Zannimo

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche


Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiksyonè kreyòl

Zannimo se tout bagay ki pa plant. Tout sa ki ka deplase yo. Egzanp : zwazo yo, pwason yo, rèptil yo, ak ensèk yo se kèk zannimo.

Tradiksyon[modifye | modifye kòd]

Etimoloji[modifye | modifye kòd]

Mo zannimo a soti nan lang franse a (les animaux) ki soti nan yon mo laten (animal).

Klasifikasyon[modifye | modifye kòd]

Rèy ki gen òganis ki pi konplike se rèy animal la. Bèt yo distenge an kategori envètebre (san kolòn vètebral) envètebre (san kolòn vètebral) oswa en envètebre (ki gen kolòn vètebral).

Gen anpil evètebre nan gwoup filòm nan. Gwoup ki pi senp la se filòm porifera a. Poriferyen yo se eponj yo ye. Yo kranponnen sou wòch anba dlo yo epi se sou lanm lanmè ak kouran yo konte pou jwenn manje pou yo manje.

Gwoup filòm Knidaria a gen ladan bèt ki gen yon seri selil an pikan espesyal pou pèmèt yo trape jibye pou yo manje. Pami knidaryen yo nou jwenn koray yo, lagratèl yo ak anemòn yo. Pwason ki rele idr la se yon knidaryen dlo dous. Knidaryen yo sèvi ak tantakil pou rale manje mete andedan bouch yo.

Manm fanmi platèlment yo se kategori vè ki plat yo. Pami vè plat sa yo nou jwenn planari dlo dous yo ak vè parazit yo.

Vè won yo fè pati fanmi Nematòd yo. Vè won yo se bèt ki pi senp ki gen yon bouch ak yon twoudèyè ki pèmèt dijesyon fèt yon sèl fason.

Yon twazyèm fanmi vè se fanmi Anelid yo. Anelid ki pi popilè yo se vètè ak sansi.

Molis tankou zuit, kalmason ak pyèv fè pati fanmi molisk la. Malgre se pa tout molis ki gen koki, yo tout genyen kò mou.

Fanmi animal ki gen plis bèt ladan li se fanmi atwopod la. Pami yo ou jwenn ensèk, arenyen, ak woma.

Ekinodèm tankou zetwal lanmè ak koki lanmè fè pati fanmi Ekinodèm yo. Bèt sa yo gen simetri radyal epi yo viv sèlman nan dlo.

Vètebre yo[modifye | modifye kòd]

Bèt ki pi konplike yo fè pati fanmi Kòdat la. Vètebre divize an sèt klas. Klas sa yo se Anfibi, Avide, Reptil, Mamifè plis twa klas pwason. Gen nan klas sa yo ki gen san cho, gen ladan yo ki gen san frèt.

Anfibi yo se vètebre ki gen san frèt tou. Yo karakterize akoz yo plizyè etap diferan yo franchi nan lavi yo. Anfibi ki rive nan laj granmoun yo tankou krapo, teta ak salamand pase yon pati nan tan yo deyò dlo epi yo sèvi ak poumon pou respire.

Pami reptil yo nou jwenn tòti, kwokodiy ak koulèv. Po yo kòryas ak sèk. Ti reptil yo devlope konplètman pandanstan yo andedan ze yo.

Klas avide yo gen ladan tout zwazo. Zwazo yo se bèt ki gen san cho, plimay, ak zèl pou vole. Eskèlèt zwazo yo lejè.

Dènye klas vètebre yo se mamifè. Mamifè yo gen san cho epi se yo ki pi konplike ak pi entèlijan. Moun ak bèt fè pati mamifè ki viv sou tè a. Mamifè ou jwenn nan lanmè se balèn, fòk ak vach lanmè ki rele manati. Mamifè yo bay pitit tete. Yo fabrike lèt yo apati gland mamal yo tout genyen. Sèvèl ak sistèm nè.[1]

Galri imaj yo[modifye | modifye kòd]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2004-06-25. Retrieved 2009-09-07.