Achitekti

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

Achitekti se yon la ki pèmèt moun bati kay.

Achitekti se disiplin ki pèmèt nou melanje ide atistik yo ak lwa geni sivil yo nan konstwiksyon strikti fizikal tankou kay, pon, moniman ak mize.

Se yon disiplin ki gen yon pakèt prestij, e ki baze sou konpreansyon matematik ak aplikasyon system sibenetik tankou pwogram odinate. Pafwa, yon achitek oblije kreye yon similasyon pwoje-a avan li pwosede ak konkretizasyon pwoje-a paske pafwa sa nou imanjine ki kapab ekziste nan mond fizik la ka vyole lwa fizik, tankou gravite.

Yon achitek se yon moun ki dwe toujou ap marye lwa estatik (kreyativite li) ak konsep e lwa natirel yo. Setadi, pou yon achitek, kreyativite li limite pa lwa natirel. Kote yon atis ka pentire kelkeswa imaj ki vin nan tet li, yon achitek dwe fe imajinasyon li konpatib ak lwa natirel yo tankou gravite, tansyon, ak konpozisyon fizik ak chimik materyel lap itilize nan konstriksyon kelkeswa konsepsyon striktirel li ta renmen konkretize a. Albert Mangones se yon gran achitek Ayisyen ki te kite anpil konstriksyon enpòtan nan ventyèm syèk la. Li te konstwi edifis biwo kontribisyon an sou Chann Mas, Plas Mawon Enkoni a. Li te patisipe nan mouvman pou restorasyon moniman istorik Ayisyen yo tankou Sitadel la.

Definisyon[edite | modifier le wikitexte]