ak Tobago, nan vil Port of Spain.

Ògan kominote Karayib yo[edite | modifier le wikicode]

  • Konferans chèf gouvènman yo
  • Chèf gouvènman CARICOM yo
  • Komite minis pèmanan


Sekretarya[edite | modifier le wikicode]

  • Sekretarya Kominote Karayib

Nou jwenn Sekretarya a nan peyi Giyan, nan vil Georgetown


"To provide dynamic leadership and service, in partnership with Community institutions and Groups, toward the attainment of a viable, internationally competitive and sustainable Community, with improved quality of life for all."


Enstitisyon ki se asosye CARICOM[edite | modifier le wikicode]

  • Bank devlopman Karayib
  • Inivèsite Giyan
  • Inivèsite Antiy oksidantal yo
  • Caribbean Law Institute / Caribbean Law Institute Centre (CLI / CLIC)
  • Òganizasyon Eta Karayib oryantal (OECO)

Ògan segondè yo[edite | modifier le wikicode]

Lòt ògan[edite | modifier le wikicode]

Enstitisyon ki fèt nan Caricom[edite | modifier le wikicode]

Anpil enstitisyon ta pral kreye sou inisyativ Caricom, tankou:

Lòt enstitisyon ki vin asosye ak Caricom :

Pwojè CARICOM yo[edite | modifier le wikicode]

Mache inik CARICOM[edite | modifier le wikicode]

Nan dat 5 janvye 2005, Jamayik, Babad ak Trinidad te siyen yon akò.

Yo te panse pou lòt douz peyi manm yo ke antre nan Mache a avan ane a te fini. Akò a te ofisyèl an janvye 2006, ki te gen nan li premye manm sa yo: Babad, Beliz, Jamayik, Giyan, Sirinam ak Trinidad ak Tobago. Montserrat ap goumen pou wè si Angletè dakò pou'l ka antre nan Mache a. Ayiti pap antre nan mache a pou pwoblèm politik intèn e Baamas pap antre pou tèt yon dispozisyon kote travayè yo gen otorizasyon pou deplase lib e libè.

Sekretarya Caricom la gen relasyon ak Òganizasyon Carayib oryental.

Paspò Caricom lan[edite | modifier le wikicode]

Paspò sa pèmèt manm li yo sikile lib e libè nan tout etan peyi manm yo, li ta mande tou pou tout sitwayen yo adopte yon sèl idantite. Nouvo paspò yo gen plis sekirite kounyea e machin ka li yo. Nan dat 7 janvye 2005, peyi Sirinam ta pral devni premye peyi ki itilize paspò Caricom lan. Answit nan avril 2005 Sen Vensan ak Grenadin ta pral fè menm chimen an, e nan dat 25 oktòb 2005, Sen Christòf ak Nyevès te kòmanse itilize'l tou. Lòt eta manm yo ta dwe fè menm jan an tout otan stòk ansyen paspò yo ap fini.

Kòman paspò a ye[edite | modifier le wikicode]

twa koulò yo se:

Anpil fwa, yo mete senbòl nasyonal yo ak senbòl Caricom nan kòt a kòt. Se yon konpayi ki rele Canadian Bank Note Company ki te fè paspò Sirinam yo pou yon total de 1 milyon edmi dola sou senk ane.

Pwojè fiti[edite | modifier le wikicode]

  • Liezon lin aeryèn yo
  • Règleman pou sosyete sivil
  • Linyon monetè
  • Peplasman lib e libè
  • Linyon politik
  • Bous rejyonal
  • Santral acha

Lib echany[edite | modifier le wikicode]

Depi nan lane 2001, Peyi Caricom yo te gen pou objektif mete sou pye yon akò lib echany ak tou patnè lokal yo ak rejyonal. Prosesis sa a se nan kad Caribbean Regional Negociating Machinery (CRNM).

Akò preferansyèl[edite | modifier le wikicode]

Akò pou lib echany[edite | modifier le wikicode]

A letid[edite | modifier le wikicode]

Anplis, douz manm Caricom (Babad ak Trinidad ak Tobago pa ladan'l), fè alyans ak Petrocaibe nan lane 2005 ak Venezwela kote'l pèmèt peyi ki siyen yo achte petwòl nan men Venezwela nan kondisyon yo chwazi ke yo ka peyi a.


  1. Pase men nan akò Chaguaramas lan
  2. Haiti suspends ties with CARICOM
  3. Regional Portfolios of CARICOM Heads of Government
  4. CARICOM Laws

Lyen ekstèn[edite | modifier le wikicode]