Wyclef Jean
|
|
|---|
|
Tèks sa ki rele Wyclef Jean an devlòpman. Li mande pou nou patisipe nan redaksyon li pou li pe sa vini yon bon tèks, yon referans nan kreyòl ayisyen. Ede nou devlope li epitou patisipe nan diskisyon sou li nan paj diskisyon sa Diskite:Wyclef Jean |
Nelust Wyclef Jean, yo rele Klèf, se yonn nan mizisyen, atis, pwodiktè, rapè ayisyen ki pli konnen nan lemonn. Li te fèt Kwadèboukè 17 oktòb 1972 , men l' te bwote Nou Jèze lè l' te gen nèvan. Se te la ke li te komanse aprann jwe gita epi mizik djaz. Nan ane 1987 li te kreye yon gwoup avek kouzen li Prazakrel Michel (Pras) epi yon kamrad lekòl li, Lauryn Hill. Gwoup sa te rele Tranzlator Crew. Pita yo te chanje non gwoup la, epi yo te vin The Fugees.
[[Itilizatè:Admiral_T_&_Wyclef_Jean.jpg |thumb|left|Admiral T epi Wyclef Jean.]]Premye plak Fugees te rele Blunted on Reality, men li pat yon sikse komèsyal. Dezyèm plak pa yo, The Score te yon sikse imans, epi yo te vann plis pase 17 milyon kopi plak sa nan tout mond la, epi twa manm gwoup la te vin rekonnen nan tout mond la. Apre sa, Jean te anonse ke li tap komanse yon karye pouko li.
Premye plak li te rele Wyclef Jean Presents the Carnival Featuring the Refugee All-Stars. Sou CD sa, li te chante kat chanson an Kreyòl, epi tout mond la te vin entwodwi a mizik ayisyen an. Apre sa, Jean fè senk lòt plak: The Ecleftic: 2 Sides II a Book (2000), Masquerade (2002), The Preacher's Son (2003), e Sak Pasé Presents: Welcome To Haïti (Creole 101) (2004) kon Admiral T.
-
WyclefJean.jpg
Wyclef ki ap pèfòme nan konsè ONUSIDA
Kontni |
[edite] Byografi
- 11972 - 7 oktòb : Nesans Kwadèboukè, Ayiti
[edite] Zèv li yo
[edite] Òganizasyon
YELE pou Ayiti
400px|center
Pwogram YELE pou AYITI
- YéleFest
- Falla Boucan
- Primary School Scholarships
- Help Haiti
- Food Distribution
- School Rebuilding
- Teacher Training
- L’Athlétique d’Haiti
- Computer Lab
- University School
- Pwojè Lari Pwòp
- Child Soldier Program
- Hip Hop An Sante
- École Verte
- Yele Cinema
- Youth Soccer Program
- Yele Cuisine
- Radio Distribution
[edite] Diskografi
- 1997 Wyclef Jean Presents the Carnival Featuring the Refugee All-Stars
- 2000 The Ecleftic: 2 Sides II a Book
- 2002 Masquerade
- 2003 The Preacher's Son
- 2004 Sak Pase Presents: Creole 101 (Welcome to Haiti)
- 2007 memwa a on imigran Carnival Vol. II: Memoirs of an Immigrant