Konstelasyon

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Aller à la navigation Aller à la recherche

Yon konstelasyon se yon gwoup zetwa ki pwòch sou esfè selès la, ki prezante yon figi konvansyonèl yo bay yon non espesyal. Li se tou yon « zòn nan syèl la ki konvansyonèlman delimite ki gen ladann gwoup zetwal sa yo ».[1]

Anpil kilti te imajine fòm ki relye kèk zetwal pa liy imajinè. Yo te asosye ak mit. Konstelasyon sa yo te pèmèt moun repere bagay ki nan syèl yo, sou Latè e menm oryante moun ki tap vwayaje sou lanmè.

Yon konstelasyon jeneralman pi konplike ke yon asteris ki ka reprezante yon pati sèlman nan yon konstelasyon oswa fè pati plizyè konstelasyon.[2],[3]

Zetwal konstelasyon yo parèt gwoupe nan syèl leswa men, an reyalite, yo jeneralman trè lwen youn lòt.

yon vwayaj imajinè

nan konstelasyon Oryon (nan animasyon sa a distans yo te respekte[4]).

Sof si gen lòt endikasyon, isit la, tèm konstelasyon an fè referans ak konstelasyon modèn yo. Aktyèlman, Inyon Astwonomik Entènasyonal (UAI) divize syèl la an 88 konstelasyon avèk limit yo presi, pou tout ti kwen nan syèl la fè pati yon konstelasyon.[5] 88 konstelasyon sa yo repati an 2 gwoup, 44 pou chak emisfè terès, nò (boreyal) ak sid (ostral). Konstelasyon boreyal yo pi ansyen e yo makonnen ak sivilizasyon mezopotamyèn mediteraneyèn. Se Grèk yo ak Women yo ki transmèt nou yo. Se astwonòm oksidan yo ki te bay konstelasyon ostral yo non nan XVIIyèm syèk la.

Referans[modifye | modifye kòd]

  1. (franse) fr Larousse, ed. (2007). Le petit Larousse illustré. Pari. p. 1811. ISBN 978-2-03-582502-5. 
  2. The StarChild Team (me 1999). NASA, ed. « StarChild Question of the Month for May 1999 ». starchild.gsfc.nasa.gov. 
  3. (angle) en Jean Tate (4 desanm 2009). « Asterism ». universetoday.com. 
  4. gade imaj sa a [1].
  5. (angle) en Union astronomique internationale (ed.). « The Constellations ». iau.org. Retrieved 4 septanm 2014. 

Lyen deyò[modifye | modifye kòd]