Èpès senpleks

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Ale nan: Navigasyon, Fouye

thumb|right|200px|VÈS-2 enfeksyon VÈS (Viris Èpès Senpleks) se yon enfeksyon koze pa tip 1 (VÈS-1) ak tip 2 (VÈS-2) pli komen nan ilsè jenital. Jeneralman, enfeksyon èpès jenital koze pa VÈS-2.

Siy ak Sentòm[edite | modifier le wikitexte]

Nan enfeksyon primè epi ki retounen tout tan, la pli pa de moun asentomatik (san sentòm) oswa montre siy piti oswa sentòm. Si ou gen sentòm, premye plè yo parèt nan lespas de 2 semèn apre ke viris la te transmèt.

Sentòm nan fanm enkli[edite | modifier le wikitexte]

  • Pèt vajinal
  • Gratèl
  • Iritasyon nan anis (twou dèyè)
  • Ti blesi tout otou zòn jenital oswa dèyè
  • Enfeksyon nan bouch oswa sou lèv

“ti blesi lafyèv”

  • Sentòm tankou grip (fyèv ak glann

anfle)

Sentòm nan gason enkli[edite | modifier le wikitexte]

  • Pèt nan pijon
  • Doulè oswa difikilte pou pipi
  • Tèt pijon an anfle oswa douloure
  • Iritasyon nan anis (twou dèyè)
  • Ti blesi tout otou zòn jenital oswa dèyè
  • Enfeksyon nan bouch oswa sou lèv

“ti blesi lafyèv”

  • Sentòm tankou grip (fyèv ak glann anfle)

Transmèt[edite | modifier le wikitexte]

Enfeksyon viris Èpès Senpleks yo transmèt pa:

  • Transfè saliv (krache)
  • Sèks Vajinal, nan dèyè, oswa sèks

sousad (VÈS-2)

  • Kontak oral-jenital, oral-anal, ak anal-jenital
  • Manman ki enfektè pase sa bay tibebe pandan

y ap akouche pa vajen

Complikasyon/Konsekans yo[edite | modifier le wikitexte]

Si enfeksyon HSV an rete san trete ka lakòz pou:

  • Blesi ki doulè nan jenital ki Retounen tout tan
  • Ogmantasyon risk pou trape enfeksyon VIH
  • Ogmantasyon nan efektivite nan moun ki enfektè

an VIH Si enfeksyon VÈS lan rete san trete, pandan gwosèka lakòz pou:

  • Enfeksyon fatal nan tibebe ki fenk fèt

Tretman[edite | modifier le wikitexte]

Pa genyen tretman pou èpès, men medikaman antiviral fè blesi yo ale pli vit. Tretman dwe enkli medikaman ke yon doktè preskri. Souvan yo itilize, Asiklovir, Famisiklovir, Valasiklovir avan epi pu lòt epizòd yo tou pou kòm terapi pou redwi yo.

Prevansyon[edite | modifier le wikitexte]

  • Abstinans sou kontak seksyèl
  • Kapòt letèks ka pa redwi risk pou èpès jenital si kote ki enfektè an pa kouvri
  • Evite kontak seksyèl avèk yon patnè ki enfekte

Rekòmandasyon pou anpeche pwopagasyon enfeksyon[edite | modifier le wikitexte]

  • Sispann kontak seksyèl si siy yo oswa ou genyen

sentòm

  • Fè tès sondaj pandan gwosès
  • Notifye tout dènye sèks patnè yo si ou enfekte [1]

Referans[edite | modifier le wikitexte]