PID

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

PID (Maladi Enflamatwa Nan Matris) se yon enfeksyon ke fanm genyen nan vwa jenital ki koze pa bakteri (pli komen Klamidya trakomatis oswa Neiserya gonore) ki monte depi kòl matris la oswa vajen pou rantre nan ògann repwodiktiv yo. Bakteri lòt koze PID.[1][2][3]

Kôz[modifye | modifye kòd]

PID
Neisseria gonorrhoeae

Bakteri ka vwayaje moute nan ògàn yo repwodiktif ak fon nan kò a.[4]

Fanm reproduction organes ki afekte[modifye | modifye kòd]

  • vant manman
  • manman vant
  • ti tiyo
  • kòl matris
  • ovaires[5]

Siy ak Sentòm[modifye | modifye kòd]

PID sentòm nan fanm ale de piti-pitit jiska trè sevè (ki mete yo lopital).

Siy yo enkli:

  • Likid vajinal ki Abnomal
  • Sansasyon brili lè w ap fè pipi
  • Doulè anba tivant
  • Doulè Rèl do
  • Noze ak/oswa lafyèv
  • Doulè pandan w ap fè sèks
  • Senyen nan ant peryòd règ mansyèl[5][6]

Pafwa fi a pa santi yo malad.[6]

Transmèt[modifye | modifye kòd]

Anpil bakteri komen tankou Klamidya , gonore monte depi kòl matris la oswa vajen pou rantre nan ògann repwodiktiv yo.

Konplikasyon / Konsekans yo[modifye | modifye kòd]

Si enfeksyon PID an rete san trete ka lakòz pou :

  • Andomaje ògann repwodiktiv yo sa enkli tib falopyan yo ak tisi ki nan oswa tou pre matris ak ovè an.
  • Esterilite
  • Gwosès deyò iteris (nan tib)
  • Fòmasyon absè
  • Doulè Kwonik nan matris

Si maladi sa a pa trete li ka sispann yon fanm ki soti nan fè pitit. Li ka touye pitit ki poko fèt epi li ka trè douloure.[5]

Tretman[modifye | modifye kòd]

Tretman dwe enkli medikaman (antibyotik) ke yo doktè preskri e ke ou pran konplètman.

Prevansyon[modifye | modifye kòd]

  • Abstinans sou kontak seksyèl
  • Tretman bonè pou STD (Maladi Transmèt Seksyèlman MTS)
  • Itilize kapòt (kondom) tout tan, epi korèkteman nan yon fason apwoprye lè w ap fè sèks nan vajen, nan dèyè, oswa sèks sousad sou pijon
  • Evite kontak seksyèl avèk yon Patnè jiskaske tretman finn konplete
  • Tretman apwoprye pou patnè an

Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon[modifye | modifye kòd]

  • Sispann kontak seksyèl si siy yo oswa sentòm yo retounen
  • Fè tès sondaj pandan gwosès
  • Sondaj chak ane pou tout fanm ki aktif seksyèlman ki aje de 25 ane oswa mens
  • Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte [7]

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. Ljubin-Sternak, Suncanica; Mestrovic, Tomislav (2014). « Review: Clamydia trachonmatis and Genital Mycoplasmias: Pathogens with an Impact on Human Reproductive Health ». Journal of Pathogens 2014 (183167). PMC 4295611. doi:10.1155/204/183167. 
  2. Clark, Natalie; Tal, Reshef; Sharma, Harsha; Segars, James (2014). « Microbiota and Pelvic Inflammatory Disease ». Seminars in Reproductive Medicine 32 (01): 043–049. ISSN 1526-8004. doi:10.1055/s-0033-1361822. 
  3. Lis, R.; Rowhani-Rahbar, A.; Manhart, L. E. (2015). « Mycoplasma genitalium Infection and Female Reproductive Tract Disease: A Meta-Analysis ». Clinical Infectious Diseases. ISSN 1058-4838. PMID 25900174. doi:10.1093/cid/civ312. 
  4. Sharma, Harsha; Reshef, Tal; Clark, Natalie A.; Segars, James H. (janvye 2014). « Microbiota and Pelvic Inflammatory Disease ». Semin. Reprod Med 32 (1). doi:10.1055/s-0033-1361822. 
  5. 5,0 5,1 et 5,2 Mitchell, C; Prabhu, M (desanm 2013). « Pelvic inflammatory disease: current concepts in pathogenesis, diagnosis and treatment. ». Infectious disease clinics of North America 27 (4): 793–809. PMID 24275271. 
  6. 6,0 et 6,1 « Pelvic Inflammatory Disease (PID) Clinical Manifestations and Sequelae ». cdc.gov. oktòb 2014. Archived from the original on 2015-02-22. Retrieved 16 jen 2015. 
  7. « Kopi achiv » (PDF). Archived from the original (PDF) on 2007-02-21. Retrieved 2009-09-07.