Jipitè (planèt)

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Jipitè se senkyèm planèt nan sistèm solè a. Dyamèt li gwo pase onz fwa dyamèt Latè a. Volim li gwo pase 1 317 fwa volim Latè a. Men Jipitè mwen dans pase Latè a. Paske òbit li 5,2 fois pi gwo pase òbit Latè a, yon lane sou Jipitè dire 11,86 an. Li tounen sou laks li toule dizè, se longè jou a pi kou nan sistèm solè a.

Li se yon planèt kouvri nan gaz (majorite se idwojèn) e li se planèt pi gwo nan sistèm solè a. Jipitè genyen yon gran tach wouj. Se yon tanpèt antisiklonik pèmanan ki gwo pase de ou twa dyamèt Latè a.

Jipitè genyen kat gwo lalin e plizyè ti lalin. Jodi a nou konnen 63 lalin nan sistèm jovyen. Galile se te astwonòm ki dekouvri an 1610 kat gwo lalin yo lè li gade nan teleskòp li. Jipitè genyen plizyè zanno konpoze nan pousyè. Jipitè genyen yon chan manyetik katòz fwa pi pisan pase chan manyetik Latè a.

Plizyè sonn te vizite planèt la. Pi enpòtan an se "Pioneer 10" an 1973, "Pioneer 11" an 1974, epi "Voyager 1" e "Voyager 2" an 1979. Sonn "Galileo" a se sèl ki rete nan yon òbit otou Jipitè; li rive an 1995.

Nòmalman li se katriyèm obje pi briyan nan syèl lannuit apre solèy la, lalin, epi Venis. Pafwa, planèt Mas la pi briyan pase Jipitè.

Planèt la pote non bondye a nan mitoloji women. Senbòl li se zeklè bondye a. Planèt la ban nou non pou jou "jedi" a.