Jeannot Hilaire

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye



Jeannot Hilaire
Ajoute yon foto nan bwat sa a}}
Fonksyon:ekriven, lengwis
Eta sivil
Dat nesans:1 mas 1945
Lye nesans:Tigwav
Peyi nesans:Ayiti
Nasyonalite : ayisyen
Zèv enpòtan:
  • 1981 Dtè Ulrich FLEISCHMANN, Ideyoloji ak reyalite nan literati ayisyèn {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1982 Dtè Wolf Donner, Ayiti : potansyèl natirèl e devolpman {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1983 Jeannot Hilaire : <Pwoblèm lengwistik PeyidAyiti: prestij yon lang jenn pou moun ranfòse> (nan Etudes créoles, 3-4? AUPELF) Montréal
  • 1985 Jeannot HILAIRE, <Souvnans Kòy Nanwotè {woman kreyòl-ayisyen}>
  • 1986 Wilhelm BUSCH, <TiMaks ak TiMoris> {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
Kèk not
Biyografi


Gade kouman pou ou konplete biyografi sa : biyografi


Jeannot Hilaire (1945-), rele Jano Ilè ann Ayiti, se yon ekriven, lengwis ayisyen.

Biyografi[edite | modifier le wikitexte]

Jeannot HILAIRE fèt jou premye mas 1945, bò Tigwav. Li pran lenstriksyon primè nan Lekòl Frè Tigwav (F.I.C. Ploermel), epi sekondè nan Petit Séminaire-Collège Saint Martial nan Pòtoprens, ditan direksyon Pè Sentespri yo. Apre bakaloreya, li antre vin etidye filozofi nan Grand Séminaire Notre-Dame, toujou nan Pòtoprens. An 1968 li vwayaje vin ann Itali, kote li swiv kou lang ak kilti itayen an prive, epi ann ete 1969 nan <Università per Stranieri> nan vil Perugia, Itali. Sa tap pèmèt li pase lisans nan filosofi nan <Pontificia Università Urbaniana / Roma>, apre sa antre nan etidye teyoloji jistan pou li te pran yon bachlò degre.

Retounen ann Ayiti nan lane 1971, li rete pase de mwa nan peyi a, epi li repati vin dabò ann Itali, epi kèk tan apre ann Almay (RFA, Repiblik Federal Almay), kote li te vin jwenn posiblite travay, ann atandan mwayen pou li te pran you fòmasyon nan lang ak kilti alman nan yon Goethe Institut München, ki enstale nan lokalite Staufen im Breisgau. Non ti vil sa, nan Baden-Würtemberg nan ansyen RFA, soti asosye avèk lejann Doktè Faust. Se la, dapre latradisyon, pèsonaj literati alman sa a te pou mouri an 1538.

Apre peryòd sa a, Jeannot HILAIRE tap vin twouve l an Swis nan finisman lane 1974, nan pèspektiv pou li te antreprann yon etid nan syans natirèl. Li kòmanse efektivman, men li pat pou rive lwen nan pouswiv lide sáa. Se konsa li fikse kò li bò Fribou {Fribourg} depi epòk la.

Sikonstans mennen Jeannot HILAIRE vin dekouvri yon liv Profesè ak Doktè Ulrich Fleischmann te ekri epi pibliye anba tit: Ideologie und Wirklichkeit in der Literatur Haitis, Colloquium Verlag Berlin 1969. Se te tèz doktora l an filozofi nan inivèsite Louis Maximilien nan Munich. Sa te pouse Jeannot HILAIRE vin apwofondi yon refleksyon sou tèm échanj kiltirèl, dyalòg ant kilti, rechèch eleman leksikal mezi kote moun kab jwenn sa pou anrichi pwòp patrimwán pa w. Istorikman, tradiksyon dotyen ekri majè, soti nan yon lang gran notoryete vin nan yon lòt k ap chèche wout li, souvan itil pou kore kèk avansman bò kote sa k pi fèb la. Se nan konsa Jeannot HILAIRE vin déside reyalize tradiksyon liv sáa ki gen gwo valè pou Ayiti, pa an franse, men an kreyòl-ayisyen. Li tap ba l pote tit <Ideyoloji ak reyalite nan literati ayisyèn”> {1981}. Yonlòt trouvay se tap : Dr Wolf Donner, <Haiti: Naturraumpotential und Entwicklung>... , epi ankò: Ulrich Fleischmann, <Das Französisch-Kreolische in der Karibik>... . Tap gen lòt ankò ...

Nan aktivite Jeannot Hilaire lekriti tap vin pran yon plas pa neglijab: dabò kòm tradiktè, ekriven kreyòl-ayisyen epi kòm anseyan, anfen kòm chèchè nan domèn lang. Sa tap mennen mche vin pibliye: Jeannot Hilaire, <Souvnans Kòy Nanwotè>. Se yon woman JH te vin ekri epi pibliye an 1986. <Foure’antre nan kreyòl dayiti {Introduction au créole-haïtien}>, <L’édifice créole en Haïti > epi <Lexicréole>. Mche tap sèvi tou nan ladiplomasi dayiti soti an 1991 pou vin nan 2004, nan kad reprezantasyon peyi a, dabò bòkot Nasyon Zini nan Jenèv {ONU / Genève}, answit bòkot Gouvènman Almay federal nan Bòn {Bonn}, apre sa bòkot Gouvènman Itali ansanmak Oganizasyon Nasyon Zini pou Nouriti ak Agrikilti nan Wòm {FAO / Roma}, anfen bò Jenèv {Genève} ankò.

Depi nan kòkay granmoun li, etan timoun k ap leve, JH te abitwe wè ekri ak enprime an kreyòl dayiti devan je l. Dèfwa papa l, nan tan lib li, te konn chita pran dokiman sa a yo l li awotvwa pou plezi pa l. Mche te jwenn kontak avèk ekri kreyòl. Sèlman fòmasyon'lentelèk nan lekòl primè JH te pou frekante a, nan kad lizay ledikasyon nasyonal, pat ann afè avèk kreyòl. Ann apre, wazinay ideyolojik JH avèk divès manm ayisyen nan klèje a, sitou Paul Déjean ak William Smarth, epi refòm ki tap vin fèt nan litiji ak kil legliz katolik la, ki louvri baryè bay lang ayisyen pran plas nan enstitisyon an: vwala kichòy ki te pou konte nan refleksyon li te kòmanse mennen sou dosye sáa. Epi, te rete pou l al chèche konnen mezi sa ki te pase nan mouvman kreyòl-ayisyen an avan pou moun te rive nan epòk kote moun ap viv la.

Justin Lhérisson, Félix Morisseau-Leroy epi Jean-Claude Martineau {Koralen} te pou pèmèt JH dekouvri kèk modèl estetik ki mitonnen nan soubasman lang nasyonal Peyi Dayiti a. Pami piblikasyon ki te fèt nan lang peyi a, gen de (2) non pou signale: Bon Nouvèl, ki dwe gen pase senkant an depi lap sikile, edisyon apre edisyon, nan kanpagn peyi a yo. Pou JH se yon moniman ki pou konte nan patrimwán kiltirèl Ayiti. Epi te gen Sèl, jounal ayisyen aletranje, ki te parèt kèk ane diran, nan dyasporá a, epi li disparèt. Refòm minis Bernard la nan Ledikasyon Nasyonal vè 1976 epi desizyon Paleman Dayiti an 1979 pou ofisylize yon sistem grafi bay lang nasyonal la: vwala de (2) etap enpòtan otanke ankouranjan.

Eleman sa a yo kab konte nan bakòp Jeannot Hilaire ak nan sansiblizasyon l jiska angaje tèt li nan yon mouvman li leve jwenn, men ki rive nan yon faz ki mande elaji lizay enstriman li reprezante a. Nesesite mande pou kreye sityasyon mete lang la, founi ekri oswa devlope tèminoloji langay toutkalite, pou li kab jwe wòl lang nasyonal li a san kite limit ideyolojik vin ba l baryè.

Lè mche vin deside ekri an kreyòl, li tap vin mezire jou apre jou nesesite yon fòmasyon alabaz. Se pat tèlman dèyè grafi a pwoblèm lan te ret maske, men nan chapant fraz yo, nan separasyon eleman fraz yo, nan entegrasyon konsèp ki pat abitwe sèvi nan langay bò lari, bò mache, nan tout aktivite bò andeyò nan plenn tankou nan mòn, nan kreyolize mo etranje san bay finès lang lan pote louk. Panse an kreyòl sou dotyen sijè ki pote mak abstraksyon soti difisil. Pa gen rezon pou moun di, w ap boule pou fè kreyòl dayiti vin antre nan domèn lekriti, si pou pa louvri pòt tout domèn lakonesans ba l antre.

Kreyòl dayiti se yon pòtchay kiltirèl pou pèp Ayisyen, yon zouti ki dwe sèvi bezwen primè, tankou ekzijans lafinès, lestetik, labstraksyon jisnan wo nivo. Kreyòl dayiti mande dyaloge tou ak lòt kilti, anpil lòt kilti. Se pa travay yonsèl moun, se travay yon pèp, yon aktivite pèmanan jenerasyon apre jenerasyon.

Zèv li yo[edite | modifier le wikitexte]

  • Sa li fè

Piblikasyon Jano Ilè {Jeannot HILAIRE}

  • 1981 Dtè Ulrich FLEISCHMANN, Ideyoloji ak reyalite nan literati ayisyèn {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1982 Dtè Wolf Donner, Ayiti : potansyèl natirèl e devolpman {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1983 Jeannot Hilaire : <Pwoblèm lengwistik PeyidAyiti: prestij yon lang jenn pou moun ranfòse> (nan Etudes créoles, 3-4? AUPELF) Montréal
  • 1985 Jeannot HILAIRE, <Souvnans Kòy Nanwotè {woman kreyòl-ayisyen}>
  • 1986 Wilhelm BUSCH, <TiMaks ak TiMoris> {tradiksyon soti nan alman pou vin nan kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1987 Prof-Dtè Ulrich FLEISCHMANN, <Kreyòl franse donnen nan Karayib la> {tradiksyon an kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1988 Jeannot HILAIRE, <Foure’antre nan kreyòl dayiti / Introduction au créole-haïtien>
  • 1990 Johanna Spyri, <Heidi >{tradiksyon an kreyòl dayiti dapre Jeannot Hilaire}
  • 1992 Jeannot HILAIRE, <L’édifice créole en Haïti> (nan twa volim) :
    • Vol. 1 (1992) : Soubassements amérindiens
    • Vol. 2 (1993) : Soubassements africains
    • Vol. 3 (1993) : Soubassements européens
    • 1993 <Le créole haïtien: nouveau statut et nouveaux rôles,> {contribution à Gérard BARTHELEMY et Christian GIRAULT (sous la direction de), <La République haïtienne. Etat des lieux et perspectives>. Paris : Adec-Karthala, 1993. Quelques données concernent notre période et permettent d'expliquer la situation du pays en 1993}.
  • 1996 Jeannot Hilaire : <Sprache ist Bewustsein> {nan < ILA - Haïti Info>, No.173 / mas 1994, Bonn}
  • 2001 Jeannot HILAIRE, <Lexicréole / Leksikreyòl>
  • 2003 Jeannot HILAIRE, <L’édifice créole en Haïti (twa volim ansyen yo vin fè yousèl)>
  • 2003 Jeannot HILAIRE: <Haiti: The Creole Heritage Today> {dans A Pepper-Pot of Cultures. Aspects of Creolization in the Caribbean. COLLIER, Gordon and Ulrich FLEISCHMANN (Eds.) Amsterdam/New York, NY, 2003, L, 550 pp. Hb: 978-90-420-0928-8 / 90-420-0928-4.
  • 2007 Jeannot HILAIRE, <Histoire en quarantaine, Haïti et son droit d’entrée au club des nations 1804 - 1863>.

... epi divès lòt ekri ki pa jwenn antre nan konsiderasyon pou lis sa.

Referans[edite | modifier le wikitexte]

  • Referans pou konnen plis sou moun sa a ----

Moun[edite | modifier le wikitexte]

Lyen[edite | modifier le wikitexte]

  • lyen pou ou kapab konnen plis