Resous moun yo bay

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Rich ak Pòv: sa pa gen twò lontan depi yon rapò fè konnen, lè yo mete tout byen uit moun ki pi rich nan mond lan ansanm, yo wè yo egal ak sa mwatye moun ki pòv nan mond lan posede[1]. Nan rapò sa a, yo fè konnen tou sitiyasyon sa a pa jis paske ti kantite moun ki pi rich yo ap vin pi rich, tandiske sa ki pòv yo ap vin pi pòv. Gen moun ki pè pou sa pa vin lakòz moun revòlte.

Sekirite nou menase[modifye | modifye kòd]

"Jenerasyon sa a depase nenpòt lòt jenerasyon nan kesyon teknoloji, lasyans ak nan kesyon lajan. Epoutan, li pwobab pou se premye jenerasyon ki sou wout pou l mennen mond lan nan yon katastwòf [nan domèn politik ak ekonomi e ki sou wout tou pou l detwi anviwònman an]" [2]

Anviwònman an an danje[modifye | modifye kòd]

Gen yon rapò ki fè konnen[3]:"Dives kalite plant ak bèt ap disparèt nan yon batje. Yon lòt malè ki pandye se a ak lanmè a k ap vin pi sal chak jou, sa ki reprezante yon danje pou sante tout moun." Menm rapò sa a fè konnen " nan kèk peyi, kantite ensèk yo ap diminye pa pakèt. Etandone, se ensèk yo ki lage polenn nan plant yo, syantifik yo avèti moun yo si sa kontinye konsa, rive ton lè anviwònman an ap detwi net.". Menm koray yo ki nan lanmè a an danje toi. Selon etid syantifik yo fè, pandan 30 âne ki pase yo, anviwon mwatye koray ki nan mond lan deja fin detwi.

  1. Oxfam International
  2. -The Global Risks Report 2018, World Economic Forum.
  3. (The Global Risks Report 2018)