Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye
Slc temple at night conference center fountain.jpg

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se yon denominasyon kretyen mondyal. Moun yo souvan konn rele manm legliz yo Mòmon yo, non sa a pa korèk. (Manm legliz yo pa renmen lè moun rele yo sa paske mo Mòmon se non yon pwofèt ansyen, non pa non legliz la). Yo gen dwa rele manm legliz yo Sen Dènye Jou yo (SDJ yo, nan rès atik sa a).

SDJ yo kwè ke legliz yo a diferan avèk lòt legliz nan mond lan yo. Yo kwè ke malgre legliz yo a se yon òganizasyon kretyen, li pa yon legliz pwotestan. Yo kwè ke legliz la pat rezilta yon pwotès ni yon refòmasyon, men pito se legliz retabli Jezikris a. Yo kwè ke lè Jezikri te sou latè a, li te òganize yon legliz, li te kite 12 apòt li yo nan tèt legliz sa a lè li te al jwenn papa li. Yo kwè ke Jezi te bay apòt sa yo yon pouvwa spesyal ki rele lapretriz (wè seksyon make “Pretriz la”) epi lè chaken nan 12 apòt yo te fin matirise legliz Jezikri a te tonbe san dirèksyon enspire. Daprè SDJ yo, sa te komanse yon epòk yo rele “gran apostazi a.” Yon epòk nan mond lan lè pat gen dirèksyon ki sòti syèl la, pat genyen pwofèt, ni apòt. Nan tan sa a SDJ yo kwè ke lezòm te komanse kreye divès legliz lè yo te entèprete Bib la nan fason pa yo, men plenitid levanjil la pat egziste sou tè a. Se sak fè yo kwè ke legliz la te oblije retabli, non sèlman chanje, ni refòme.

Istwa Legliz la[edite | modifier le wikicode]

Premye Visyon Jozèf Smit la[edite | modifier le wikicode]

Jozèf Smit, pitit, te fèt nan 23 desanm 1805 nan Sharon, Conte Windsò, nan eta Vèmon (Ozetazini) pou Jozèf Smit, papa ak Lucy Mack Smith. Se li ki te fondatè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Jozèf Smit rakonte pwòp istwa pa li nan yon liv kanonik pou SDJ yo ki rele “Jozèf Smit, Istwa” (ekri nan lanne 1838). Pita nan lavi li, fanmi a te vin abite nan yon vil rele Palmira, nan eta Nouyòk. Lè li te jèn li dekri jan vil la te boulvèse anpil osijè relijyon. Te genyen yon pakèt legliz nan ti vil sa a epi fanmi a te divize nan plizyè legliz yo. Jozèf Smit li menm pat angaje tèt li avèk youn ladan yo, men li te asiste sèvis yo osi souvan ke li te kapab. Li tap chèche verite a pami tout legliz yo. Chak legliz te konn di ke se sèlman nan legliz pa yo a ke moun yo te ka sove. Jozèf Smit te vle konnen ki legliz ki te legliz veritab la, li te konn mande pastè yo ak predikatè yo, men li pat jwenn repons li te bezwen yo. Yon jou nan prentan 1820, msye tap li nan Bib la, nan Epit Jak la, chapit 1, vèse 5: “Si yon moun pami li manke bon konprann, se pou li mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremèsi.” Jozèf Smit te di ke ekriti sa a te antre nan kè li avèk anpil fòs e li te konnen si li te vrèman vle repons pou kestyon li, se te pou l mande Bondye. Daprè rejis li a, li te al mete ajenou nan yon ti forè ki te touprè lakay li a. Pandan li tap priye li rakonte yon gran eksperiyans, nan pwòp pawòl li, men sak te pase : « M te wè yon rayon limyè, egzakteman anlè tèt mwen an, ki te pi klere pase limyè solèy la, li tap desann ti kras pa ti kras, jiskaske li te vin rive sou mwen. Lè limyè a te poze sou mwen, m te wè 2 moun, ekla kò yo ak glwa yo te depase tout deskripsyon ki tap kanpe anlè a. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te rele m nan non mwen, epi li te di “Men Pitit Gason Byenneme m nan, tande li” » Jozèf te poze Jezikri keksyon li a; ki legliz se vrè legliz li a. Repons ke li te resevwa se te pou li pa angaje tèt li avèk yo youn. Li rakonte ke Jezi te di li ke “yo apwoche li menm ak bouch yo, men kè yo elwaye de li menm, yo anseye pou doktrin komandman lezòm, yo gen pouvwa pyete, men yo nye pouva Bondye.” Sen Dènye Jou yo kwè nan eksperyans sa a Jozèf Smit te aple kòm pwofèt pou retabli vrè legliz Jezikri a sou latè a ankò e pou mete lafen avèk gran apostazi a. Jozèf Smit rakonte ke aprè visyon sa a li te soufri anpil pèsekisyon poutèt temwayaj li a konsènan evènman sa a.

Vizit Mowoni yo e Plak Lò yo[edite | modifier le wikicode]

Kelke anne aprè, nan 21 septanm 1823, Jozèf ekri ke li te anvi jwenn padon pou peche l yo epi pou l konnen posisyon li devan Bondye. Aswè lè li te mete ajenou pou priye Bondye li rakonte yon lot manifestasyon. Li di ke yon moun abiye an rad ekstrememan blan te parèt nan chanm li a e te komanse pale avè li. Moun nan te endwodwi tèt li kòm yon mesaje ki sòti nan prezans Bondye e ke li rele Mowoni. Jozèf Smit rakonte ke mesaje sa a te di li ke Bondye te gen yon zèv pou li akonpli—ke te genyen yon rejis ansyen depoze yon kote, ki ekri sou plak fèt an lò e ki te genyen plenitid levanjil etènèl la, e Bondye te prepare mwayen pou li kapab tradui. Daprè Smit, Mowoni te esplike ke se li menm ki tap resevwa rejis sa a e li ta gen pou tradwi li. Anvan ke li te ale, Mowoni te resite plizyè ekriti nan Ansyen Testaman an. Lè li te fini, li te disparèt ak tout glwa li. Nan menm nwit sa a, Mowoni te tounen yon lòt 2 fwa epi repete menm bagay yo. Landemen an, pandan ke Smit tap travay nan jaden papa li, li rakonte ke menm mesaje sa a te parèt devan li yon fwa ankò. Aprè kelke anne ankò, Smit di ke se te finalman nan 22 septanm 1827 ke li te al jwenn plak yo ki te kache nan yon kolin ki te touprè lakay li a. Ansanm avèk plak yo, li te jwenn sa Mowoni te rele « Ourim ak Toumim, » ki te de pyè atache ansanm, e ke yo te prepare pou ede li avèk tradiksyon rejis ansyen sa a. Yo di ke rejis la te ekri nan lang Ejipsyen Refome a, depi Smit pat konplete etid primè li yo li pat ka konnen li lang sa a, se sak fè SDJ yo di ke li te tradwi rejis la avèk èd e pouvwa Bondye. Sipozeman, Smit te tradwi rejis la avèk èd Olivè Koudri, ki te sèvi kòm ekriven. Liv la te pibliye pou lapremye fwa avèk non « Liv Mòmom an » nan lanne 1830.

Liv Mòmon an[edite | modifier le wikicode]

Liv Mòmon an gen soutit : « Yon Lòt Temwayaj Konsènan Jezikris. » Se konsa ke SDJ yo wè liv la, yo kwè ke li te ekri pa pwofèt ansyen yo, ki te temwaye konsènan Jezikri epi ke Smit pat ekri liv la, men sèlman tradwi li. Liv la komanse avèk rejis yon fanmi ki abite an Jerizalèm, apepre nan lanne 600 Anvan Kris. Patriach fanmi a, te yon nonm rele Leyi, te resevwa yon visyon ke li dwè mennen fanmi li a kite Jerizalèm paske poutèt inikite pèp nan lè sa a, Jerizalèm tap detwi. Fanmi sa avèk kelke lòt moun ankò te trennen nan dezè a pandan 8 anne. Istwa a rakonte koman Bondye te ede fanmi sa a rive yon kote bò lanmè a, e sipozeman te ede yo avèk konstriksyon yon batiman ki te mennen yo rive nan nouvo mond lan (Kontinan Amerik la, probableman nan zòn Meksik). Lè fanmi a te rive nan « tè pwomiz la » yo te separe fè 2 nasyon, youn ki rele Nefit yo, avèk yon lòt ki rele Lamanit yo. Pifò nan rès istwa Liv Mòmon yo gen rapò avèk relasyon ant 2 sivilizasyon sa yo e pwofèt yo pami yo ki tap preche menm levanjil avèk pwofèt Biblik yo. Se te prensipalman pèp Nefit la ki te kenbe rejis yo sou yon seri plak yo. Pou SDJ yo, pi gran evènman ki genyen nan liv la, se lè Jezikri te vin vizite moun sa yo pèsonèlman, aprè rezirèksyon li. Pami pèp sa a, li te bay plizyè diskou ki senblab avèk sila yo ke li te bay nan zòn Jerizalèm nan lè l te la. Youn nan pwofèt sa yo te rele Mòmon, se li ki te pran tout rejis ansyen sa yo e te konpile yo pou fè yon sèl liv, yon abrejman. Se sak fè liv la genyen nan Liv Mòmon an, malgre se pa sèl Mòmon ki ekri ladan l. Anvan Mòmon te mouri, li te bay pitit li a Mowoni, rejis final la. Nan fen istwa a (nan apepre 421 Aprè Jezikri—1000 aprè liv la te komanse), pèp Nefit la te vin detwi nètman pa Lamanit yo. Nan mitan gwo lagè sa a, Mowoni te ajoute kèk mo pou tèt pa l, ladan ti pawòl li a, li te ekri yon pati byen enpòtan pou SDJ yo, sa yo rele pwomès la ; li pwomèt tout moun ki resevwa liv la ke si yo li li, medite sou li epi mande Bondye si liv la vrè va resevwa yon temwayaj nan men Sentespri a konsènan verasite li. Aprè Mowoni te fin ekri pati pa l, li te al kache plak yo, afenke Lamanit yo pa tap detwi rejis la. SDJ yo kwè ke se menm Mowoni sa a, ki te vin tounen yon èt resisite ki te parèt devan Smit nan anne 1823-1827 pou montre li kote li te ka jwenn rejis la.

Retablisman Pretriz la[edite | modifier le wikicode]

Pou SDJ yo, yon pati ki trè enpòtan nan sa ki rele retablisman legliz la, se retablisman pretriz la. Daprè yo menm, Lapretriz se pouvwa ak otorite a ke Bondye bay lezòm ki bay yo dwa akonpli zèv Bondye sou tè a, oubyen pou yo ka aji nan non Bondye. Yo kwè ke ansyen apòt Jezikri yo te resevwa pouvwa sa a nan men Jezi menm. Men aprè 12 apòt yo te fin matirize, SDJ yo kwè ke pretriz la te pedi sou latè a. (Se sak te reskonsab komanse epòk gran apostazi a). SDJ yo kwè ke anvan vrè legliz Jezikri a te ka retabli sou latè a, fòk pouvwa sa a gentan retabli. Yo kwè ke sa te rive nan 15 me 1829. Pandan ke Smit avèk Koudri tap tradwi Liv Mòmon an, yo te vin gen yon keksyon konsènan mòd ak manyè batèm, e yo te al priye pou direksyon. Lè sa a, SDJ yo kwè ke yo te wè yon lòt aparisyon, fwa sa a, se te Jan Batis ki te parèt devan yo, epi li te mete men l yo sou tèt yo pou ba yo Pretriz Arawon an (wè Ebre 5:4), yo kwè ke kèk tan aprè eksperiyans sa a, yo te resevwa pretriz ki pi wo a, ki rele Pretriz Melchizedèk la (wè Ebre 5:6) pa enpozisyon men Pyè, Jak e Jan, 3 nan 12 apòt orijinèl yo. Depi yo te resevwa pretriz la nan men Jezikri, yo te ka bay li avèk sila yo ki chwazi pou resevwa li. Nan legliz la jodi a, nenpòt gason ki diy (ap kenbe komandman yo), e ki gen plis ke 12 zan, kapab resevewa lapretriz (pa enpozisyon men moun ki deja genyen li) pou sèvi nan legliz la. Dèske lapretriz te retabli, Smit te ofisyelman òganize Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nan 6 avril 1830 avèk Jozèf Smit kòm premye Prezidan ak Pwofèt legliz la. Depi piti komansman sa a, legliz la gentan grandi anpil, ou ka jwenn legliz sa a nan pifò peyi nan mond lan, avèk 12 milyon manm gaye preske nan mond lan.

Istwa legliz la an Ayiti[edite | modifier le wikicode]

Nan lanne 1977, Alexandre Mourra (yon Ayisyen ki tap rete nan Pòtoprens), tap chèche pou vrè legliz la, preske menm jan ak Jozèf Smit. Li rakonte ke yon jou lè l te fin priye li te konnen ke li te bezwen al nan magazen yon kouzen li. Lè l te rive, li te wè madanm kouzen li tap li yon liv, Liv Mòmon an, epi li te anvi li liv la, men madanm kouzen li pat kite l prete li, men li te ba li yon bwochi avèk istwa Jozèf Smit la, epi imediyatman Mourra te ekri yon lèt bay misyon legliz la an Florida, mande pou yon copi liv la. Lè liv la te rive, Mourra te li tout liv la nan yon sèl kou e rakonte ke li te konnen ke rechèch li te fini. Nan Jiyè 1977 li te batize an Florida. Nan 2 jiyè 1978 premye batèm yo an Ayiti te fèt, epi legliz la ap grandi depi lò. Jodia genyen 2 pye ak 2 distri nan peyi Ayiti, avèk plis ke 15000 manm legliz yo an Ayiti. Andeyò Ayiti, Ayisyen yo fè pati legliz la tou. Nan Florida genyen 5 branch lang Kreyòl ayisyen (Miami, Ft Lauderdale, Coconut Creek, Ft. Myers e Orlando), avèk yon lòt nan Boston. Anplis, genyen anpil SDJ yo nan Nouyòk ak nan Monreyal, Kebèk.

Doktrin yo[edite | modifier le wikicode]

13 Atik Lafwa yo: Nan lanne 1842, Pwofèt Jozèf Smit la te ekri yon lèt bay John Wentworth, ki te editè yon jounal ki te rele Chicago Democrat. Nan lèt sa a li te eksplike yon pakèt bagay konsènan legliz la ak kwayans yo. Nan lèt sa a, li te bay sa ki rele “Atik Lafwa yo,” yon rezime kwayans de baz Sen Dènye Jou yo. Men yo:

  1. "Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit li Jezikri, epi nan Sentespri a.
  2. Nou kwè lezòm ap pini pou pwòp peche pa yo, pa pou transgresyon Adan an.
  3. Nou kwè atravè ekspyasyon Kris la, tout limanite ap sove, pa obeyisans ak lwa yo ak odònans levanjil yo.
  4. Nou kwè premye prensip ak odònans levanjil yo se: premyèman, lafwa nan Senyè a, Jezikri; dezyèman, repantans; twazyèman, batèm pa imesyon pou remisyon peche yo; katriyèman, enposisyon men yo pou don Sentespri a.
  5. Nou kwè yon moun dwe rele pa Bondye, pa pwofesi ak pa enposisyon men yo pa moun ki gen otorite pou preche levanjil epi administre odònans yo.
  6. Nou kwè nan menm òganizasyon ki te egziste nan legliz primitif, site konsa, apòt, pwofèt, pastè, enstriktè, evangelis, elatriye...
  7. Nou kwè nan don lang yo, pwofesi, revelasyon, visyon, gerison, entèpretasyon lang yo, elatriye...
  8. Nou kwè Bib la se pawòl Bondye, toutotan li tradwi korèkteman; li kwè tou ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye.
  9. Nou kwè nan tout sa Bondye gentan revele, tout sa li ap revele kounyeya, epi nou kwè l ap revele anpil gran bagay enpòtan konsènan wayòm Bondye a nan lavni a.
  10. Nou kwè nan rasanbleman literal Izrayèl ak nan retablisman dis tribi yo; Siyon (Nouvo Jerizalèm nan) ap bati sou kontinan Ameriken an; Kris ap rèye personèlman sou latè a; epi latè a ap renouvle epi resevwa glwa paradizyak li.
  11. Nou reklame privilèj pou nou adore Bondye toupwisan an daprè pwòp konsyans nou, epi pèmèt tout moun gen menm privilèj la, kite yo adore jan yo vle, kote yo vle, oubyen sa yo vle.
  12. Nou kwè nou dwè soumèt tèt nou anba Wa yo, Prezidan yo, Jij yo, ak Majistra yo nan obeyi, onore ak soutni lalwa.
  13. Nou kwè nou dwe onèt, sensè, chas, byenvèyan, vètye, epi fè byen a tout moun; an efè nou dwè di nou swiv egzòtasyon Pòl la— Nou kwe tout bagay, nou espere tout bagay, nou gentan andire anpil bagay, epi nou espere kapab andire tout bagay. Si gen yon bagay vètye, emab, ak bon repitasyon oubyen diy pou lwanj n ap chèche bagay sa yo."

Trinite a: Sen Dènye Jou yo kwè nan Bondye Papa a, Pitit li a, Jezikri ak nan Sentespri a. Men yo kwè ke yo twa se twa moun distenk. Yo kwè ke Bondye ak Jezikri gen kò pèfèksyone ak glorifye, men Sentespri a pa gen yon kò tanjib. Yo kwè ke yo twa travay ansamn nan inite pafè.

Chit Adan an: SDJ yo kwè ke Adan ak Èv te abite nan jaden edèn nan, men nan eta sa a yo pat ka pwogrese, epi li te nesesè pou yo te manje fwi defandi a pou rès imanite te ka vin sou tè a. Wè Liv Mòmon an, 2 Nefi 2:25: “Adan te tonbe pou ke lezòm te kapab fèt, epi lezòm fèt pou yo kapab gen lajwa.” Nan legliz la yo respèkte epi onore Adan ak Èv antanke premye paran li yo.

Ekspyasyon Jezikri a: Doktrin ki pi enpòtan pou Sen Dènye Jou yo se ekspyasyon Jezikri a. Depi lè Adan ak Èv te tonbe, peche ak lanmò te vin antre nan mond lan. Tout moun aflije avèk 2 bagay sa yo, e sèl mwayen ki genyen pou echape sila yo se atravè ekspyasyon an. Jezi te soufri pou peche mond lan epi tout moun ki vin jwenn li kapab jwenn padon, osi, li te mouri e resisite ki fè li posib pou tout moun va resisite e resevwa yon kò pèfèksyonne. Yo kwè nan resi Biblik lavi, ministè ak lanmò Sovè a. Yo kwè ke remisyon peche vini sèlman atravè Jezikri, lè yon moun obeyi prensip ak odònans levanji yo.

Premye Prensip ak Odònans yo: Sepandan SDJ yo kwè ke tout moun va resisite, yo kwè ke remisyon pou peche yo ka vini sèlman pou moun ki swiv sa ki rele ‘Levanjil Jezikri a.” Li genyen plizyè etap:

  1. Lafwa nan Senyè Jezikri: Anvan yon moun ka pwogrese nan levanjil la, li bezwen genyen lafwa, yon kwayans fèm e inebranlab ke Jezi se pitit Bondye ak redanmtè mond lan.
  2. Repantans: Daprè SDJ yo, Repantans se prosesis yon moun fè pou li chanje epi vin pi prè Bondye. Tout moun fè erè nan lavi pa yo, epi li ka sèlman jwenn padon si li repanti. Genyen plizyè etap nan repantans jan SDJ yo dekri li: 1. Rekonèt lè yo fè peche. 2. Santi yo tristès divin; pou yo santi yo mal lè yo rekonèt ke sa yo te fè a fè Bondye tris e kontribye nan soufrans Jezikri. 3. Konfese; tout peche dwè konfese a Bondye, SDJ yo kwè ke genyen peche yo (sila yo ki grav anpil) ki mande konfesyon avèk dirijan legliz yo a. 4. Mande padon; yo dwè mande Bondye padon pou tout peche ke yo fè. 5. Repare andomaj ke peche yo te lakòz; Pa egzanp, si yon moun te vole yon bagay, nan repantans konplè, fòk li ranplase sa li te vole a. 6. Abandone; aprè yon SDJ fin konplete prosesis sa a fòk li abandone peche sa a si li vle jwenn padon.
  3. Batèm pa Imèsyon: Batèm nan Legliz la fèt pa imèsyon konplèt. SDJ yo kwè ke tout vrè batèm dwè fèt pa yon moun ki se yon detantè pretriz la. Yo kwè ke lè yon moun batize li fè yon aliyans (pwomès) avèk Bondye ke l ap sèvi Bondye e kenbe komandman l yo, epi Bondye pwomèt ki li va padone yo si yo fè tout sa li mande a.
  4. Don Sentespri a : SDJ yo kwè ke batèm avèk lespri a bezwen swiv batèm nan dlo a. Aprè yon moun fin batize nan legliz la, plizyè detantè pretriz yo, mete men yo sou tèt moun nan epi yo konfime li yon manm legliz la, youn pati nan priyè sa a, yo di « M di ou, resevwa Sentespri a, » SDJ yo kwè ke aprè odònans sa a fèt ke yo resevwa don Sentespri a, oubyen yo kwè si yo rete diy Sentespri a kapab ansanm avèk yo tout tan, pou dirije yo epi ede yo nan lavi pa yo.
  5. Pèsevere Jiska Lafen : SDJ yo kwè ke toujou rete travay pou fè aprè yo fin batize. Pou resevwa Sali, yo kwè ke manm legliz yo bezwen rete fidèl, kenbe komandman yo, repanti e pran Sentsèn nan pandan tout lavi yo.

Plan Sali a[edite | modifier le wikicode]

Youn nan doktrin yo ki enpòtan pou SDJ yo, rele Plan Sali a. Yo kwè ke doktrin sa a reponn avèk plizyè kesyon li tout ka genyen: Kiyès mwen ye vrèman? Poukisa mwen isit sou tè a? epi Kikote mwen prale aprè lavi sa a fini? SDJ yo kwè ke anvan li te fèt sou latè a, li te abite nan Syèl la ak Bondye antanke pitit espri li yo. La, Bondye te devize yon plan kote li menm, pitit li yo te ka vin eritye yon kò fizik epi pwogrese. Se sa yo kwè se bi egzistans li sou latè a, pou li pwogrese vin pi plis tankou Bondye. Atache avèk plan sa a se gran enpòtans SDJ yo mete sou fanmi yo. Yo kwè ke fanmi yo òdone pa Bondye, e paran yo gen yon gran responsabilite pou elve timoun yo nan ladwati. Yo kwè si moun te sispann fè pitit, pitit espri Bondye yo pat ta ka vin eritye yon kò fizik, se sak fè pifò nan koup SDJ genyen plizyè pitit. Yo kwè ke aprè lavi sa a fini, espri li yo avèk kò li yo separe. Kò a rete isit sou tè a, men lespri a prale nan sa yo rele “Mond Espri yo.” Yo kwè genyen 2 pati nan egzistans sa a, “Paradi Espri yo,” kote tout espri moun ki te obeyi lwa ak òdonans yo prale nan yon eta bonè, epi “Prizon Espri yo” kote tout espri moun ki potko aksepte levanjil la prale. Yo kwè ke moun nan paradi kab ale anseye levanjil la bay moun nan prizon yo. Lè peryòd sa a fini, yo kwè ke tout moun va resisite (ni jis yo, ni mechan yo), epi lespri a pral jwenn kò fizik la yon fwa ankò, sòf ke kò a ap pèfèksyone epi imòtèl (li pap janm mouri ankò). Yo kwè ke lè sa a, tout moun va kanpe devan Jezikri epi li ap jije yo daprè zèv yo ak dezi kè yo lè yo te sou latè a. Aprè jijman final la, yo kwè ke tout moun va rive nan youn nan 3 wayòm yo pou letènite: Wayòm Selès la (kote Bondye ak Jezi abite ak tout moun jis yo), Wayòm Terès la (pou bon moun ki pat aksepte plenitid levanjil la), oubyen nan Wayòm Telès la (pou moun mechan yo).

Komandman yo[edite | modifier le wikicode]

10 Komandman yo[edite | modifier le wikicode]

SDJ yo kwè nan 10 komandman yo, menm jan yo ekri nan Bib la (Egzòd Ch.20). Yo sanse swiv chaken nan 10 komandman sa yo. SDJ yo kwè ke aprè rezireksyon Jezikri a, jou saba a te chanje vin tounen jou Dimanch lan pou onore pi gran evènman nan istwa a—rezirèksyon Sovè a. Poutèt sa, yo obève jou saba (jou repo a) nan jou Dimanch lan. Se nan jou sa a pifò nan reyinyon eklezyastik yo fèt.

Pawòl Sajès la[edite | modifier le wikicode]

Yon bagay anpil moun konnen de legliz la se règ ke manm legliz yo swiv osijè kelke sibstans. Nan lanne 1833 SDJ yo kwè ke Smit te resevwa yon komandman nan men Senyè a, komandman sa a te rele “Pawòl Sajès la,” komandman sa a ekri nan yon liv kanonik SDJ ki rele “Doktrin ak Aliyans yo.” Pawòl Sajès la genyen plizyè pwen ki gen rapò avèk kò fizik la e ki bagay li dwè evite enjeste. Poutèt komandman sa a, SDJ yo pa bwè alkool, ni kafe, ni te (te vè ak te nwa, yo ka bwè te natirèl yo), yo pa itilize tabak, ni onkenn dwòg ilegal. Ositou, Pawòl Sajès la genyen pati a ki di sa yo dwè manje, li ankouraje yon rejim ki balanse; fwi ak legim, pen yo, vyann tout an moderasyon. SDJ yo kwè ke sila yo ki fidèl avèk komandman sa a va resevwa anpil gran benediksyon nan men Senyè a.

Lwa Chastete a[edite | modifier le wikicode]

Yon lòt komandman ke SDJ yo swiv rele Lwa Chastete a. Komandman sa a gen rapò avèk kondit sèksyel li. Youn ladan 10 komandman yo se: Piga li komèt adiltè. SDJ yo pran sa pi lwen toujou, yo kondane tout kontak sèksyel deyò lyen mariyaj yo. Anvan mariyaj, fòk yo evite tout relasyon konsa yo, epi aprè yo fin mariye yo kwè nan fidelite konplèt avèk madanm / mari yo.

Lwa Dim nan[edite | modifier le wikicode]

SDJ yo kwè nan komandman ki anrejistre nan liv Malachi nan Ansyen Testaman an, Chapit 3, Vese 9 kote Senyè a di: “Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men se twonpe m n ap twonpe m. N ap mande kijan n ap twonpe m lan. M ap reponn li: nan kesyon ladim ak lòt bagay li fèt pou li ofri m lan.” Nan akòdans avèk siyifikasyon mo ‘dim’ nan (ki vle di yon dizyèm pati), SDJ yo kwè ke Senyè a egzije yo bay 10% (yon dizyèm), nan tout kòb yo touche. Avèk kòb sa a, legliz la bati chapèl avèk tanp yo, achte liv yo, elatriye… li enpòtan pou remake ke pèsonn pa touche avèk kòb dim nan, tout moun ki travay nan legliz la, yo fè li kòm volontè san yo pa touche.

Lwa Jèn nan[edite | modifier le wikicode]

Ansanm avèk lwa dim nan, SDJ yo peye osi yon ofrand jèn, dabitid yon fwa chak mwa. Avèk kòb sa a, yo achte manje avèk rad pou moun ki pòv yo (ni moun anndan legliz osibyen ke moun deyò a tou). Abityèlman SDJ yo peye nan ofrand jèn kòb ke yo te sere pandan ke yo tap jène—Omwen yon fwa chak mwa SDJ yo sanse rete san manje pandan 24 è, oubyen 2 repa. Souvan (men pa fòseman) sa konn fèt nan premye Dimanch chak mwa.

Tanp yo[edite | modifier le wikicode]

Pou reyinyon ke yo fè chak semèn yo, SDJ yo reyini nan yon bilding yo rele yon chapèl. Men ositou SDJ yo genyen plizyè lòt bilding ki trè enpòtan pou yo, sila yo rele tanp yo. Tankou nan tanp yo nan tanlontan, nan tanp sa yo, SDJ yo pa adore nan fason yo fè chak semèn, men yo di ke tanp lan se yon andwa kote yo fè plizyè aliyans spesyal avèk Senyè a. Nan tanp yo, yo fè seremoni mariyaj yo. SDJ yo kwè ke fanmi se yon bagay ki etènèl e yo pa kwè nan “jiskaske lanmò li separe li ke yo di nan mariyaj sivil yo. Men, si yon koup SDJ yo mariye nan tanp lan avèk pouvwa pretriz la, epi yo pèsevere jiskalafen, yo kwè ke yo va ansanm avèk fanmi yo a nan wayòm Selès la. Sèlman SDJ yo kapab antre nan tanp yo, epi sèlman SDJ yo ki diy epi ki ap kenbe komandman yo.

Òganizasyon[edite | modifier le wikicode]

Jan li di nan “6e Atik Lafwa,” SDJ yo kwè ke depi se Jezi ki te fonde legliz yo a li dwè genyen menm fòm ak strikti legliz orijinèl Jezikri a te genyen. Yo kwè nan ofis pwofèt, apòt, swasandis, evèk, prèt, elatriye…

Prezidan Legliz la[edite | modifier le wikicode]

SDJ yo kwè nan revelasyon modèn, sila vle di ke aprè Jozèf Smit te matirize nan lanne 1844, yo kwè ke Bondye pat sispann chwazi pwofèt yo. Aprè Smit te mouri, SDJ yo te swiv Brigham Young ke yo te soutni kòm dezyèm pwofèt nan legliz la. Aprè Young te gen yon lòt pwofèt, epi yon lòt, jiska prezan. Alèkile, SDJ yo di ke li rive nan 15e pwofèt la, ki rele Gordon B. Hinckley. Se li ki Pwofèt ak Prezidan aktyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Kòwòm Douz Apòt yo[edite | modifier le wikicode]

Genyen 12 moun ki sèvi sou dirèksyon Prezidan legliz la, SDJ yo rele yo 12 apòt yo, lè yon moun chwazi pou ofis sa a li rete la jiskaske li mouri. Lè yo bezwen chwazi youn pou ranplase sa ki te mouri a, SDJ yo di ke yo swiv menm modèl apòt ansyen yo te swiv nan liv Travay Apòt yo Ch 1:20-26—Yo te rasanble ansanm epi priye e Bondye montre yo kimoun pou yo ta chwazi.

Dirijan Lokal yo[edite | modifier le wikicode]

Nan chak kongregasyon SDJ (rele pawas oubyen branch), gen yon nomn ki prezide sou kongregasyon an, yo chwazi li pami kongregasyon an epi jeneralman li ka fè 5 anne nan pòs sa a. Yo rele yo Evèk (nan yon pawas) oswa Prezidan Branch (nan yon branch), epi yo pa touche pou travay yo fè nan legliz la, se yon devwa odela travay nòmal yo genyen an.

Misyonè yo[edite | modifier le wikicode]

Pifò moun yo konn wè “Misyonè Mòmon yo,” dabitid jènjan yo (ki genyen 19-25 anne de laj). Malgre ou pa wè yo osi souvan, genyen jèn fi kap fè menm travay la tou. Jènjan ak jènfi sa yo kite lakay yo pandan 2 zan pou yo al preche yon kote nan mond lan. Souvan yo oblije aprann yon nouvo lang ak yon nouvo kilti. Li enpòtan pou konnen ke misyonè sa yo pa touche pou travay yo fè a, men an reyalite, se yo menm ki te peye kòb pa yo (kòb yo te sere pèsonèlman, epi nan don ke yo resevwa nan men fanmi ak zanmi) pou yo ka al ranpli misyon sa a.

Malantandi[edite | modifier le wikicode]

Genyen anpil bagay moun malenfòme konn di epi tande konsènan “Legliz Mòmon an” ki pa toutafè vrè. Men kèk nan bagay sa yo:.

Se CIA / FBI yo ye: Anpil moun konn di ke jèn misyonè yo anplwaye pa gouvènman an pou yo ka fè espiyonaj. Sa pa vrè, jènjan ak jènfi sa yo jis la pou yo ka pataje kwayans yo, se sèl enterè ke yo genyen, tout sa yo genyen nan valiz yo se kopi Bib la avèk Liv Mòmon an.

Yo pa kwè nan Jezi: Si ou gade non legliz la—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ou ka wè byen klè ke SDJ yo kwè nan Jezikri byen pwòp. Ositou, Liv Mòmon an li menm plen referans a Jezi. Tout doktrin yo santre sou Jezikri ak ekspiyasyon li a.

Yo ka genyen plizyè fanm: Rimè sa a sòti yon malantandi yon pratik ki gentan sispann pandan plis ke 100 zan. Nan komansman legliz la, te genyen kèk moun ki te pratike poligami. Yo te sispann pratike li, epi legliz la te ofisyèlman defann manm yo pratike li nan lanne 1890. Jodia si yon SDJ genyen plis ke yon fanm li va resevwa disiplin nan legliz la.

Yo pa kwè nan Bib la: Wè “8e Atik Lafwa,” li endike byen klè ke SDJ yo kwè nan Bib la depi li tradwi korekteman. Legliz la pa gen yon vèsyon spesyal Bib la, men an anglè yo sèvi ak “the King James Version,” epi an Franse yo sèvi avèk “la Version Louis Second.” Se vrè ke SDJ yo kwè nan Liv Mòmon an osibyen ke Bib la, men pifò SDJ yo itilize yo 2 ansanm pou konpare yo.

Sit deyò yo[edite | modifier le wikicode]